Chronological
Ti mouton an louvri woulo liv la
6 Apre sa, m t ap gade, Ti Mouton an kase youn nan sèt sele yo. Lè sa a, m tande youn nan kat kreyati vivan yo pale byen fò tankou yon kout loray, li di, “vini!” 2 M voye je m, m wè devan m yon chwal blan. Kavalye a kenbe nan men l yon ache epi yo ba li yon kouwòn. Li pati sou chwal li pou l al ranpòte laviktwa.
3 Lè l kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm kreyati vivan an di: “Vini!” 4 Lè sa a, yon lòt chwal parèt, yon koulè wouj vif. Kavalye a resevwa pouvwa pou l retire lapè sou latè, pou l fè moun yo youn ap koupe tèt lòt, touye youn lòt. Yo ba li yon gran nepe.
5 Lè li kase twazyèm sele a, m tande twazyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Mwen gade epi m wè yon chwal nwa. Kavalye a te gen yon balans nan men l. 6 Epi m tande yon bagay menm jan ak yon vwa ki soti pami kat kreyati vivan yo. Vwa a di: “Yon mezi ble pou yon denye,[a] twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men pa touche lwil la ak diven an pou fè yo mal.”
7 Lè l kase katriyèm sele, mwen tande katriyèm kreyati vivan an di: “Vini!” 8 Lè sa a, m gade, m wè yon chwal koulè vèt pal. Kavalye a rele lanmò, epi plas pou resevwa mò yo t ap swiv li. Yo te bay kavalye a, ansanm ak plas pou resevwa mò yo, pouvwa sou yon ka nan latè, pou yo touye moun yo ak nepe, ak grangou, ak epidemi maladi epi ak tout kalite bèt sovaj.
9 Lè l kase senkyèm sele a, mwen wè, anba lotèl la, nanm moun yo te touye yo poutèt pawòl Bondye ak fidelite yo. 10 Yo t ap kriye byen fò pou di: “Senyè sen, Senyè toutbon vre, jis ki tan ou va fè n jistis, jis ki tan ou va vanje san nou sou tout moun ki rete sou latè?” 11 Lè sa a, yo chak te resevwa yon wòb blan epi yo di yo konsa: Tann yon ti tan ankò, jouktan kantite konpanyon nou yo ki dwe mouri a va fin mouri menm jan an tou.
12 Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an kase sizyèm sele a. Epi li fè yon gwo gwo trannmantè. Solèy la vin tou nwa tankou yon twal nwa pwès, epi tout lalin nan vin tou wouj tankou san. 13 Zetwal yo t ap grennen tonbe soti nan syèl, menm jan ak lè yon gwo van sekwe yon pye fig, fig yo grennen tonbe a tè. 14 Syèl la te retire kò l, menm jan ak yon woulo liv yo woule pou fèmen l. Tout gwo mòn yo ak tout zile yo te deplase kote yo te ye.
15 Lè sa a, tout wa ki sou latè yo, tout dirijan yo, tout kòmandan lame yo, moun rich yo, moun ki gen puisans yo, tout esklav yo, moun lib yo, yo tout te kouri kache tèt yo nan twou wòch epi nan mitan gwo wòch ki nan mòn yo. 16 Yo t ap di mòn yo ak wòch yo: “Tonbe sou nou, kache nou devan fas moun ki chita sou twòn nan ak devan kolè Ti Mouton an! 17 Paske gwo jou kòlè yo a rive. Pa gen pèsòn ki ka kanpe devan yo.”
144,000 moun nan pèp Izrayèl la
7 Apre sa, mwen wè kat anj kanpe nan kat kwen latè. Anj sa yo te kenbe van ki soti nan kat direksyon latè a nan men yo. Yo fè sa pou van pa soufle ditou, ni sou latè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa. 2 M wè yon lòt zanj ki soti bò kote solèy leve, li te gen sa Bondye vivan an nan men l. Li rele kat anj ki te resevwa lòd pou fè latè ak lanmè a mal, li di yo: 3 Pa fè ni tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo anyen ki mal, jouktan nou fin make fon sèvitè Bondye yo avèk sa a.
4 M te tande kantite moun ki te make ak sa a: Yo te sankarannkat mil moun, yo soti nan tout ras fanmi pèp Izrayèl la.
5 Pou ras fanmi Jida se 12,000
Pou ras fanmi Riben se 12,000
Pou ras fanmi Gad se 12,000
6 Pou ras fanmi Azè se 12,000
Pou ras fanmi Neftali se 12,000
Pou ras fanmi Manase se 12,000
7 Pou ras fanmi Simeyon se 12,000
Pou ras fanmi Levi se 12,000
Pou ras fanmi Isaka se 12,000
8 Pou ras fanmi Zabilon se 12,000
Pou ras fanmi Jozèf se 12,000
Pou ras fanmi Benjamen se 12,000
Gran foul la
9 Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo. 10 Yo t ap rele byen fò, yo t ap di:
“Viktwa a se pou Bondye nou an li ye,
li menm ki chita sou twòn nan,
ansanm avèk Ti Mouton an.”
11 Tout anj yo te fè yon sèk toutotou twòn nan, ansanm ak granmoun yo, ak kat kreyati vivan yo tou. Yo te koube fas a tè devan twòn nan, yo t ap adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”
13 Lè sa a, youn nan granmoun yo mande m: Moun sa yo ki abiye ak wòb blan yo, ki moun yo ye? Kote yo soti?
14 M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo,[b] yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an.
15 Se poutèt sa, moun sa yo devan twòn Bondye a. Y ap adore li nan tanp lan lajounen kou lannuit. Moun ki chita sou twòn nan ap ba yo pwoteksyon lakay li. 16 Yo p ap janm grangou ankò, yo p ap janm swaf ankò, solèy la p ap boule yo ankò, ata gwo chalè p ap frape yo. 17 Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.
Setyèm sele a
8 Ti Mouton an kase setyèm sele a. Lè sa a, te gen yon gwo silans nan syèl la, sa te pran demièdtan anviwon. 2 Epi m wè sèt anj yo ki te kanpe bò kote Bondye a. Yo ba yo sèt twonpèt.
3 Te gen yon lòt anj ki te vini, li te kanpe bò lotèl la. Li te gen yon ansanswa nan men l. Yo te ba li yon pil lansan pou l fè ofrann pou akonpanye rekèt priyè moun ki apa pou Bondye yo. Anj lan depoze ofrann nan sou lotèl an ò a ki devan twòn nan. 4 Lafimen lansan an, ki te soti nan men anj lan, ak lapriyè moun ki sen yo te monte ale devan Bondye. 5 Epi, anj lan pran pèl la, li plen l ak dife soti sou lotèl la, li voye l sou latè. Lè sa a, sa te fè yon seri gwo kout loray, anpil bri vwa, anpil kout zeklè ak yon trannmantè.
Premye twonpèt la sonnen
6 Lè sa a, sèt anj ki te gen sèt twonpèt yo te pare pou yo sonnen twonpèt yo.
7 Premye anj lan sonnen twonpèt pa l la. Lè sa a, lagrèl ak dife melanje ak san te sot tonbe sou latè. Yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.
8 Dezyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon bagay ki sanble ak gwo mòn dife tonbe nan lanmè a. Yon tyè nan lanmè a tounen san. 9 Yon tyè nan bèt k ap viv nan lanmè a mouri epi yon tyè nan bato yo detwi.
10 Twazyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon gwo zetwal tonbe sot nan syèl la, li limen tankou yon gwo flanbo dife. Li tonbe sou yon tyè nan flèv yo ak sou sous dlo yo. 11 Non zetwal la se te “Pwazon anmè”. Yon tyè nan dlo yo vin anmè, epi anpil moun mouri paske dlo yo te anpwazonnen.
12 Katriyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, yon tyè nan zetwal yo, yo tout te frape. Sa fè jounen an ak lannuit lan te vin pèdi yon tyè nan klète yo.
13 M te kontinye ap gade epi m tande yon malfini ki t ap vole anwo nan syèl la. Li t ap rele byen fò, li t ap di: “Malè! Malè! Gade tray non pou moun k ap viv sou latè! Pi gwo malè a gen pou rive lè twa lòt twonpèt yo va sonnen.”
Senkyèm twonpèt la kòmanse premye malè a
9 Senkyèm anj lan sonnen twonpèt li a, m wè yon zetwal sot nan syèl la tonbe sou latè. Yo ba l kle twou san fon an. 2 Li louvri pòt twou san fon an, yon gwo lafimen soti ladan l, menm jan ak lafimen yon gwo boukan dife. Lè sa a, solèy la ak lè a, tout vin fè nwa ak lafimen ki soti nan twou san fon an.
3 Yon bann gwo krikèt vèt te soti nan lafimen an gaye toupatou. Yo te resevwa yon pouvwa menm jan ak eskòpyon yo. 4 Yo te resevwa lòd pou yo pa t fè okenn zèb sou latè mal, ni okenn plant, ni okenn pyebwa, sof moun ki pa t gen mak sa Bondye a sou fon yo. 5 Yo pa t gen pouvwa pou touye yo, men sèlman pou toumante yo pandan senk mwa: Toumant sa yo te bay la, se menm jan ak lè yon eskòpyon pike yon moun. 6 Nan jou sa yo, moun ap chache lanmò, men yo p ap jwenn li. Yo t ap byen vle mouri, men lanmò ap kouri lwen yo.
7 Krikèt vèt sa yo sanble ak cheval ki prepare pou fè lagè. Yo te gen yon seri kouwòn sou tèt yo ki sanble ak kouwòn an n ò, figi yo menm jan ak figi moun. 8 Cheve yo te menm jan ak cheve yon fi. Dan yo te menm jan ak dan lyon. 9 Lestomak yo sanble yon bagay ki kouvri ak yon plak an fè. Bri zèl yo se tankou bri yon bann chwal k ap mennen cha pou fè lagè. 10 Krikèt vèt sa yo gen ke yo ak yon pwent ladan yo pou pike, menm jan ak ke eskòpyon. Se ak ke yo, yo fè moun soufri pandan senk mwa. 11 Chèf k ap gouvène krikèt vèt yo, se anj twou san fon an. Nan lang Ebre a, yo rele l Abadon.[c] Nan lang Grèk, yo rele l Apolyon.[d]
12 Premye malè a pase. Apre sa, gen de lòt malè k ap vini.
Sizyèm twonpèt la sonnen
13 Sizyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la. M tande yon vwa ki soti nan kat kwen lotèl an n ò ki devan Bondye a. 14 Li di sizyèm anj ki te gen twonpèt la: “Lage kat anj ki nan chenn bò gwo flèv la, bò flèv Lefrat la.” 15 Yo lage kat anj yo. Yo te tou pare pou lè a, pou jou a, pou mwa a ak pou lane a, pou yo touye yon tyè nan tout moun k ap viv sou latè. 16 Kantite sòlda kavalye ki te nan lame a, se te de san milyon (200,000,000). M te tande konbyen yo te ye.
17 Konsa, nan vizyon an, m te wè chwal yo ak kavalye yo: Kavalye yo te gen yon plak an fè tou wouj sou lestonmak yo, yon ble fonse kou digo epi yon jòn sanble ak souf. Tèt chwal yo te sanble ak tèt lyon. Dife, lafimen ansanm ak souf t ap soti nan bouch yo. 18 Twa bagay sa yo, dife, lafimen ak souf, ki t ap soti nan bouch chwal yo, se te twa kalamite ki te touye yon tyè nan tout moun sou latè. 19 Pouvwa cheval yo, se te nan bouch yo ak nan ke yo li te ye. Ke yo sanble ak koulèv, yo gen plizyè tèt epi se ak tèt sa yo, yo toumante moun.
20 Lòt moun ki pa t mouri yo pa janm repanti pou ta chanje fason y ap viv nan aksyon yo. Yo pa t sispann adore demon yo, zidòl ki fèt an n ò, ak lajan, ak bwonz, ak wòch epi ak bwa yo, bagay ki pa ka ni wè ni tande ni mache. 21 Yo pa repanti pou yo sispann touye moun ni pou yo sispann fè maji, ni pou yo sispann fè peche nan fè sèks, ni pou yo sispann vòlè.
Zanj lan ak ti woulo liv la
10 Apre sa, m wè yon anj puisan ki desann sot nan syèl la. Anj lan te vlope ak yon nyaj. Li te gen yon lakansyèl sou tèt li. Figi anj lan te menm jan ak solèy la epi janm li yo te sanble ak gwo kolòn, epi yo te tankou flanm dife. 2 Li te kenbe yon ti liv tou louvri nan men l. Li poze pye dwat li sou lanmè a, epi pye goch li sou latè. 3 Li te pran rele byen fò. Li fè bri menm jan ak yon lyon. Lè l te pran rele konsa, te gen sèt kout loray ki te fèt.
4 Lè sèt kout loray yo te fin pale, m t apral ekri, men m tande yon vwa ki sot nan syèl la ki te di m konsa: “Kenbe sa sèt loray yo di a sekrè, pa ekri l.”
5 Lè sa a, anj m te wè kanpe sou lanmè a ak sou latè a, li leve men dwat li an wo nan syèl la 6 epi li fè sèman nan non sila a k ap viv pou tout tan an, sila a ki kreye syèl la ak tout sa ki ladan l, sila a ki kreye latè ak tout sa l gen ladan l, sila ki kreye lanmè a ak tout sa ki ladan l lan: “M sèmante, p ap gen dèle ankò! 7 Lè setyèm zanj lan pral pare l pou l sonnen twonpèt li a, plan sekrè Bondye a pral akonpli nèt, nan fason l te anonse l bay sèvitè l yo, pwofèt li yo.”
8 Epi vwa m te tande soti nan syèl la pale avè m ankò, li di konsa: “Al pran liv ouvè a nan men anj ki kanpe sou lanmè a ak sou latè a.”
9 M ale epi m mande anj lan pou l ban m ti liv la. Li di m konsa: “Pran l epi manje l. L ap anmè anndan vant ou, men l ap kou siwo myèl nan bouch ou.” 10 M pran ti liv la nan men anj lan epi m vale l. Li te dous kou siwo myèl nan mouch mwen. Men, lè m vale l, li te koupe zantray mwen ak doulè. 11 Lè sa a, li di m: “Fòk ou pwofetize ankò kont anpil pèp, anpil nasyon, anpil lang ak anpil wa.”
De temwen yo
11 Apre sa, yo ban m yon baton ki fèt ak bwa wozo pou m mezire. Yo di m: “Al mezire tanp[e] Bondye a, ansanm ak lotèl la. Epi konte ki kantite moun k ap adore anndan l. 2 Men, kite lakou tanp lan, pa mezire l. Paske, yo kite l pou moun ki pa pou Bondye yo. Yo va montre pouvwa yo genyen sou Vil sent lan pandan 42 mwa. 3 M ap bay de temwen yo pouvwa pale nan non Bondye ak rad dèy sou yo, y ap pale nan non Bondye pandan 1,260 jou.”
4 De temwen sa yo, se de pye olivye yo. Yo se de lanp yo tou, ki kanpe devan Senyè a k ap domine sou tout latè. 5 Si yon moun vle fè yo mal, yon dife ap soti nan bouch yo pou detwi lènmi yo. Wi, se konsa moun ki vle fè yo mal dwe mouri. 6 Temwen sa yo gen pouvwa pou fè lapli pa tonbe pandan tout tan y ap pale nan non Bondye a. Yo gen pouvwa pou fè dlo tounen san. Yo ka frape latè ak tout kalite dezas, de tanzantan, jan yo vle.
7 Lè yo fin temwanye, bèt ki te soti nan twou san fon an ap batay avèk yo, l ap gen viktwa sou yo epi l ap touye yo. 8 Kadav yo ap rete nan lari, sou plas gwo lavil la. Yo bay Lavil sa a yon non an daki, yo rele l Sodòm ak Lejip. Se kote yo te klouwe Senyè a sou kwa a. 9 Moun tout nasyon, tout tribi, tout lang, tout peyi, va vini pou wè kadav yo pandan twa jou edmi. Moun yo p ap kite yo antere yo. 10 Tout moun sou latè ap kontan poutèt yo mouri. Y ap fè fèt, youn ap bay lòt kado, paske de pwofèt sa yo te fè moun soufri anpil.
11 Men, apre twa jou edmi, Bondye soufle yon souf lavi sou yo ankò. Yo leve kanpe sou de pye yo. Lè sa a, tout moun ki te wè yo te pè anpil. 12 Apre sa, de pwofèt yo tande yon vwa ki soti nan syèl la ki di yo: “Monte isit!” Yo monte nan syèl, nan yon nyaj, devan je lènmi yo.
13 Nan menm lè sa a, te gen yon gwo trannmantè vyolan. Yon dizyèm pati nan vil la kraze epi 7,000 moun te mouri nan trannmantè a. Moun ki pa t mouri te nan lapèrèz, yo t ap fè lwanj pou Bondye ki nan syèl la.
14 Dezyèm malè a pase. Men twazyèm malè a nan wout ap vini byen vit.
Setyèm twonpèt la sonnen
15 Setyèm zanj lan sonnen twonpèt la. Yon bann gwo vwa soti nan syèl la. Yo t ap di:
“Kounye a, wayòm mond lan se pou Senyè nou an ansanm ak Mesi li a,
l ap renye sou li pou tout tan gen tan.”
16 Lè sa a, 24 granmoun yo, ki chita devan Bondye yo tonbe fas a tè devan twòn Bondye a, yo t ap adore Bondye. 17 Yo t ap di:
“N ap di w mèsi, Senyè Bondye Toupuisan.
Se ou menm sèl ki egziste epi ki te toujou egziste.
Mèsi paske ou sèvi ak gwo puisans ou genyen
epi ou tabli pouvwa w.
18 Nasyon yo te an kòlè,
men kounye a, kòlè pa w rive.
Kounye a, jou jijman mò yo rive.
Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo,
pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo,
ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo,
piti kou gran.
Lè a rive pou ou detwi
moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”
19 Lè sa a, tanp Bondye a ki nan syèl la te louvri. Kòf Alyans lan te la, nan tanp lan. Te gen anpil zeklè, anpil bri, anpil kout loray, yon trannmantè ak anpil gwo moso glas ki t ap tonbe a tè.
Copyright © 2017 by Bible League International