Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Beginning

Read the Bible from start to finish, from Genesis to Revelation.
Duration: 365 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Revelasyon 4-8

Jan wè kijan yo adore Bondye

Apre sa, m gade, m wè yon pòt louvri nan syèl la. Premye vwa ki te pale avè m di konsa: Monte isit, m ap fè w wè sa k ap rive apre sa. Touswit, Sentespri Bondye pran kontwòl mwen. Mwen wè yon twòn nan syèl la, epi sou twòn nan, te gen yon moun chita. Moun ki te chita sou twòn nan te bèl tankou yon bijou yo rele jasp ak sadwan. Epi toutotou twòn nan, se te yon Akansyèl ki te sanble ak yon wòch yo rele emwod.

Toutotou twòn nan te gen 24 pèsonaj ansyen, chita, abiye toudeblan epi yo te gen kouwòn an ò sou tèt yo. Yon seri kout zeklè, gwo bri ak kout loray ap soti sou twòn nan. Devan twòn nan gen sèt lanp k ap klere byen klere, se sèt Espri Bondye yo. Devan twòn nan, te gen yon bagay ki sanble ak yon lanmè an glas, sanble ak kristal. Nan mitan twòn nan, epi toutotou twòn nan, gen kat kreyati vivan, yo plen je devan kon dèyè.

Premye kreyati vivan an sanble ak yon lyon, dezyèm kreyati vivan an sanble ak yon jenn towo bèf, twazyèm kreyati vivan an sanble ak yon figi moun, epi katriyèm kreyati vivan an sanble ak yon gwo malfini k ap vole. Tout kat kreyati vivan yo te genyen sis zèl. Yo ranpli ak je toutotou epi anndan yo tou. Yo pa sispann ap repete lannwit kou lajounen:

“Sen, sen, Bondye Senyè a sen, li menm ki toupisan an,
    li te la, li la, epi l ap vini!”

Yo t ap chante glwa ak onè pou moun ki te chita sou twòn nan, moun k ap viv pou tout tan an. Epi chak fwa yo te fè sa, 10 24 pèsonaj ansyen yo te tonbe ajenou devan moun ki chita sou twòn nan epi k ap viv pou tout tan gen tan an. Yo adore moun k ap viv pou tout tan an. Yo jete kouwòn yo devan twòn nan pandan y ap di konsa:

11 “Senyè Bondye nou,
    ou diy pou resevwa glwa, onè ak pouvwa.
Paske se ou menm ki kreye tout bagay.
    Tout bagay te fèt paske w te vle fè yo.”

Ki moun ki kapab louvri woulo a?

Lè sa a, m wè yon liv sou fòm yon woulo nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Woulo sa a te ekri toude bò, anndan kou deyò. Liv la te fèmen epi yo poze sèt sele sou li. Epi m wè yon anj puisan ki t ap kriye byen fò: “Ki moun ki diy pou kase sele yo epi louvri liv la?” Men, ni nan syèl la, ni sou tè a, ni anba tè a, pa genyen pèsòn ki te kapab kase sele yo pou gade anndan liv la. Mwen te kriye anpil, paske pèsòn pa t diy ase pou louvri liv la, pèsòn pa t diy ni menm pou gade sa ki ladan. Men youn nan pèsonaj ansyen yo te di m konsa: Ou pa bezwen kriye! Lyon[a] ki soti nan Jida a, ki soti ras fanmi David la, li kapab louvri woulo liv la epi kase tout sèt sele yo.

Lè sa a, mwen wè yon Ti Mouton kanpe toupre twòn nan, antoure ak kat kreyati vivan yo. Ti Mouton an sanble ak yon mouton yo te ofri an sakrifis. Li gen sèt kòn ak sèt zye. Sèt je yo se sèt espri Bondye voye toupatou sou la tè. Ti Mouton an avanse epi li pran woulo liv la nan men dwat moun ki te chita sou twòn nan. Lè Ti Mouton fin pran woulo liv la, kat kreyati vivan yo ak 24 pèsonaj ansyen yo tonbe ajenou devan l. Yo chak te gen yon hap nan men yo. Yo te genyen plizyè bòl an ò tou, plen ak lansan, ki se priyè moun pa Bondye yo. Yo t ap chante yon nouvo chan:

“Ou diy pou w pran woulo liv la
    epi pou kase sele yo,
paske ou te mouri an sakrifis,
    epi ak san ou, ou te achte pou Bondye
    moun tout ras, tout lang, tout pèp ak tout nasyon.
10 Ou fè ak yo yon wayòm sakrifikatè pou Bondye nou an,
    y ap gouvènen ansanm avè l sou tè a.”

11 Epi m gade, m tande vwa yon pil anj. Anj yo te reyini toutotou twòn nan, kreyati vivan yo ak pèsonaj ansyen yo. Se te pa miryad ak pa milye yo te konte![b] 12 Zanj yo t ap di byen fò:

“Tout pouvwa, tout richès, tout sajès, ak tout puisans
    se pou Ti Mouton an ki te mouri an sakrifis la.
Li diy pou l resevwa
    onè, glwa, ak louwanj!”

13 Lè sa a, m tande tout kreyati ki nan syèl la ak sou tè a epi anba tè a ak nan lanmè a, tout bagay tout kote, yo tout t ap di:

“Tout louwanj ak onè
    ak glwa ak puisans pou tout tan gen tan,
    se pou moun ki chita sou twòn nan ansanm ak Ti Mouton an!”

14 Kat kreyati vivan yo di konsa: “Amèn!” Epi pèsonaj ansyen yo pwostène ajenou, yo t ap adore.

Ti mouton an louvri woulo liv la

Apre sa, m t ap gade, Ti Mouton an kase youn nan sèt sele yo. Lè sa a, m tande youn nan kat kreyati vivan yo pale byen fò tankou yon kout loray, li di, “vini!” M voye je m, m wè devan m yon chwal blan. Kavalye a kenbe nan men l yon ache epi yo ba li yon kouwòn. Li pati sou chwal li pou l al ranpòte laviktwa.

Lè l kase dezyèm sele a, mwen tande dezyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Lè sa a, yon lòt chwal parèt, yon koulè wouj vif. Kavalye a resevwa pouvwa pou l retire lapè sou latè, pou l fè moun yo youn ap koupe tèt lòt, touye youn lòt. Yo ba li yon gran nepe.

Lè li kase twazyèm sele a, m tande twazyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Mwen gade epi m wè yon chwal nwa. Kavalye a te gen yon balans nan men l. Epi m tande yon bagay menm jan ak yon vwa ki soti pami kat kreyati vivan yo. Vwa a di: “Yon mezi ble pou yon denye,[c] twa mezi pitimi pou yon jounen travay. Men pa touche lwil la ak diven an pou fè yo mal.”

Lè l kase katriyèm sele, mwen tande katriyèm kreyati vivan an di: “Vini!” Lè sa a, m gade, m wè yon chwal koulè vèt pal. Kavalye a rele lanmò, epi plas pou resevwa mò yo t ap swiv li. Yo te bay kavalye a, ansanm ak plas pou resevwa mò yo, pouvwa sou yon ka nan latè, pou yo touye moun yo ak nepe, ak grangou, ak epidemi maladi epi ak tout kalite bèt sovaj.

Lè l kase senkyèm sele a, mwen wè, anba lotèl la, nanm moun yo te touye yo poutèt pawòl Bondye ak fidelite yo. 10 Yo t ap kriye byen fò pou di: “Senyè sen, Senyè toutbon vre, jis ki tan ou va fè n jistis, jis ki tan ou va vanje san nou sou tout moun ki rete sou latè?” 11 Lè sa a, yo chak te resevwa yon wòb blan epi yo di yo konsa: Tann yon ti tan ankò, jouktan kantite konpanyon nou yo ki dwe mouri a va fin mouri menm jan an tou.

12 Apre sa, m gade, m wè Ti Mouton an kase sizyèm sele a. Epi li fè yon gwo gwo trannmantè. Solèy la vin tou nwa tankou yon twal nwa pwès, epi tout lalin nan vin tou wouj tankou san. 13 Zetwal yo t ap grennen tonbe soti nan syèl, menm jan ak lè yon gwo van sekwe yon pye fig, fig yo grennen tonbe a tè. 14 Syèl la te retire kò l, menm jan ak yon woulo liv yo woule pou fèmen l. Tout gwo mòn yo ak tout zile yo te deplase kote yo te ye.

15 Lè sa a, tout wa ki sou latè yo, tout dirijan yo, tout kòmandan lame yo, moun rich yo, moun ki gen puisans yo, tout esklav yo, moun lib yo, yo tout te kouri kache tèt yo nan twou wòch epi nan mitan gwo wòch ki nan mòn yo. 16 Yo t ap di mòn yo ak wòch yo: “Tonbe sou nou, kache nou devan fas moun ki chita sou twòn nan ak devan kolè Ti Mouton an! 17 Paske gwo jou kòlè yo a rive. Pa gen pèsòn ki ka kanpe devan yo.”

144,000 moun nan pèp Izrayèl la

Apre sa, mwen wè kat anj kanpe nan kat kwen latè. Anj sa yo te kenbe van ki soti nan kat direksyon latè a nan men yo. Yo fè sa pou van pa soufle ditou, ni sou latè, ni sou lanmè, ni sou okenn pyebwa. M wè yon lòt zanj ki soti bò kote solèy leve, li te gen sa Bondye vivan an nan men l. Li rele kat anj ki te resevwa lòd pou fè latè ak lanmè a mal, li di yo: Pa fè ni tè a, ni lanmè a, ni pyebwa yo anyen ki mal, jouktan nou fin make fon sèvitè Bondye yo avèk sa a.

M te tande kantite moun ki te make ak sa a: Yo te sankarannkat mil moun, yo soti nan tout ras fanmi pèp Izrayèl la.

Pou ras fanmi Jida se 12,000

Pou ras fanmi Riben se 12,000

Pou ras fanmi Gad se 12,000

Pou ras fanmi Azè se 12,000

Pou ras fanmi Neftali se 12,000

Pou ras fanmi Manase se 12,000

Pou ras fanmi Simeyon se 12,000

Pou ras fanmi Levi se 12,000

Pou ras fanmi Isaka se 12,000

Pou ras fanmi Zabilon se 12,000

Pou ras fanmi Jozèf se 12,000

Pou ras fanmi Benjamen se 12,000

Gran foul la

Apre sa, m gade ankò, m wè se te yon gwo foul moun. Yo te si tèlman anpil pèsòn pa t ka konte yo tout. Se te moun ki te soti nan tout nasyon, tout ras fanmi, tout pèp ak tout kalite lang. Yo te la devan twòn nan ak devan Ti Mouton an, yo te abiye ak wòb blan ak branch bwa nan men yo. 10 Yo t ap rele byen fò, yo t ap di:

“Viktwa a se pou Bondye nou an li ye,
    li menm ki chita sou twòn nan,
    ansanm avèk Ti Mouton an.”

11 Tout anj yo te fè yon sèk toutotou twòn nan, ansanm ak granmoun yo, ak kat kreyati vivan yo tou. Yo te koube fas a tè devan twòn nan, yo t ap adore Bondye. 12 Yo t ap di: “Amèn! Lwanj, glwa, sajès, remèsiman, onè, pouvwa ak puisans pou Bondye nou an, pou tout tan gen tan! Amèn!”

13 Lè sa a, youn nan granmoun yo mande m: Moun sa yo ki abiye ak wòb blan yo, ki moun yo ye? Kote yo soti?

14 M te reponn: “Senyè m, se ou k ka konnen.” Li di: “Se moun ki soti nan grann tribilasyon an.” Yo lave wòb yo,[d] yo fè yo byen blan nan san Ti Mouton an.

15 Se poutèt sa, moun sa yo devan twòn Bondye a. Y ap adore li nan tanp lan lajounen kou lannuit. Moun ki chita sou twòn nan ap ba yo pwoteksyon lakay li. 16 Yo p ap janm grangou ankò, yo p ap janm swaf ankò, solèy la p ap boule yo ankò, ata gwo chalè p ap frape yo. 17 Paske, Ti Mouton an ki kanpe kote twòn nan ye a ap yon Pastè pou moun sa yo. L ap mennen yo bwè nan sous dlo lavi a. Bondye menm ap konsole yo, l ap siye tout dlo nan je yo.

Setyèm sele a

Ti Mouton an kase setyèm sele a. Lè sa a, te gen yon gwo silans nan syèl la, sa te pran demièdtan anviwon. Epi m wè sèt anj yo ki te kanpe bò kote Bondye a. Yo ba yo sèt twonpèt.

Te gen yon lòt anj ki te vini, li te kanpe bò lotèl la. Li te gen yon ansanswa nan men l. Yo te ba li yon pil lansan pou l fè ofrann pou akonpanye rekèt priyè moun ki apa pou Bondye yo. Anj lan depoze ofrann nan sou lotèl an ò a ki devan twòn nan. Lafimen lansan an, ki te soti nan men anj lan, ak lapriyè moun ki sen yo te monte ale devan Bondye. Epi, anj lan pran pèl la, li plen l ak dife soti sou lotèl la, li voye l sou latè. Lè sa a, sa te fè yon seri gwo kout loray, anpil bri vwa, anpil kout zeklè ak yon trannmantè.

Premye twonpèt la sonnen

Lè sa a, sèt anj ki te gen sèt twonpèt yo te pare pou yo sonnen twonpèt yo.

Premye anj lan sonnen twonpèt pa l la. Lè sa a, lagrèl ak dife melanje ak san te sot tonbe sou latè. Yon tyè latè boule, yon tyè pyebwa boule, epi tout zèb vèt boule.

Dezyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon bagay ki sanble ak gwo mòn dife tonbe nan lanmè a. Yon tyè nan lanmè a tounen san. Yon tyè nan bèt k ap viv nan lanmè a mouri epi yon tyè nan bato yo detwi.

10 Twazyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon gwo zetwal tonbe sot nan syèl la, li limen tankou yon gwo flanbo dife. Li tonbe sou yon tyè nan flèv yo ak sou sous dlo yo. 11 Non zetwal la se te “Pwazon anmè”. Yon tyè nan dlo yo vin anmè, epi anpil moun mouri paske dlo yo te anpwazonnen.

12 Katriyèm anj lan sonnen twonpèt pa l la, yon tyè nan solèy la, yon tyè nan lalin nan, yon tyè nan zetwal yo, yo tout te frape. Sa fè jounen an ak lannuit lan te vin pèdi yon tyè nan klète yo.

13 M te kontinye ap gade epi m tande yon malfini ki t ap vole anwo nan syèl la. Li t ap rele byen fò, li t ap di: “Malè! Malè! Gade tray non pou moun k ap viv sou latè! Pi gwo malè a gen pou rive lè twa lòt twonpèt yo va sonnen.”

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International