Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Plenn 3:37-5:22

37 ¶ Depi Bondye Sèl Mèt la pale, se fini! Sa l' di se sak fèt.

38 Tou sa ki rive an byen osinon an mal, se li menm ki penmèt sa.

39 Lè nou anba bwa pou peche nou yo sa nou bezwen plenyen fè!

40 Annou gade jan n'ap mennen bak nou! Ann egzaminen byen jan n'ap viv la! Lèfini, ann tounen vin jwenn Bondye!

41 Ann leve bra nou nan syèl la, ann lapriyè nan pye l'!

42 ¶ Nou peche, nou kenbe tèt avè ou! Men, ou menm ou pa padonnen nou.

43 Ou move pi rèd, ou fann nan kò nou! Ou te san pitye. Ou touye nou.

44 Ou vlope kò ou nan yon gwo nwaj nwa pou lapriyè nou pa rive nan zòrèy ou.

45 Ou fè nou tounen yon depotwa, yon pil fatra nan mitan lòt nasyon sou latè yo.

46 Tout lènmi nou yo ap lave bouch yo sou nou.

47 N'ap viv ak kè sote, si se pa lanmò, se gwo danje, se gwo malè!

48 De je m' yo ap ponpe dlo tankou larivyè, lè m' wè malè ki tonbe sou pèp mwen an!

49 Dlo ap koule nan je m' san rete. Li p'ap janm sispann,

50 jouk jou Seyè a va rete nan syèl la, l'a voye je l' gade, l'a wè!

51 Wi, kè m' fè m' mal pou m' wè sa ki rive moun lavil mwen yo!

52 Yon bann moun ki pa vle wè m' san m' pa fè yo anyen pran kouri dèyè m' tankou yon zwazo y'ap chache pran.

53 Yo lage m' tou vivan nan yon twou. Yo fèmen bouch twou a ak wòch.

54 Dlo te prèt pou kouvri tèt mwen. Mwen di: Fwa sa a m' pran!

55 ¶ Nan twou kote m' te ye a, Seyè, mwen rele ou!

56 Ou tande vwa m'. Tanpri, pa bouche zòrèy ou lè m'ap lapriyè nan pye ou.

57 Wi, lè m' rele ou, ou pwoche. Ou di m' mwen pa bezwen pè!

58 Bondye Sèl Mèt, ou pran ka m' an konsiderasyon. Ou sove lavi m'.

59 Seyè, ou wè tout lenjistis y'ap fè m'. Tanpri, defann kòz mwen.

60 Ou wè jan yo soti pou pwofite sou mwen, jan y'ap fè konplo pou touye m'.

61 Seyè, ou tande jan y'ap joure m'. Ou konnen konplo y'ap fè sou do m'.

62 Tout lajounen, y'ap pale sou mwen, y'ap fè plan.

63 Gade yo non! Depi maten jouk aswè yo chita ap fè chante sou do m'!

64 Seyè, se pou ou pini yo pou tou sa yo fè.

65 Madichonnen yo! Fè yo pèdi tèt yo!

66 Move sou yo, Seyè! Pati dèyè yo! Disparèt yo sou latè!

¶ Gade jan bon lò pa klere ankò! Li chanje, li pèdi kalite li! Gade jan wòch Tanp yo gaye nan tout lari!

Nan tan lontan nou pa ta bay moun peyi Siyon yo pou pi bon lò ki genyen. Gade! Koulye a, yo pa vo pase krich tè moun fè ak men.

Ata manman chat mawon bay pitit yo tete. Men, pèp mwen an mechan tankou otrich k'ap viv nan dezè. Yo pa pran swen pitit yo.

Lang ti bebe yo kole nan fon bouch yo sitèlman yo swaf dlo. Timoun yo ap rele mande manje. Pa gen pesonn pou ba yo anyen!

Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra.

Peche lavil Jerizalèm pi gwo pase peche lavil Sodòm, ki te rete konsa Bondye disparèt li.

Nazirit nou yo te san repwòch. Pi bon pase yo pa t' genyen. Yo te anfòm, yo te gwonèg. Yon bèl san wouj t'ap koule nan venn yo!

Koulye a, se lonbraj yo ase ki la. Yo fini. Pesonn pa rekonèt yo nan lari. Po yo chèch tankou kòs bwa, yo tounen zo ak po.

Moun ki mouri nan lagè pi bon pase moun ki mouri grangou. Y'ap depafini jouk yo mouri. Yo pa jwenn anyen pou yo manje.

10 Manman ki te renmen pitit yo anpil, koulye a, yo kwit yo pou yo manje. Lè malè a tonbe sou pèp mwen an, se sa yo fè pou yo pa mouri grangou.

11 Seyè a fache nèt. Li limen yon sèl kalite dife nan lavil Siyon. Li boule l' ratè.

12 Pesonn sou latè, pa menm wa peyi sou latè yo, pa t' vle kwè yon jou, moun ki pa vle wè pèp Bondye a ta antre nan pòtay lavil Jerizalèm!

13 ¶ Men, tou sa rive paske pwofèt li yo ak prèt li yo te peche. Yo te lakòz anpil moun ki mache dwat pèdi lavi yo mal.

14 Y'ap mache nan lari tankou moun avèg. Yo bade ak san. Pesonn pa gen dwa manyen rad yo.

15 Kote yo pase moun ap rele: Wete kò nou la! Nou pa pwòp! Pa pwoche! Pa manyen m'! Se konsa y'ap plede kouri sot nan yon peyi al nan yon lòt. Pesonn pa vle resevwa yo.

16 Seyè a pa vle wè yo ankò, se li menm ki gaye yo konsa. Li pa gen konsiderasyon ni pou pè yo ni pou chèf yo.

17 Je nou wouj afòs nou kriye. N'ap tann yon sekou ki pa janm vini. M'ap veye tann yon nasyon ki pa ka fè anyen pou delivre nou.

18 Lènmi ap veye kote nou prale. Nou pa menm gen dwa soti nan lari. Jou lanmò nou rive. Sa ki rete pou nou mouri a pa anyen.

19 Moun ki t'ap kouri dèyè nou yo te pi rapid pase malfini k'ap plonje dèyè poul. Y'ap kouri dèyè nou nan tout mòn yo. Yo tann pèlen pou nou nan tout dezè a.

20 Moun Seyè a te chwazi a, li menm ki tout souf lavi nou, li menm nou te konprann ki ta ka toujou pwoteje nou pou lòt nasyon pa anvayi nou, yo pran l', yo mete l' nan prizon!

21 ¶ Nou menm, moun peyi Edon ki rete lavil Ouz, nou mèt fè kè nou kontan, nou mèt fè fèt! Tou pa nou dèyè, tande! Jou sa a, nou pral titibe toutouni nan tout lari.

22 Nou menm, moun lavil Siyon, nou fin peye pou peche nou yo. Bondye ap sispann pini nou! Men, nou menm moun Edon, Seyè a pral pini nou pou peche nou yo. L'ap denonse tou sa nou fè ki mal.

¶ Seyè, gade sa ki te rive nou non! Voye je gade nou. Wè nan ki mizè nou ye!

Peyi nou an nan men moun lòt nasyon! Yo pran kay nou pou yo.

Nou se timoun san papa. Manman nou tankou fanm ki pèdi mari yo.

Se achte pou n' achte dlo pou nou bwè. Si nou pa gen lajan, nou pa jwenn bwa pou nou boule.

N'ap travay di tankou bourik, tankou bèf kabwa. Nou bouke, nou pa ka pran kanpo.

Pou nou ka jwenn manje pou nou manje nou blije ap lonje men bay peyi Lejip ak peyi Lasiri.

Zansèt nou yo fè peche. Yo pa la ankò! Se nou menm k'ap peye pou sa yo te fè.

Moun k'ap gouvènen nou yo se esklav yo ye. Pesonn pa ka delivre nou anba men yo.

Se gwo danje lè nou soti al dèyè manje. Ansasen toupatou nan peyi a.

10 Grangou ban nou lafyèb. Kò nou cho kou dife.

11 Yo fè kadejak sou madanm nou sou mòn Siyon an. Nan tout ti bouk peyi Jida yo yo kenbe pitit fi nou yo.

12 Yo pran chèf nou yo, yo pann yo. Yo derespekte granmoun nou yo.

13 Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.

14 Granmoun yo pa chita nan pòtay lavil la ankò. Jennmoun nou yo pa chante ankò.

15 Pa gen kè kontan lakay nou. Nou pa danse ankò! Lapenn plen kè nou!

16 Tou sa ki te konn ban nou kè kontan disparèt. Nou te peche, malè tonbe sou nou.

17 ¶ Nou malad nan fon kè nou, nou pa ka wè tèlman n'ap kriye,

18 paske mòn Siyon an tounen savann. Se bèt nan bwa ase ki rete la.

19 Men ou menm, Seyè, ou wa pou tou tan. W'ap gouvènen jouk sa kaba.

20 Poukisa ou lage nou pou tout tan sa a? Gen lè ou p'ap janm chonje nou ankò!

21 Seyè, fè nou tounen vin jwenn ou non! Fè nou tounen vin jwenn ou! Fè nou viv jan nou te konn viv nan tan lontan an non!

22 Eske ou voye nou jete pou tout bon? Pou di ou p'ap janm sispann fache sou nou?