Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Chronological

Read the Bible in the chronological order in which its stories and events occurred.
Duration: 365 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
2 Samyèl 10

10 ¶ Kèk tan apre sa, Nakach, wa lavil Amon an, mouri. Se pitit li, Anoun, ki moute wa nan plas li.

David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun menm jan papa l', Nakach, te aji byen avè m'. Se konsa David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Lè mesaje yo rive lavil Amon,

chèf moun Amon yo di wa Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Detwonpe ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen jan sa ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou.

Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.

Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò.

¶ Moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo voye chache venmil (20.000) sòlda lavil Bètreyòb ak lavil Zoba nan peyi Aram lan, ak douzmil (12.000) gason lavil Tòb. Yo voye chache wa lavil Maka a tou ansanm ak mil (1.000) sòlda. Yo peye yo pou yo vin goumen pou yo.

David menm vin konn sa, li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo.

Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil Raba, kapital yo a. Moun Aram ki soti lavil Bètreyòb ak lavil Zoba yo ansanm ak mesye lavil Tòb yo ak mesye lavil Maka yo pran pozisyon nan plenn lan.

Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan ni sou dèyè. Sa l' fè? Li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo.

10 Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a, li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo.

11 Joab di Abichayi konsa: -Si ou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou.

12 Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.

13 Joab ak sòlda li yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li.

14 Lè moun Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab sispann batay la ak moun Amon yo, li tounen lavil Jerizalèm.

15 ¶ Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo ankò, yo sanble dènye sòlda yo te genyen.

16 Adadezè voye yon mesaj bay moun Aram ki rete lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou li. Yo reyini lavil Elam. Se Chobak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo.

17 Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li rive Elam. Moun Aram yo pran pozisyon devan li. Epi batay la konmanse.

18 Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sètsan (700) sòlda ki te sou cha lagè, katòzmil (14.000) sòlda ki te sou chwal. Yo blese Chobak, chèf lame lènmi yo, ki mouri la menm kote yo t'ap goumen an.

19 Lè tout ti wa ki te mete tèt ansanm ak Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak yo, yo soumèt devan yo. Se konsa, moun Aram pa pran chans al pote moun Amon yo sekou ankò.

1 Istwa 19

19 ¶ Apre sa, Nakach, wa lavil Amon, mouri. Se pitit gason li ki moute wa nan plas li.

David di: -Se pou m' aji byen ak Anoun, pitit Nakach la, paske papa l' te boule byen avè m'. Se konsa, David voye mesaje al di Anoun jan sa te fè l' lapenn lè l' pran nouvèl lanmò papa l'. Mesaje David yo rive lakay Anoun nan peyi moun Amon yo pou konsole l'.

Men, chèf moun Amon yo di Anoun konsa: -Pa konprann se sèlman pou lanmò papa ou la kifè David voye mesaje sa yo bò kote ou pou konsole ou. Wete sa nan tèt ou. Li voye yo isit la pou yo wè jan lavil la ye, pou yo gade byen sa k'ap pase nan lavil la. Konsa, pita li ka vin pran lavil la nan men nou.

Sa Anoun fè lè sa a, li pran moun David te voye yo, li raze tout yon bò nan bab yo, li koupe anba rad yo ra dèyè yo, li voye yo tounen.

Mesye yo te wont anpil pou yo te tounen lakay yo konsa. Lè David vin konn sa ki te rive yo, li voye di yo rete lavil Jeriko, y'a tounen lakay yo lè bab yo va pouse ankò.

¶ Wa Anoun ak moun Amon yo vin konprann yo te fè David fache. Yo pran mil pyès ajan, yo voye chache sòlda, cha lagè, ak kavalye kay moun Aram yo lavil Narayim, lavil Maka ak lavil Zoba pou vin goumen pou yo.

Se konsa yo lwe sèvis tranndemil (32.000) cha lagè ki vin kanpe devan lavil Medeba ansanm ak wa lavil Maka a ak tout lame li a. Moun peyi Amon yo kite lavil yo, yo reyini ansanm pou pare pou batay la.

David vin konnen sa. Li voye Joab ak tout lame vanyan sòlda li yo al kontre yo.

Moun Amon yo soti, y' al pran pozisyon devan pòtay lavil la. Wa ki te vin ede yo bò pa yo pran pozisyon nan plenn lan.

10 Joab te wè lame lènmi yo te ka atake l' ni sou devan, ni sou dèyè. Sa l' fè, li chwazi pi bon sòlda nan lame pèp Izrayèl la, li mete yo an pozisyon devan lame moun Aram yo.

11 Lèfini, li mete Abichayi, frè l' la, alatèt rès lame a. Li fè yo pran pozisyon devan moun Amon yo.

12 Joab di Abichayi konsa: -Si nou wè moun Aram yo soti pou yo bat mwen, w'a vin ede m'. Konsa tou, si mwen wè moun Amon yo vle pi fò pase ou, m'a vin ede ou.

13 Mete gason sou nou. Kouraj! Nou pral goumen rèd mare pou pèp nou an ak pou lavil Bondye nou an. Bondye va fè sa li vle li menm.

14 Joab ak sòlda ki te avè l' yo mache sou moun Aram yo. Moun Aram yo kouri pou li.

15 Lè moun peyi Amon yo wè moun Aram yo kouri ale, yo kouri tou pou Abichayi, frè Joab la, yo antre nan lavil la. Lè sa a, Joab tounen tounen l' lavil Jerizalèm.

16 Lè moun Aram yo wè moun Izrayèl yo te bat yo, yo voye yon mesaj bay moun Aram ki te lòt bò larivyè Lefrat la, pou yo pare vin goumen pou yo. Yo reyini lavil Elam. Se Chofak, chèf lame Adadezè a, ki te alatèt yo.

17 Lè David vin konn sa, li sanble tout lame pèp Izrayèl la, li janbe lòt bò larivyè Jouden, li mache sou yo, li pran pozisyon devan yo. David ranje sòlda li yo pou li goumen ak moun Aram yo. Epi batay la konmanse.

18 Moun Izrayèl yo fè moun Aram yo kouri met deyò. David ak sòlda li yo touye sòlda ki te sou sètmil (7.000) cha lagè ak karantmil (40.000) sòlda ki te apye. Yo touye Chofak, chèf lame lènmi an.

19 Lè moun ki te avek Adadezè yo wè jan moun Izrayèl yo te bat yo, yo fè lapè ak David. Yo soumèt devan li. Se konsa, moun Aram yo pa t' vle vin pote moun Amon yo sekou ankò.

Sòm 20

20 ¶ (20:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (20:2) Se pou Seyè a reponn ou lè ou anba tray. Se pou Bondye Jakòb la pwoteje ou.

(20:3) Se pou l' rete lakay li pou l' voye ede ou. Se pou l' rete sou mòn Siyon an pou l' soutni ou.

(20:4) Se pou l' chonje tou sa ou ofri ba li, pou l' kontan tou bèt ou fè touye pou li.

(20:5) Se pou l' ba ou tou sa ou ta renmen. Se pou l' fè tou sa ou gen lide fè rive vre.

(20:6) Lè sa a, n'ap rele, n'ap kontan dèske ou genyen batay la. N'ap fè fèt paske ou genyen batay la, n'ap fè lwanj Bondye nou an. Se pou Seyè a ba ou tou sa ou mande l'.

¶ (20:7) Koulye a, mwen konnen Seyè a ap fè moun li chwazi a genyen batay la. Li rete nan syèl la, nan kay ki pou li a, li reponn li. Li fè l' genyen batay la avèk gwo pouvwa li.

(20:8) Gen moun ki mete konfyans yo nan machin pou fè lagè. Gen lòt moun, se nan chwal yo yo mete konfyans yo. Men nou menm, se nan pouvwa Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou.

(20:9) Yo menm, yo gen pou yo bite, pou yo tonbe. Men nou menm, nou kanpe, n'ap kenbe fèm.

(20:10) Seyè, fè wa a genyen batay la non! Reponn nou non, lè n'ap rele ou!