Print Page Options Listen to Reading
Previous Prev Day Next DayNext

The Daily Audio Bible

This reading plan is provided by Brian Hardin from Daily Audio Bible.
Duration: 731 days

Today's audio is from the GW. Switch to the GW to read along with the audio.

Haitian Creole Version (HCV)
Version
2 Istwa 32:1-33:13

32 ¶ Apre Ezekyas te fin fè tout bagay sa yo pou moutre jan li t'ap sèvi Bondye ak tout kè li, Senakerib, wa peyi Lasiri, anvayi peyi Jida. Li sènen tout lavil ak gwo ranpa yo avèk lide pou l' pran yo.

Lè Ezekyas wè Senakerib t'ap pwoche bò lavil Jerizalèm ak lide pou l' atake l' tou,

li reyini tout otorite ak chèf lame l' yo, li di yo li fè lide bouche tout sous dlo ki andeyò lavil la. Yo tout dakò.

Yon foul moun reyini vre, yo bouche tout sous dlo yo ansanm ak kannal anba tè ki te konn mennen dlo a byen lwen nan peyi a. Yo t'ap di yo p'ap kite wa peyi Lasiri yo jwenn anpil dlo lè y'a rive isit la.

Ezekyas mete gason sou li. Li fè repare tout miray lavil la, li bati fò won sou li ak yon lòt miray sou deyò. Li ranfòse ranpa ki pwoteje teren ranbleye ki bay sou solèy leve lavil David la. Li fè fè anpil frenn ak manch long ak anpil plak pwotèj.

Li mete chèf lame alatèt pèp la, li reyini yo sou plas piblik ki bò pòtay lavil la. Li ankouraje yo, li di yo:

-Mete gason sou nou! Kenbe fèm! Pa kite anyen fè nou pè, ni devan wa peyi Lasiri a, ni devan gwo lame k'ap mache avè l' la, paske nou gen plis fòs avèk nou pase li menm li gen avè l'.

Li menm, li konte sou fòs sòlda li yo. Nou menm, nou gen Seyè a, Bondye sèl Mèt la, pou ede nou, pou goumen pou nou. Lè pèp la tande pawòl sa yo soti nan bouch Ezekyas, wa peyi Jida a, yo tout pran kouraj.

¶ Kèk tan apre sa, Senakerib, wa peyi Lasiri a, te rive devan lavil lakis ansanm ak tout lame li a pou l' atake l'. Li voye kèk chèf bò kote Ezekyas, wa peyi Jida a ak bò kote tout pèp ki te lavil Jerizalèm lan avèk mesaj sa a:

10 -Men sa Senakerib, wa peyi Lasiri a, voye di nou: Poukisa nou gen tout konfyans sa a, kifè nou rete nan lavil Jerizalèm ki sènen toupatou a?

11 Lè Ezekyas di nou Seyè a, Bondye nou an, va delivre nou anba men wa peyi Lasiri a, se twonpe l'ap twonpe nou. Li pral kite nou mouri grangou ak swaf dlo.

12 Apa Ezekyas menm ki te disparèt dènye lotèl ak dènye kote yo te konn fè sèvis pou Seyè a, lèfini ki te di tout moun peyi Jida ak lavil Jerizalèm yo se devan yon sèl lotèl pou yo fè sèvis, pou yo boule lansan?

13 Se konnen nou pa konnen sa zansèt mwen yo ansanm avè m' nou te fè pèp lòt nasyon yo? Eske bondye nasyon sa yo te rive delivre yo anba men mwen?

14 Pa gen yonn nan bondye lòt nasyon zansèt mwen yo te detwi yo ki te rive delivre yo anba men mwen. Poukisa atò nou vle kwè Bondye nou an ka delivre nou anba men m'?

15 Se poutèt sa, pa kite Ezekyas ban nou manti, pa kite li pete nou! Nou pa bezwen kwè l'! Pa gen bondye ankenn gouvènman, ni bondye ankenn nasyon ki te ka delivre yon peyi anba men zansèt mwen yo, ni anba men pa m'! Ale wè pou Bondye nou an ta ka delivre nou anba men mwen!

16 Chèf lame Lasiri yo te pale pi mal toujou sou Bondye pèp Izrayèl la, Seyè a, ak sou Ezekyas, sèvitè l' la.

17 Senakerib te ekri yon lèt kote li te joure Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Li te di ladan l': Bondye lòt nasyon ki sou latè yo pa t' ka delivre pèp yo anba men m'. Se pa Bondye Ezekyas la ki va delivre pèp la anba men m'!

18 Mesaje wa Lasiri yo t'ap pale byen fò nan lang ebre pou tout moun ki te sou miray lavil Jerizalèm yo te ka tande. Yo t'ap fè yo pè, yo t'ap fè yo pèdi kouraj pou yo te ka pran lavil la fasil.

19 Yo t'ap pale sou Bondye lavil Jerizalèm lan tankou yo te konn pale sou bondye lòt nasyon yo ki yon bann estati moun fè ak men.

20 Lè sa a, wa Ezekyas ak pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, pran lapriyè, yo t'ap mande Bondye sekou.

21 Seyè a voye yon zanj nan kan moun peyi Lasiri yo, li touye tout vanyan sòlda yo ansanm ak kaptenn ak chèf lame yo. Se konsa wa peyi Lasiri a tounen tou wont nan peyi l'. Yon jou li te antre nan tanp bondye li a, pwòp pitit li yo touye l' ak kout nepe.

22 Se konsa Seyè a te delivre Ezekyas ak tout moun lavil Jerizalèm yo anba men Senakerib, wa peyi Lasiri a, ak anba lòt lènmi yo. Li fè yo viv san bri san kont ak tout peyi nan vwazinaj yo.

23 Anpil moun vini lavil Jerizalèm pote ofrann pou Seyè a ak kado pou Ezekyas, wa peyi Jida a. Depi lè sa a tout lòt nasyon nan vwazinaj yo respekte Ezekyas.

24 ¶ Yon lè rive, Ezekyas tonbe malad, li te prèt pou mouri. Li lapriyè Seyè a. Seyè a reponn li, li fè l' wè yon mirak.

25 Men, Ezekyas kite lògèy vire tèt li, li refize di mèsi pou sa Seyè a te fè pou li. Se konsa, Seyè a move ni sou li, ni sou peyi Jida, ni sou lavil Jerizalèm.

26 Tansèlman, Ezekyas ansanm ak moun lavil Jerizalèm yo rekonèt fòt yo apre sa. Depi lè sa a, Seyè a pa move sou yo ankò jouk jou Ezekyas mouri.

27 Ezekyas te gen anpil richès, tout moun te respekte l'. Li fè bati depo pou mete tout bagay an ajan, an lò li te genyen, bèl pyè koute chè, epis santi bon, plak pwotèj ak tout lòt bagay koute chè l' yo.

28 Li fè bati tou depo pou mete grenn manje, diven ak lwil oliv, kay pou tout bèt li yo ak pak pou mouton l' yo.

29 Li fè bati kèk vil, li achte kantite mouton, kabrit ak bèf, paske Bondye te ba li anpil richès.

30 Se wa Ezekyas ki te bouche kote dlo sous Giyon an te konn soti sou anwo a pou fè l' pase sou anba bò solèy kouche lavil David la. Tou sa li te vle fè te mache byen.

31 Se konsa, lè wa Babilòn yo te voye delege bò kote l' pou wè kalite mirak ki te fèt nan peyi a, Bondye te kite l' pou kont li pou sonde l', pou l' te ka konnen sa ki te nan kè li.

32 Tout lòt bagay wa Ezekyas te fè yo, jan li te sevi Bondye nan tou sa li t'ap fè, tou sa ekri nan liv Vizyon pwofèt Ezayi, pitit Amòz la, ak nan liv Istwa wa peyi Jida ak wa peyi Izrayèl yo.

33 Lè Ezekyas mouri, yo antere l' nan yon chanm anwo nan kavo fanmi David yo. Lè l' mouri, tout moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo fè bèl lantèman pou li. Se Manase, pitit li, ki moute wa nan plas li.

33 ¶ Manase te gen douzan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan senkannsenkan.

Li fè sa ki mal devan Seyè a, dapre vye prensip krimenèl lòt nasyon Seyè a te mete deyò pou fè plas pou moun pèp Izrayèl yo.

Li rebati tanp bondye lòt nasyon Ezekyas, papa l', te fè kraze yo. Li bati lotèl pou Baal, li fè yon estati Achera. Lèfini, li adore dènye zetwal ki nan syèl la, li fè sèvis pou yo.

Li menm rive bati lotèl pou zidòl nan Tanp Seyè a menm, kote Seyè a te di se la l'ap rete nan lavil Jerizalèm pou toutan.

Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la.

Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò.

Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Seyè a, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.

Depi moun pèp Izrayèl yo viv jan mwen mande yo viv la, si yo fè tou sa ki nan lalwa Moyiz, sèvitè m' lan, te ba yo a, mwen p'ap mete yo deyò nan peyi mwen te vle bay zansèt yo a.

Men, Manase te lakòz pèp Jida a ak moun lavil Jerizalèm yo pèdi tèt yo, yo fè pi mal pase nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo.

10 Seyè a te pale ak Manase ansanm ak pèp li a, men yo derefize koute l'.

11 ¶ Lè sa a, Seyè a voye chèf lame wa peyi Lasiri a vin atake yo. Yo mete men sou Manase, yo pase kwòk nan machwè li, yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv, yo mennen l' lavil Babilòn.

12 Manase te nan gwo lafliksyon, li rele Seyè a, Bondye li a, li rekonèt tout fòt li yo devan Seyè a, Bondye zansèt li yo.

13 Li lapriyè Bondye, Bondye tande lapriyè l' la, li ba li sa l' te mande a. Li fè l' tounen lavil Jerizalèm pou li al pran plas li ankò. Se konsa Manase vin konprann se Seyè a ki Bondye vre.

Ròm 15:23-16:9

23 Men, koulye a, mwen pa gen anyen ki kenbe m' nan peyi sa yo ankò. Depi lontan mwen fè lide ale wè nou.

24 Mwen ta renmen fè sa lè mapral an Espay lan. Wi, mwen gen espwa pase wè nou pou nou kapab ede m' ale nan peyi sa a, apre m'a fin pase kèk bon moman nan mitan nou.

25 Men, koulye a, mwen pral Jerizalèm pou m' ka rann moun k'ap viv apa pou Bondye yo yon sèvis.

26 Legliz ki nan peyi Masedwan ak nan peyi Lakayi yo te pran sou yo pou yo te fè yon ofrann pou ede pòv ki nan pèp Bondye a lavil Jerizalèm.

27 Se yo menm menm ki te fè lide sa a. Men, pou di vre, yo te dwe pòv yo sa. Paske, menm jan jwif yo te separe benediksyon ki soti nan Lespri Bondye a avèk moun ki pa t' jwif yo, konsa tou, moun ki pa jwif yo gen pou devwa pou rann yo sèvis avèk byen latè yo.

28 Lè m'a fini avèk zafè sa a, le m'a renmèt tout lajan yo te ranmase a nan men, lè sa a m'a pati pou Espay, m'a pase wè nou sou wout.

29 Mwen konnen le m'a rive wè nou an, se avèk tout benediksyon Kris la m'a rive.

30 ¶ Men sa m' mande nou, frè m' yo: nan non Jezikri, Seyè nou an, nan non renmen Lespri a ban nou, tanpri, pa lage m' nan batay la pou kont mwen, lapriyè Bondye pou mwen.

31 Lapriyè pou m' ka delivre anba moun Jide yo ki pa vle kwè. Lapriyè tou pou moun k'ap viv apa pou Bondye nan lavil Jerizalèm, pou yo ka byen resevwa lajan m'ap pote ba yo a.

32 Konsa, si Bondye vle, m'a rive lakay nou ak kè kontan, epi m'a pran yon ti repo nan mitan nou.

33 Se pou Bondye ki bay kè poze a avèk nou tout. Amèn.

16 ¶ Mwen rekòmande nou Febe, yon sè k'ap sèvi nan legliz Sankre a.

Resevwa li nan non Seyè a, jan moun k'ap viv apa pou Bondye yo dwe fè l' yonn pou lòt. Ede l' nan tou sa li ka bezwen, paske li menm li deja ede anpil moun lèfini li te ede m' anpil tou.

Di Priska ak Akilas bonjou pou mwen. Yo t'ap travay avè m' nan sèvis Jezikri a.

Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou.

Di legliz ki sanble lakay yo a bonjou tou. Di Epayenèt, bon bon zanmi mwen an, bonjou. Se li menm premye moun ki te mete konfyans li nan Kris la nan peyi Lazi.

Di Mari ki te bay kò l' anpil traka pou nou an bonjou.

Di Andwonikis ak Jenyas, fanmi m' yo ki te al nan prizon ansanm avè m' yo, bonjou. Apòt yo konsidere yo anpil, yo te patizan Kris la anvan mwen.

Di Anplyatis, bon zanmi m' nan menm Seyè a, bonjou.

Di Iben, kanmarad travay mwen nan sèvis Kris la, bonjou ansanm ak Estakis, bon zanmi mwen an.

Sòm 25:16-22

16 Seyè, vire je ou bò kote m'. Gen pitye pou mwen, paske mwen pou kont mwen, mwen san fòs.

17 Pa kite m' ak kè sere sa a. Wete m' nan tray m'ap pase a.

18 Gade nan ki mizè mwen ye! Gade jan m'ap soufri! Padonnen tout peche m' yo.

19 Gade tout kantite lènmi mwen genyen! Gade jan yo rayi m', jan y'ap pousib mwen.

20 Pwoteje m' non! Delivre m' non! Piga ou fè m' wont, paske se bò kote ou m'ap chache pwoteksyon, se anba zèl ou mwen vin kache.

21 Fè m' viv yon jan ki san repwòch. Fè m' mache dwat pou ou ka pwoteje m', paske tout espwa mwen se nan ou li ye.

22 O Bondye, delivre pèp Izrayèl la anba tray l'ap pase yo.

Pwovèb 20:16-18

16 ¶ Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.

17 ¶ Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l'. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.

18 ¶ Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w'ap fè.