Chronological
Moun nan syèl la ap louwe Bondye
19 Apre sa, mwen tande gwo vwa nan syèl la, se te vwa yon gwo foul moun. Vwa a t ap di:
“Fè lwanj pou Senyè a![a]
Viktwa, glwa ak pouvwa se pou Senyè a.
2 Jijman l yo reyèl epi yo jis.
Bondye nou an pini pwostitye a.
Se li menm ki fini ak latè nèt ak peche seksyèl li.
Bondye pini pwostitye
a pou l vanje lanmò sèvitè l yo.”
3 Yon lòt fwa ankò, foul la t ap di:
“Fè lwanj pou Senyè a!
Pwostitye a ap boule epi lafimen l ap toujou leve pou tout tan.”
4 24 ansyen yo ansanm ak kat pèsonaj vivan yo, yo mete yo ajenou. Yo t ap adore Bondye, li menm ki chita sou fotèy wa a, yo t ap di:
“Amèn! Fè lwanj pou Senyè a!”
5 Lè sa a, yon vwa soti sou fotèy wa a, li di:
“Fè lwanj pou Bondye nou an,
nou tout k ap sèvi l yo!
Fè lwanj pou Bondye nou an
nou tout ki gen krentif pou Bondye, piti kou gran!”
6 Apre sa, m tande yon bri, tankou yon foul moun ki t ap fè anpil bri. Sa m tande a, se te menm jan ak gwo lanm lanmè oubyen bri yon bann gwo kout loray. Foul la t ap di:
“Fè lwanj pou Senyè a!
Senyè Bondye nou an ki gen tout pouvwa,
se li k ap gouvène kounye a.
7 An n rejwi nou, an n fè kè n kontan
epi an n bay Bondye glwa!
Bay Bondye glwa, paske seremoni nòs Ti Mouton an rive,
fiyanse Ti Mouton an tou pare, li byen bèl.
8 Yo bay fiyanse Ti Mouton an yon rad an len byen fen pou l mete;
twal len an te klere epi li te byen pwòp.”
(Twal len byen fen an reprezante bon zèv pèp Bondye a te fè.)
9 Zanj lan di m konsa: “Ekri sa: Byennere moun ki envite nan resepsyon fèt maryaj Ti Mouton an.” Epi li ajoute: “Se Bondye, limenm, ki di pawòl sa yo.”
10 Lè sa a, m tonbe ajenou nan pye zanj lan pou m adore l. Men li di m konsa: “Pa adore m. M se yon sèvitè menm jan avè w. M se menm ak frè avèk sè w yo k ap temwanye pou Jezi. Se Bondye pou w adore. Paske temwanyaj pou Jezi se lespri pwofesi a.”
Kavalye sou cheval blan an
11 Apre sa, m wè syèl la te louvri. M wè yon cheval blan devan m. Kavalye ki te monte sou li a te rele Fidèl ak Verite, paske li dwat nan jijman li ak nan lagè l ap fè. 12 Je li te klere menm jan ak flanm dife; li te gen plizyè kouwòn sou tèt li. Te gen yon non ki te ekri sou li pèsòn pa t konnen, sof li menm sèl. 13 L abiye ak yon rad ki te plen san. Yo rele li “Pawòl Bondye.” 14 Yo t ap swiv lame ki nan syèl la sou cheval blan an tou. Yo tout te abiye ak rad byen fen, byen blan epi byen pwòp. 15 Te gen yon nepe byen file ki te soti nan bouch kavalye ki te monte sou cheval blan an pou l frape nasyon yo ki sou latè. L ap dirije yo ak yon baton an fè. L ap kraze rezen yo nan prèswa gwo kolè Bondye ki gen tout pouvwa a. 16 Sou rad li ak sou janm li, te gen yon non ki ekri:
wa tout wa yo ak Senyè tout SENYÈ yo
17 Apre sa, m wè yon zanj kanpe nan solèy la. Li rele ak yon vwa byen fò, li di tout zwazo ki nan syèl la: “Vini, rasanble, pou gwo repa manje Bondye a. 18 Rasanble pou n manje kò wa yo, kòmandan lame yo ak sòlda yo. Vin manje kò cheval yo ak tout moun ki monte yo, kit se moun lib, kit se esklav, kit se timoun, kit se granmoun.”
19 Lè sa a, m wè bèt la ansanm ak wa ki sou latè yo, ak tout sòlda lame yo. Yo reyini pou batay ak kavalye ki te sou cheval la ansanm ak lame pa l la. 20 Men, yo te met men sou bèt la ansanm ak fo pwofèt la epi yo mete yo nan prizon. Fo pwofèt sa a te fè yon bann gwo mirak devan bèt la. Se konsa li te twonpe moun ki te aksepte mak bèt la epi ki te adore estati l la. Yo jete bèt la ansanm ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife mele ak souf ki t ap boule a. 21 Nepe ki soti nan bouch kavalye a te touye sa k te rete yo, epi tout zwazo yo te vin manje kò yo.
Yon peryòd mil (1,000) an
20 Apre sa, m wè yon zanj desann soti nan syèl la. Li te gen kle tou san fon an ak yon gwo chenn nan men l. 2 Li kenbe dragon an. Dragon sa, se li menm ki sèpan ki te la depi nan kòmansman an, sa vle di move lespri a, oubyen Satan. Zanj lan anchene l byen anchene pou yon dire mil (1,000) an. 3 Li jete l nan tou san fon an, epi li fèmen bouch tou a byen fèmen a kle. Li fè sa pou dragon an pa rive twonpe nasyon yo pandan mil (1,000) an sa yo. Apre sa, y ap lage l pou yon ti tan tou kout.
4 Apre sa, m wè plizyè twòn. Moun ki te chita sou yo te resevwa pouvwa pou jije. M wè moun yo te touye yo tou. Men rezon ki fè yo te touye yo: Yo te temwen Jezi epi yo t ap preche mesaj Bondye te ba yo. Yo pa t adore ni bèt la ni estati bèt la. Yo pa t pran mak li a ni sou fon yo, ni sou men yo. Yo menm, yo resisite epi y ap dirije ansanm ak Kris la pandan mil (1,000) an. 5 Lòt mò yo pa resisite anvan mil (1,000) an sa yo fin pase. Sa se premye rezireksyon an.
Sa se premye rezireksyon an. 6 Moun ki patisipe nan premye rezireksyon an, se moun ki beni tout bon vre, epi se moun ki apa pou Bondye. Dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo. Yo va tankou prèt k ap sèvi Bondye ansanm ak Kris la. Yo va wa ansanm avèk Kris pandan mil (1,000) an.
Satan pèdi batay la
7 Lè mil (1,000) an sa yo fin pase, yo va libere Satan nan prizon l te ye a. 8 Li pral met kò l deyò pou twonpe nasyon nan tout kat kwen latè, Gòg ak Magòg, pou yo met tèt yo ansanm pou batay la; yo te si tèlman anpil tankou sab lanmè moun pa t ka konte yo.
9 Yo t ap vanse toupatou sou latè epi yo vin sènen kan kote pèp Bondye a ye a, vil Bondye renmen anpil la. Men, gen yon dife ki tonbe sot nan syèl la, li kraze brize tout foul lame Satan te reyini an. 10 Epi dyab la ki t ap twonpe tout nasyon yo, yo voye l nan yon letan dife ak souf, menm kote ak bèt la, ansanm ak fo pwofèt la. Yo va nan toumant lajounen kou lannuit pou tout tan gen tan.
Jijman nasyon yo
11 Apre sa, m wè yon gwo fotèy blan ki te gen yon moun chita sou li. Tè a ak syèl la te pran kouri devan l. Yo disparèt nèt. 12 Epi m wè moun ki te mouri yo, gwo kou piti, yo tout te kanpe devan fotèy la. Te gen plizyè liv ki te louvri. Te gen yon lòt liv ki te louvri tou, se te liv lavi a. Epi mò yo te jije dapre sa ki te ekri nan liv sa yo, dapre sa yo te fè.
13 Lanmè a te remèt mò ki te ladan l yo. Lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo remèt mò pa yo tou, epi yo te jije yo dapre sa yo te fè. 14 Apre sa, lanmò ansanm ak kote mò yo ye a, yo te voye yo jete nan letan dife a. Letan dife a se dezyèm lanmò a. 15 Nenpòt moun ki pa te gen non l enskri nan liv lavi a, yo te jete l nan letan dife a.
Yon Jerizalèm nouvo
21 Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò. 2 M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo,[b] m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye.
3 Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo. 4 L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”
5 Moun ki chita sou fotèy la di konsa: “Gade sa, m refè tout bagay tou nèf.” Epi li di m: “Ekri sa, paske pawòl mwen yo se verite a, yo merite tout konfyans nou.”
6 Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega,[c] kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a. 7 Tout moun ki ranpòte laviktwa ap jwenn sa; m ap Bondye li epi l ap yon pitit gason pou mwen. 8 Men moun ki lach yo, sa yo ki pa fidèl yo, sa yo k ap komèt vye zak tèrib, asasen yo, moun imoral yo, sòsyè yo, moun k ap adore fo dye yo, tout moun k ap bay manti yo, yo tout pral nan letan dife ak souf la. Se sa ki dezyèm lanmò a.”
9 Youn nan sèt zanj yo vin kote m. Se te youn nan sèt zanj ki te gen sèt koup plen ak sèt dènye gwo kalamite yo. Li di m konsa: “Vini, m pral montre w lamarye, fiyanse Ti Mouton an.” 10 Zanj lan kapte lespri m epi l mennen m sou tèt yon gwo mòn byen wo. Li montre m vil ki apa pou Bondye a, Jerizalèm Bondye voye desann soti nan syèl la.
11 Vil la te gen laglwa Bondye sou li, li t ap klere tankou bijou ki fèt ak bèl wòch ki koute byen chè. Li sanble ak wòch jas, klè tankou kristal. 12 Vil la te gen yon miray byen wo epi byen laj ak douz pòtay. Sou douz pòtay yo te gen douz zanj. Chak pòtay gen non yon tribi Izrayèl ekri sou li. 13 Te gen twa pòt sou kote lès; te gen twa pòt sou kote nò; te gen twa pòt sou kote sid; te gen twa pòt sou kote lwès. 14 Miray vil la te bati sou yon fondasyon ki fèt ak douz wòch. Non douz apot Ti Mouton an te ekri sou douz wòch yo.
15 Anj ki t ap pale avè m nan te gen yon gòl nan men l, ki fèt ak lò, pou l mezire vil la, pòt li yo, epi miray la. 16 Vil la te gen yon fòm kare: longè l te menm ak lajè l. Anj lan mezire l avèk gòl la. Longè a te mezire 12,000 estad,[d] lajè a te mezire 12,000 estad, wotè a te mezire 12,000 estad. 17 Zanj lan te mezire miray la: li jwenn li mezire 144 koude.[e] Anj lan te sèvi ak mezi tout moun te konn mezire. 18 Miray yo te fèt ak bèl wòch koulè vèt[f] ki koute chè. Vil la menm te fèt ak bon lò, klè menm jan ak kristal.
19 Vil la te gen douz fondasyon. Chak fondasyon te fèt ak yon kalite wòch bijou ki koute chè anpil. Premye wòch la te an jas. Dezyèm nan te an safi. Twazyèm nan te an agat. Katriyèm nan te an emwod. 20 Senkyèm nan te an oniks. Sizyèm nan te an sadwan. Setyèm nan te an krizolit. Uityèm nan te an beril. Nevyèm nan te an topaz. Dizyèm nan an krizopaz. Onzyèm nan an tikwaz. Douzyèm nan an ametis. 21 Douz pòtay yo se te douz bèl grenn pèl. Chak pòtay te fèt ak yon sèl grenn pèl. Tout lari nan vil la te fèt ak bon lò, klere kon kristal.
22 Men nan vil la, m pa wè tanp, tanp lan se Senyè a menm, Bondye ki gen tout pouvwa a, ansanm ak Ti Mouton an. 23 Vil la pa bezwen solèy la oubyen lalin nan pou klere l. Glwa Bondye se limyè ki klere l, Ti Mouton an se lanp vil la.
24 Nasyon yo ki sou latè, yo mache nan limyè Ti Mouton an bay la. Dirijan yo ki sou latè, yo pote glwa pa yo vini nan vil la. 25 Pòtay vil la p ap janm fèmen lajounen kou lannuit, paske p ap gen lannuit nan vil la. 26 Tout glwa ak tout lonè nasyon yo, y ap pote yo vini nan vil la. 27 P ap gen anyen ki pa pwòp k ap antre nan vil la. Moun k ap fè vye bagay sal, moun k ap bay manti, pa gen youn k ap antre ladan i. Se sèlman moun ki te enskri nan liv lavi Ti Mouton an k ap antre nan vil la.
22 Zanj lan montre m yon gwo larivyè dlo ki bay lavi. Li klè menm jan ak kristal. Rivyè dlo sa a soti nan fotèy Bondye a, ansanm ak Ti Mouton an. 2 Nan mitan gran ri ki nan vil la, sou de bò gwo larivyè a, gen yon pye bwa ki bay lavi ki donnen douz rekòt, chak mwa li donnen. Fèy pye bwa sa a se remèd pou geri nasyon yo.
3 P ap gen anyen modi nan vil sa a. Fotèy Bondye ansanm ak Ti Mouton an ap nan vil sa a. Moun k ap sèvi l yo, y ap fè sèvis pou adore l. 4 Y ap wè l fasafas epi non l ap ekri nan fon yo. 5 P ap gen lannuit ankò. Moun p ap bezwen limyè lanp ankò, ni limyè solèy. Paske se Bondye, Senyè a k ap klere yo. Yo va dirije tankou wa pou tout tan.
6 Zanj lan di m konsa: “Se bon jan pawòl m ba w la, wi! Senyè a, Bondye ki dirije lespri pwofèt yo, li voye zanj li pou montre sèvitè l yo sa ki gen pou vini nan yon ti tan ankò.”
7 Jezi di yo: “Koute, m ap vini nan yon ti tan ankò. Va gen anpil benediksyon pou moun ki fè sa pwofèt yo di nan liv sa a.”
8 Mwen menm se Jan. Se mwen k te tande epi ki te wè bagay sa yo. Lè m gade m wè yo, m tonbe nan pye zanj ki t ap montre yo a, pou m koube mete ajenou devan l. 9 Men li di m konsa: “Pa fè bagay konsa! M se yon sèvitè menm jan avè w, menm jan ak frè w yo, pwofèt yo, menm jan ak tout moun k ap pratike pawòl ki nan liv sa a. Koube w pou adore Bondye pito!”
10 Lè sa a, zanj lan di m: “Pa kache pwofesi ki nan liv sa a. Lè a prèske rive pou yo akonpli. 11 Moun k ap fè sa ki mal, y ap fè plis sa ki mal toujou. Moun ki pa pwòp pou Bondye ap vin pi mal. Moun k ap fè sa ki byen ap kontinye fè sa ki byen. Moun ki apa pou Bondye, y ap kontinye mete yo apa pou Bondye.”
12 Nan yon ti tan ankò, m ap vini. M ap vini ak rekonpans, pou m bay chak moun dapre sa yo te fè. 13 M se Alfa ak Omega, se mwen ki premye ak dènye.
14 Benediksyon pou moun ki lave rad[g] yo pou yo k ap gen dwa nan pye bwa lavi a, pou yo antre nan pòtay vil la! 15 Yo va rete deyò, bann chen yo, moun k ap fè sòsye yo, moun ki imoral yo, asasen yo, moun k ap adore zidòl yo, ansanm ak tout moun ki pran plezi yo nan bay manti.
16 Mwen menm Jezi, m voye zanj mwen pote pawòl sa yo pou legliz yo. M soti nan ras David, m se zetwal devanjou a k ap klere anpil la.
17 Lespri Bondye, ansanm ak lamarye a, yo di: “Vini non!” Se pou moun ki tande di: “Vini non!” Se pou moun ki swaf vin bwè. Se pou nenpòt moun ki vle dlo lavi a vin pran gratis.
18 Mwen menm, m deklare pawòl pwofesi ki nan liv sa a pou nenpòt moun: Si yon moun mete plis nan sa ki di la a, Bondye ap mete pi plis sou kalamite ki ekri nan liv sa a pou li. 19 Epi si yon moun ta wete nan pawòl pwofesi ki nan liv sa a, Bondye ap retire pòsyon pa l la nan pyebwa lavi a, ansanm ak plas pa l nan lavil Bondye a, jan sa ekri nan liv sa a.
20 Moun ki bay garanti pou bagay sa yo di: “Wi, m ap vini talè.”
Amèn! Vini non, Senyè Jezi!
21 Se pou gras Senyè Jezi rete poze sou nou tout.
Copyright © 2017 by Bible League International