Chronological
27 ¶ Nan granmaten, tout chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi k'ap dirije pèp la, yo mete tèt yo ansanm sou do Jezi. Yo pran desizyon pou fè touye li.
2 Apre yo fin mare l', yo mennen l' ale, yo renmèt li bay Pons Pilat, gouvènè peyi a.
3 Jida menm, nonm ki te trayi Jezi a, lè l' wè yo te kondannen Jezi, remò pran l', li pote trant pyès lajan yo tounen bay chèf prèt yo ansanm ak chèf fanmi yo. Li di konsa:
4 Sa m' fè a mal. Se yon inonsan mwen lage nan men nou. Yo reponn li: Ki mele nou sa? Sa se zafè pa ou.
5 Jida jete pyès lajan yo nan tanp lan, li soti, li ale pann tèt li.
6 Chèf prèt yo ranmase lajan an, yo di konsa: Sa se lajan san. Lalwa nou pa pèmèt nou mete lajan konsa nan kès tanp lan.
7 Apre sa, yo tonbe dakò pou yo achte yon jaden nan men yon nonm ki te konn fè krich. Yo pran tè a sèvi simityè pou etranje ki mouri nan peyi a.
8 Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele jaden sa a: Jaden san.
9 Se konsa pawòl pwofèt Jeremi te di a rive vre: Yo pran trant pyès lajan yo. Se pri sa a moun ras Izrayèl yo te dakò peye pou li.
10 Ak lajan an, yo achte jaden nonm ki konn fè krich la, dapre lòd Bondye te ban mwen an.
11 ¶ Jezi parèt devan gouvènè a. Gouvènè a keksyonnen l', li mande li: Ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: Se ou ki di li.
12 Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pa t' reponn anyen.
13 Pilat di li: Ou pa tande tout plent yo depoze sou do ou?
14 Men Jezi pa ba l' repons sou anyen. Sa te fè Pilat sezi anpil.
15 Pou chak fèt Delivrans gouvènè a te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.
16 Lè sa a, te gen yon prizonye yo te rele Jezi Barabas. Tout moun te konnen ki moun li ye.
17 Lè Pilat wè pèp la sanble deyò a, li di yo: Kilès nou vle m' lage ban nou: Jezi Barabas osinon Jezi yo rele Kris la?
18 Pilat te byen konnen se jalouzi ki te fè yo mennen Jezi ba li.
19 Antan Pilat te chita sou fotèy jij li nan tribinal la, madanm li voye di li: Nonm sa a inonsan tande. Pa mele nan zafè sa a. Paske yèswa, mwen soufri anpil poutèt li nan dòmi.
20 Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas ba yo, pou l' fè touye Jezi.
21 Gouvènè a pran lapawòl, li di yo: Kilès nan de a nou vle m' lage ban nou? Yo reponn: Barabas.
22 Pilat mande yo: Bon. Kisa pou m' fè ak Jezi yo rele Kris la? Yo tout reponn: Kloure l' sou yon kwa!
23 Pilat di yo: Ki movezak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: Kloure l' sou yon kwa!
24 Lè Pilat wè li pa t' kapab fè anyen ankò, paske pèp la te soti pou l' te fè plis dezòd toujou, li pran dlo, li lave men l' devan tout foul moun yo. Li di yo: Mwen menm, mwen pa reskonsab lanmò nonm sa a. Sa, se sou kont nou li ye.
25 Tout pèp la reponn: Se pou reskonsablite lanmò l' tonbe sou nou ak sou tout pitit nou yo.
26 ¶ Apre sa, Pilat lage Barabas ba yo. Li fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt yo li pou y al kloure l' sou yon kwa.
27 Sòlda Pilat yo mennen Jezi nan kay gouvènè a. Yo sanble tout batayon sòlda yo fè wonn li.
28 Yo dezabiye l', yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou li.
29 Yo trese yon kouwòn pikan mete nan tèt li, yo ba l' yon ti bwa wozo kenbe nan men dwat li. Apre sa, yo mete ajenou devan l', yo pran pase l' nan betiz. Yo di li: Bonjou, wa jwif yo!
30 Yo krache sou li, yo pran wozo a, yo ba l' kou nan tèt.
31 Apre yo fin pase l' anba kont betiz yo, yo wete gwo rad la, yo mete rad pa l' sou li ankò. Epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
32 Lè yo soti, yo kontre yon nonm peyi Sirèn ki te rele Simon. Yo fòse msye pote kwa Jezi a.
33 ¶ Lè yo rive kote ki rele Gòlgota a (ki vle di: Plas zo bwa tèt la)
34 yo bay Jezi bwè diven mele ak fyèl. Men, lè l' goute l', li pa t' vle bwè li.
35 Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo tire osò pou separe rad li yo.
36 Apre sa, yo chita ap veye li.
37 Yo mete yon ti pankat anlè tèt li pou fè konnen kòz ki fè yo te kondannen l' la.
38 Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa an menm tan avè l', yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch.
39 Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li.
40 Yo t'ap di: Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l' nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a!
41 Konsa tou, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo t'ap pase l' nan rizib. Yo t'ap di:
42 Gade! Li sove lòt moun, li pa kapab sove tèt pa li. Si l' se wa pèp Izrayèl la, se pou l' desann sou kwa a koulye a. Lè sa a, n'a kwè nan li.
43 Li te mete konfyans li nan Bondye, li te di se pitit Bondye li ye. Ann wè koulye a si Bondye va vin delivre li.
44 Ata ansasen ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' menm jan an tou.
45 Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè apre midi.
46 Vè twazè, Jezi rele byen fò, li di: Eli, Eli lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)
47 Nan moun ki te la yo genyen ki tande l' pale. Yo di: Men l'ap rele Eli.
48 Lamenm, yonn nan yo kouri al pran yon eponj, li tranpe l' nan venèg, li mete l' nan pwent yon gòl wozo, li lonje l' bò bouch Jezi ba l' bwè.
49 Men, lòt moun yo di: Tann non, monchè. Ann wè si Eli ap vin delivre li.
50 ¶ Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri.
51 Menm lè a, rido ki te nan tanp lan chire an de moso, depi anwo jouk anba. Tè a tranble. Wòch yo fann.
52 Tonm mò yo louvri, kò anpil moun pèp Bondye a ki te mouri leve vivan ankò, yo soti nan tonm yo.
53 Apre Jezi li menm te leve soti vivan nan lanmò, yo antre lavil Jerizalèm kote anpil moun te wè yo.
54 Lè ofisye lame a ansanm ak gad ki t'ap veye Jezi ansanm avè l' yo wè tranblemanntè a ak tou sa ki te pase, yon sèl lapè pran yo. Yo di: Se vre wi, nonm sa a te Pitit Bondye.
55 Te gen plizyè fanm la tou. Men, yo te rete lwen ap gade. Se moun ki t'ap swiv Jezi, ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile.
56 Nan yo te genyen: Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Jak ak Jozèf, ansanm ak manman pitit Zebede yo.
57 ¶ Lè solèy fin kouche, yon nonm rich, moun lavil Arimate, vin rive. Yo te rele l' Jozèf. Li menm tou li te yon disip Jezi.
58 li al jwenn Pilat, li mande l' kò Jezi a. Pilat bay lòd pou yo renmèt li kò a.
59 Jozèf pran kò a, li vlope l' nan yon bèl dra blan tou nèf.
60 Apre sa, li mete kò a nan yon kavo li te fèk fè fouye nan wòch la pou tèt pa l'. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a. Epi li al fè wout li.
61 Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak lòt Mari a te chita la, anfas kavo a.
62 Nan denmen, ki vle di jou repo a menm, chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo ale bò kot Pilat.
63 Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.
64 Bay lòd pou yo veye kavo a byen veye pandan twa jou. Konsa, disip li yo p'ap kapab vin pran kò a pou yo di pèp la apre sa msye leve soti vivan nan lanmò. Dènye kout manti sa a ta pi rèd pase premye a.
65 Pilat di yo: Men yon eskwad gad. Ale, veye kavo a jan nou vle a.
66 Y ale. Pou yo pi asire kavo a te byen fèmen, yo poze sele sou wòch ki te devan bouch kavo a, epi yo mete eskwad gad la veye li.
15 ¶ Nan granmaten, chèf prèt yo fè yon reyinyon avèk chèf fanmi yo, dirèktè lalwa yo ansanm ak tout manm Gran Konsèy jwif yo pou pran yon desizyon. Apre yo fin mare Jezi, yo mennen l' ale; yo renmèt li bay Pilat.
2 Pilat menm mande li: -Eske ou se wa jwif yo? Jezi reponn li: -Se ou ki di li.
3 Chèf prèt yo te depoze anpil plent sou do li.
4 Pilat mande l' ankò: -Ou pa reponn anyen? Tande tout plent yo depoze sou do ou.
5 Men Jezi pa reponn anyen toujou. Sa te fè Pilat sezi anpil.
6 Pou chak fèt Delivrans Pilat te konn lage yon prizonye. Se pèp la ki te konn chwazi kilès.
7 Te gen yon nonm yo rele Barabas; li te nan prizon ansanm ak kèk lòt ki t'ap konplote avèk li. Yo te nan prizon poutèt yon nonm yo te touye yon jou yo te pran lezam kont gouvènman an.
8 Foul moun yo moute lakay Pilat; yo pran mande Pilat pou l' lage yon prizonye ba yo jan li te toujou fè a.
9 Li reponn yo: -Eske nou vle mwen lage wa jwif la ban nou?
10 Paske li te byen konnen se jalouzi ki te pouse chèf prèt yo mennen Jezi ba li.
11 Men, chèf prèt yo pran tèt pèp la pou yo mande Pilat pou l' lage Barabas pito.
12 Pilat pran lapawòl ankò, li di yo: -Enben, kisa nou vle m' fè avèk nonm yo rele wa jwif la?
13 Yo rele byen fò: -Kloure l' sou yon kwa!
14 Pilat di yo: -Men, ki move zak li fè konsa? Yo rele pi fò toujou: -Kloure l' sou yon kwa!
15 ¶ Pilat te vle fè pèp la plezi: li lage Barabas ba yo. Apre li fin fè yo bat Jezi byen bat, li renmèt li bay sòlda yo pou y' al kloure l' sou yon kwa.
16 Sòlda yo mennen Jezi anndan bèl lakou a (sa vle di, nan kay kòmandan an). Yo rele tout rejiman sòlda yo vini.
17 Yo mete yon gwo rad koulè wouj violèt sou Jezi; yo trese yon kouwòn pikan, yo mete l' nan tèt li.
18 Epi yo pran salwe l' konsa: -Bonjou, wa jwif yo!
19 Yo ba l' kou nan tèt avèk yon baton wozo; yo krache sou li, yo mete ajenou, yo bese tèt yo devan li.
20 Apre yo fin pase l' nan betiz kont kò yo, yo wete gwo rad la; yo mete rad pa l' sou li ankò; epi yo mennen l' ale pou yo kloure l' sou yon kwa.
21 Te gen yon nonm yo rele Simon, moun peyi Sirèn, papa Aleksann ak Rifis. Antan Simon sa a t'ap soti nan jaden, li pase bò la, epi sòlda yo fòse msye pote kwa Jezi a.
22 ¶ Yo mennen Jezi yon kote yo rele Gòlgota (ki vle di: Plas zo bwa tèt la).
23 Yo te vle ba li diven melanje ak yon siwo fèt ak lami pou l' te bwè. Men, li pa pran li.
24 Apre yo fin kloure l' sou kwa a, yo separe rad li yo ant yo: yo tire osò pou konnen sa ki t'ap soti pou yo chak.
25 Li te nevè nan maten lè yo te kloure l' sou kwa a.
26 Yo te bay kòz ki fè yo te kondannen l' lan sou yon ti pankat ki te ekri: Wa jwif yo!
27 Yo te kloure de ansasen sou de lòt kwa, anmenmtan avèk Jezi, yonn sou chak bò.
28 Se konsa pawòl ki te ekri a vin rive vre: Yo mete l' ansanm ak mechan yo.
29 Moun ki t'ap pase bò la t'ap plede joure l'; yo t'ap fè siy sou li, yo t'ap di: -Ey! Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou rebati l' nan twa jou,
30 sove tèt ou non, desann sou kwa a.
31 Konsa tou, chèf prèt yo ak dirèktè lalwa yo t'ap pase l' nan rizib. Yonn t'ap di lòt: -Gade! Li sove lòt moun, li pa ka sove tèt pa li!
32 Se pou Kris la, wa pèp Izrayèl la, desann sou kwa a koulye a. Konsa n'a wè epi n'a kwè. Ata mesye ki te kloure sou lòt kwa yo t'ap joure l' tou.
33 ¶ Vè midi konsa, vin gen yon fènwa sou tout peyi a, jouk twazè nan apremidi.
34 Vè twazè, Jezi rele byen fò: -Eloyi, Eloyi, lema sabaktani? (ki vle di: Bondye, Bondye, poukisa ou lage m' konsa?)
35 Nan moun ki te la yo genyen ki te tande l' pale. Yo di: -Koute. Men l'ap rele Eli.
36 Yonn nan yo kouri, li al tranpe yon eponj nan venèg, li mete l' nan pwent yon gòl wozo, li lonje l' bò bouch Jezi ba l' bwè. Epi li di: -Rete! Ann wè si Eli va vin desann li sou kwa a!
37 Men Jezi bay yon gwo rèl, epi li mouri.
38 Rido ki te nan tanp lan chire an de moso depi anwo jouk anba.
39 Te gen yon kaptenn lame kanpe anfas Jezi. Lè l' wè Jezi mouri konsa, li di: -Nonm sa a, se te pitit Bondye tout bon.
40 Te gen kèk fanm la tou; men yo te rete lwen ap gade. Pami yo te gen Mari, moun lavil Magdala a, Mari, manman Ti Jak ak Jòz, ansanm ak Salome.
41 Medam sa yo t'ap swiv Jezi, se yo ki t'ap okipe l' depi lè l' te nan peyi Galile. Te gen anpil lòt tou ki te moute lavil Jerizalèm ansanm ak li.
42 ¶ Solèy te fin kouche, se te jou preparasyon jwif yo (ki vle di: lavèy jou repo a).
43 Lè sa a Jozèf, yon moun lavil Arimate, vin rive. Se te yon manm respektab nan Gran Konsèy jwif yo. Li menm tou li t'ap tann lè Bondye t'ap vin pran gouvènman an nan men pa li. Li te gen kouraj ale devan Pilat mande kò Jezi.
44 Men, Pilat te sezi lè l' vin konnen Jezi te gen tan mouri. Li voye rele kaptenn lan, li mande l' si Jezi te mouri depi lontan.
45 Lè kaptenn lan fin ba li repons sèten, li bay Jozèf kò a.
46 Jozèf achte yon bèl dra blan, li desann kò Jezi sou kwa a, li vlope l' nan dra a, epi li mete l' nan yon kavo yo te fouye nan wòch la. Apre sa, li woule yon gwo wòch devan bouch kavo a.
47 Mari, moun lavil Magdala a, ansanm ak Mari, manman Jòz, t'ap gade kote yo mete kò a.