Beginning
Jezi lave pye disip li yo
13 Anvan fèt Pak la, Jezi te deja konnen lè l te rive pou l kite lemonn pou l ale kote Papa l, li te toujou renmen moun li chwazi pou disip li yo. Lè sa a, li ba yo yon prèv lanmou san mezi.
2 Pandan yo t ap manje nan aswè, lè sa a, Satan te gentan mete nan kè Jida, pitit Simon Iskaryòt la, pou l trayi Jezi. 3 Poutèt Jezi konnen Papa l te remèt li tout bagay, se Bondye ki te voye l epi l ap retounen jwenn Bondye, 4 li leve kote yo t ap manje a, li wete rad li epi li pran yon twal fè sèvyèt mare ren li. 5 Apre sa, li vide dlo nan yon veso, li pran lave pye[a] disip li yo, epi siye yo ak twal li te mare ren l lan.
6 Li te rive sou Simon Pyè pou l lave pye l. Pyè di l konsa: “Ou menm Senyè, lave pye m!”
7 Jezi reponn li: “Sa m ap fè la a ou poko ka konprann sa kounye a, ou va konprann sa apre.”
8 Pyè di l konsa: “Lave pye m menm! Sa p ap fèt pyès!”
Lè sa a Jezi di li: “Si m pa lave w, ou pa kapab asosye avè m.”
9 Simon Pyè reponn: “Si se konsa, se pa pye m pou w lave sèlman, lave ni men m ni tèt mwen tou!”
10 Jezi di l konsa: “Yon moun ki benyen deja, li pa bezwen lave kò l ankò, paske tout kò l gentan pwòp, se pye l sèlman li bezwen lave. Nou pwòp deja, men se pa nou tout.” 11 Li te konnen ki moun ki te gen pou trayi l la, se poutèt sa li di: “Se pa nou tout ki pwòp.”
12 Lè Jezi fin lave pye disip yo, li remete rad li sou li, li chita ankò bò tab la, epi li di: “Èske nou konprann sa m sot fè pou nou la a? 13 N ap rele m Mèt ak Senyè. Nou byen fè, se sa mwen ye vre. 14 Si mwen menm ki Senyè ak Mèt, mwen lave pye nou, nou menm tou, nou youn dwe lave pye lòt. 15 Paske se yon egzanp mwen ban nou. Sa mwen fè pou nou an se pou nou youn fè l pou lòt. 16 An verite, an verite, mwen di nou, yon esklav pa pi gran pase mèt li, ni yon komisyonè pi gran pase moun ki voye l la. 17 Si nou konnen bagay sa yo, nou se moun ki beni anpil, men se si nou fè sa.
18 Pawòl m ap di la a pa konsène tout moun. Mwen konnen kilès mwen chwazi. Men pou Bib la kapab akonpli: Moun k ap manje pen avèk mwen an leve kont mwen.[b] 19 Depi kounye a mwen di nou sa anvan l rive. Konsa, lè sa va rive, nou va kwè mwen se Mesi a vre.[c] 20 An verite, an verite, mwen di nou: moun ki resevwa moun mwen voye, se mwen li resevwa, men moun ki resevwa m, se moun ki voye m nan li resevwa.”
Jezi fè konnen kilès ki va leve kont li
(Mat 26:20-25; Mak 14:17-21; Lik 22:21-23)
21 Lè l fin pale konsa, li te santi l boulvèse anndan l, epi li di yo aklè: “An verite, an verite, mwen di nou: gen youn nan nou k ap trayi m.”
22 Disip yo te pran gade youn lòt, yo pa t konnen pou kilès nan yo Jezi di pawòl sa a. 23 Youn nan disip yo ki te bò tab la, sa Jezi te renmen anpil la, li te chita kòtakòt ak Jezi. 24 Simon Pyè fè disip sa a yon siy pou l mande Jezi pou kilès nan yo l ap pale.
25 Disip la panche bò zòrèy Jezi, li di l: “Senyè, se kilès?”
26 Jezi reponn li: “Moun ou va wè m tranpe yon moso pen ba li a.” Lè sa a, li plonje yon moso pen nan asyèt la epi li lonje l bay Jida Iskaryòt, pitit Simon an. 27 Apre moso pen sa a, satan antre nan Jida. Lè sa a, Jezi di l: “Sa ou ap fè a fè l vit.” 28 Pèsonn sou tab la pa t konprann pou kisa li te di Jida sa. 29 Kòm Jida te responsab kès la, kèk moun te panse Jezi te di li, al achte sa w gen pou achte pou fèt la, oubyen bay pòv yo kichòy.
30 Jida limenm, li fin pran moso pen tranpe a, li leve soti lamenm, li te lannuit fènwa.
Jezi pale sou lanmò li
31 Lè Jida soti, Jezi di konsa: “Kounye a yo pral glorifye Pitit Lòm nan, li menm li glorifye Bondye nan lavi l. 32 Poutèt Pitit la te glorifye Bondye Papa a nan lavi l, talè konsa, Papa a pral glorifye Pitit la nan li menm.
33 Zanmi m yo, mwen p ap pase anpil tan ak nou ankò. Nou va chache m, men, menm jan m te di lidè Jwif yo, mwen di nou sa tou, nou p ap kapab vini kote m prale a.
34 M ap ban nou yon kòmandman nouvo: Se pou nou renmen youn lòt. Se pou nou renmen youn lòt menm jan m renmen nou an. 35 Tout moun va konnen nou se disip mwen, si nou youn renmen lòt.”
Jezi di Pyè gen pou renye l
(Mat 26:31-35; Mak 14:27-31; Lik 22:31-34)
36 Simon Pyè mande Jezi: “Senyè, kote w prale?”
Jezi reponn li: “Kote m prale a ou pa kab swiv mwen kounye a, men ou va swiv mwen pita.”
37 Pyè di l konsa: “Senyè, pou kisa m pa kapab swiv ou kounye a? M prèt pou m bay lavi m pou ou.”
38 Jezi reponn li: “Ou ap bay lavi w pou mwen? An verite, an verite, m ap di w: anvan kòk chante, ou ap gen tan fè sèman di ou pa konnen m.”
Jezi ankouraje disip li yo
14 “Kè nou pa bezwen twouble. Se pou n kwè nan Bondye epi kwè nan mwen menm tou. 2 Lakay papa m gen anpil kote pou moun rete. Si sa pa t vre, èske m ta di nou mwen pral prepare yon plas pou nou? 3 Lè m va ale, epi m va fin prepare yon plas pou nou, m ap tounen epi m ap pran nou avèk mwen. Konsa, kote m ye a se la nou va ye tou. 4 Epi, nou konnen chemen kote m prale a.”
5 Toma di l konsa: “Senyè, nou pa konn kote w prale, kijan pou n fè konn chemen an?”
6 Jezi di l: “Mwen menm, mwen se chemen an, mwen se verite a, epi mwen se lavi. Pa gen okenn moun ki janm rive kote Papa a san pase pa mwen. 7 Si nou te konnen m, nou t ap konn Papa m tou. Epi depi kounye a, nou konnen l epi nou gentan wè l.”
8 Filip di l konsa: “Senyè, fè nou wè Papa a epi n ap satisfè.”
9 Jezi di l: “Pou tanndat mwen avèk nou epi w pa konnen m, Filip! Moun ki wè m se Papa a li wè, kijan w fè di pou m montre w Papa a? 10 Èske w pa kwè mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen? Pawòl m ap di yo, mwen pa pale pou pwòp tèt pa m, men se Papa a ki nan mwen k ap fè sa m ap fè yo. 11 Kwè m si nou vle, lè m di: Mwen nan Papa a epi Papa a nan mwen. Sinon, kwè kanmenm poutèt mirak yo.
12 An verite, an verite, m ap di nou: Moun ki kwè nan mwen ap fè menm sa m fè yo. Epi l ap fè pi gwo bagay toujou, paske mwen menm m prale kote Papa a, 13 epi tout sa nou va mande nan non m, m ap fè l, pou Papa a kapab glorifye nan Pitit la. 14 Si nou mande m yon bagay nan non mwen, m ap fè l.
Jezi pwomèt Sentespri a va vini
15 Si nou renmen m, n ap fè sa m di nou fè. 16 Mwen menm, m ap mande Papa a pou l ban nou yon lòt konsolatè[d] ki va la avèk nou pou tout tant. 17 Se li menm ki Lespri verite a.[e] Moun ki nan lemonn pa kab resevwa l, paske yo pa wè li epi yo pa menm konnen l. Nou menm, nou konnen li, paske li bò kote nou epi l ap vin viv nan nou.
18 Mwen p ap kite nou òfelen, m ap vin jwenn nou. 19 Yon ti kras tan ankò lemonn p ap wè m ankò, men nou menm n ap wè m. Nou va viv paske mwen menm mwen vivan. 20 Nan jou sa a, nou va konnen mwen nan Papa m, nou menm nou nan mwen epi mwen menm mwen nan nou. 21 Moun ki genyen kòmandman m yo epi ki fè sa m mande, se moun sa a ki renmen m. Moun ki renmen m, Papa m ap renmen l. Mwen menm m ap renmen l tou, epi m ap fè l konnen ki moun mwen ye.”
22 Jida (se pa Jida Iskaryòt la non) di li konsa: “Senyè, kijan fè se nou w ap fè konnen kilès ou ye, men se pa moun ki nan lemonn?”
23 Jezi reponn li: “Si yon moun renmen m, l ap fè sa m mande, epi Papa m ap renmen l, epi n ap vin tabli nou lakay li. 24 Moun ki pa renmen m p ap mete pawòl mwen an pratik, epi pawòl sa yo n ap tande a pa soti nan mwen, yo soti nan Papa m ki voye m nan.
25 Mwen di nou bagay sa yo pandan m ap viv kote nou an. 26 Men, Konsolatè a, Sentespri a Papa a ap voye nan non m nan, l ap anseye nou tout bagay epi l ap fè n sonje tout sa m te konn ap di nou.
27 M ap kite nou ak lapè mwen,[f] m ap ban nou lapè nan jan pa m, se pa menm jan ak lemonn. Se pou nou sispann gen kè kase ak lapèrèz. 28 Nou te tande m di nou mwen prale epi m ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m, nou t ap kontan dèske m prale jwenn Papa m, paske Papa m gen plis pouvwa pase m. 29 Mwen di nou sa depi kounye a anvan sa rive, pou lè sa rive pou nou kapab kwè.
30 Mwen pa gen anpil bagay m ap di nou ankò, paske chèf k ap domine nan lemonn[g] lan ap vini, men li pa gen okenn pouvwa sou mwen. 31 Men, pou lemonn ka konnen mwen renmen Papa a epi mwen fè sa li mande m fè, an n leve, an n pati kite isit la.”
Jezi se menm jan ak yon pye rezen
15 “Mwen menm se vrè pye rezen an, epi Papa m se moun k ap okipe pye rezen an. 2 Tout branch ki nan mwen ki pa donnen, li koupe l voye jete. Men, tout branch ki donnen, li netwaye l pou l kapab donnen pi plis toujou. 3 Pou nou menm, ansèyman nou resevwa avè m gentan retire vye fèy ak vye branch ki ta fè nou pa ka donnen. 4 Rete branche nan mwen, epi mwen menm m ap rete branche nan nou tou. Menm jan ak branch rezen ki pa kapab donnen poukont li san l pa rete atache nan pye rezen an, se kon sa tou nou pa kapab donnen si nou pa rete branche nan mwen.
5 Mwen menm se pye rezen an, nou menm nou se branch yo. Branch sa yo ki rete nan mwen epi mwen menm nan yo, se pa ti donnen y ap donnen. Paske san mwen menm nou pa kapab fè anyen. 6 Si yon moun pa rete atache nan mwen, yo va koupe l jete deyò, menm jan ak branch rezen an, l ap seche epi y ap ranmase l mete nan dife. 7 Si nou rete atache nan mwen, epi nou pratike ansèyman mwen yo, nou mèt mande sa nou vle, nou va jwenn li. 8 Lè nou donnen anpil, se kon sa nou montre nou se disip mwen. Alò moun va wè glwa Papa m.
9 Menm jan Papa a renmen m, kon sa tou mwen renmen nou. Kontinye viv selon ansèyman mwen yo, epi mwen menm va renmen nou. 10 Si nou fè sa m kòmande nou fè, n ap kontinye viv nan lanmou mwen, menm jan mwen menm, mwen fè sa Papa m kòmande m, epi m kontinye viv nan lanmou li. 11 Mwen di nou pawòl sa a, pou lajwa pa m kapab nan nou, epi pou nou menm kapab gen lajwa nèt ale. 12 Men kòmandman mwen: Se pou nou renmen youn lòt, menm jan m renmen nou. 13 Pa janm gen yon lanmou pi gran pase lanmou yon moun ki bay pwòp lavi l pou moun li renmen. 14 Nou se zanmi m si nou fè sa m mande nou fè. 15 Mwen pa rele nou senp sèvitè, paske yon sèvitè pa konn sa mèt li ap fè. Men nou menm, mwen rele nou zanmi, paske mwen fè nou konnen tout sa m tande Papa m di.
16 Malgre sa, se pa nou ki te chwazi m, men se mwen menm ki chwazi nou, epi mwen tabli nou pou nou al pote fwi epi pou fwi nou yo kapab dire lontan. Konsa, tout sa nou va mande Papa a nan non m, li va ba nou l. 17 Sa mwen pase nou lòd pou n fè se pou nou renmen youn lòt.
Jezi avèti disip li yo
18 Si lemonn rayi nou, se pou n konnen se paske l rayi m an premye. 19 Si nou te moun lemonn, lemonn t ap renmen nou. Men paske nou pa moun lemonn epi se nan lemonn mwen te pran nou mete apa, se pou sa lemonn rayi nou.
20 Sonje byen sa m te di nou: Yon esklav pa gen plis enpòtans pase mèt li. Si yo te pèsekite m, y ap pèsekite nou tou, si yo te obeyi ansèyman m yo, y ap obeyi ansèyman nou yo tou. 21 Yo va fè nou sibi tout bagay sa yo poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki voye m nan. 22 Si m pa t vini epi si m pa t pale yo, yo pa t ap koupab. Men kounye a, yo pa gen okenn eskiz pou peche yo.
23 Moun ki rayi m rayi Papa m tou. 24 Si m pa t fè devan je yo bagay okenn lòt moun pa t janm fè, yo pa t ap koupab. Men kounye a, malgre yo wè sa m fè, yo kontinye rayi ni mwen ni Papa m. 25 Men, se pou sa ki te ekri nan Lalwa yo a kapab akonpli ki fè yo rayi m san rezon.[h]
26 Lè konsolatè a va vini, moun m ap voye soti lakay Papa a, Lespri verite[i] Papa a ap voye a, l ap rann temwanyaj pou mwen. 27 Nou menm tou, n ap sèvi m temwen, paske depi nan kòmansman nou te avè m.
Copyright © 2017 by Bible League International