Beginning
Parabòl bankè a
(Lik 14:15-24)
22 Jezi te kontinye ap sèvi ak parabòl pou anseye pèp la. 2 Li di yo: “Wayòm Bondye a se tankou yon wa ki prepare yon gwo resepsyon maryaj pou pitit gason l. 3 Lè lè a rive, li voye sèvitè l yo pou fè envite yo sonje jou nòs la. Men tout moun li te envite yo te refize vini.
4 Yon dezyèm fwa, li voye sèvitè l yo al kote envite yo pou di yo tout bagay gen tan pare. Mwen gen tan touye pi bon bèf mwen yo ak lòt bèt ankò. Tout bagay pare, m ap tann nou pou nou vin nan nòs la.
5 Men tout envite yo te fè la soudorèy, epi yo te kontinye ap regle zafè pèsonèl yo. Genyen k al travay nan jaden yo, gen lòt k al regle zafè komès yo. 6 Gen yon lòt gwoup menm ki mete men sou sèvitè wa a, yo maltrete yo epi touye yo. 7 Sa te fè wa a fache anpil. Li voye sòlda l yo al touye tout asasen yo. Apre sa, li fè mete dife nan vil kote yo t ap viv la.
8 Apre sa, wa a di sèvitè l yo: Resepsyon nòs la fin pare, men nou te gen move kalite envite. 9 Konsa, ale kanpe nan kafou yo, epi envite tout moun k ap pase pou yo vin nan resepsyon nòs la. 10 Sèvitè wa a soti nan lari a, yo ranmase tout moun yo te jwenn, bon moun tankou move moun. Konsa resepsyon an te vin plen moun.
11 Men lè wa a vin fè yon ti kontwòl sou moun ki te nan resepsyon an, li wè yon nonm ki pa t gen rad nòs sou li. 12 Wa a di l: zanmi m, kijan w fè kote w ye a san ou pa gen rad nòs sou ou? Men moun ki pa t gen rad nòs la pa t menm ka di yon mo. 13 Apre sa wa a di sèvitè l yo: Mare de pye l mare de bra l, epi voye l jete nan fènwa deyò a, kote k ap gen kriye ak manje dan an.
14 Wi, Bondye rele anpil moun, men se sèlman yon ti ponyen li chwazi.”
Jezi reponn yon kesyon pyèj
(Mak 12:13-17; Lik 20:20-26)
15 Apre sa, Farizyen yo kite kote Jezi t ap anseye a epi y al fè yon reyinyon. Yo t ap eseye tann yon pyèj pou Jezi, sitou nan sa l ap di. 16 Farizyen yo voye bò kote Jezi kèk disip pa yo ansanm ak kèk patizan wa Ewòd. Yo di li: “Mèt, nou konnen ou toujou met verite a kote l ye. W ap montre moun chemen Bondye. Sa ou gen pou di a, se li w ap di. Ou pa gade moun sou laparans. 17 Konsa nou bezwen genyen opinyon w sou kesyon sa a: Èske se byen pou nou kontinye peye taks bay Seza, wi ou non?”
18 Men Jezi te konnen ki movèz entansyon yo te genyen nan poze l kesyon sa a. Konsa li di yo: “Bann ipokrit! Poukisa n ap chache pran m nan pyèj? 19 Montre m yon pyès lajan nou sèvi pou nou peye taks.” Yo pote yon pyès kòb ba li. 20 Li mande yo: “Foto ki moun ak non ki moun ki sou pyès kòb sa a?”
21 Yo reponn li: “Foto Seza ak non Seza.”
Epi li di yo: “Bay Seza sa k pou Seza, bay Bondye sa k pou Bondye!”
22 Apre yo fin tande repons sa a, yo te tèlman sezi, yo kite Jezi repo. Y ale fè wout yo.
Kèk Sadiseyen ap chache pyeje Jezi
(Mak 12:18-27; Lik 20:27-40)
23 Nan menm jou a, kèk Sadiseyen te vin kote Jezi. (Sadiseyen yo pa kwè nan koze rezirèksyon.) Men kesyon yo te poze l: 24 “Mèt, Moyiz te anseye si yon mesye marye mouri san l pa gen pitit, frè li dwe marye ak madanm defen an, pou l ka fè pitit pou frè ki mouri a.[a] 25 Vwala te gen yon fanmi ki te gen sèt pitit gason. Premye frè a marye, li mouri san fè pitit. Konsa dezyèm frè a marye ak madanm defen an. 26 Menm bagay rive dezyèm ak twazyèm frè a, jouk yo tout sèt la te marye ak menm fi a epi mouri san fè pitit. 27 Fi a vin mouri an dènye. 28 Kòm yo tout sèt la te marye ak menm fi a, apre rezirèksyon an, madanm kilès l ap ye?”
29 Jezi reponn, li di yo: “Nou nan erè, paske nou pa konnen sa Bib la di, ni nou pa konprann pouvwa Bondye. 30 Youn nan bagay nou bezwen konprann, apre rezirèksyon an, p ap gen koze maryaj ankò. Nou ap tankou anj nan syèl la. 31 Sou kesyon rezirèksyon an, èske nou pa janm li sa Bondye di nan pwòp avantaj nou: 32 Mwen se Bondye Abraram nan, Bondye Izarak la, ak Bondye Jakòb la?(A) Bondye pa Bondye moun mouri, li se Bondye moun vivan.”
33 Foul moun yo te etone anpil lè yo tande jan Jezi t ap anseye.
Ki kòmandman ki pi Empòtan?
(Mak 12:28-34; Lik 10:25-28)
34 Lè Farizyen tande jan Jezi te fèmen bouch Sadiseyen, yo fè yon reyinyon. 35 Youn ladan yo, yon ekspè nan Lalwa Moyiz la, poze Jezi kesyon sa a: 36 “Mèt, ki pi gran kòmandman ki gen nan Lalwa a?”
37 Jezi reponn li: “Renmen Senyè Bondye ou la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout panse ou.(B) 38 Sa a se premye ak pi gran kòmandman an. 39 Dezyèm nan ki sanble ak premye a se: Renmen pwochen w[b] menm jan ak pwòp tèt pa w.(C) 40 Tout sa ki ekri nan Lalwa ak Pwofèt yo chita sou de gwo kòmandman sa yo.”
Èske Mesi a se pitit David?
(Mak 12:35-37; Lik 20:41-44)
41 Pandan Farizyen yo te kòmanse ap rasanble, Jezi poze yo yon kesyon: 42 “Ki sa nou panse konsènan Kris la? Pitit kilès li ye?”
Yo reponn li: “Li se pitit David.”
43 Jezi di yo: “Si se konsa, poukisa David rele l Senyè? Se anba kontwòl Sentespri David t ap pale, lè l di:
44 Bondye di Senyè m nan:
Chita sou bò dwat mwen,
jiskaske m fè lènmi w yo
tonbe anba pouvwa w!(D)
45 Bon, si David rele Mesi a Senyè, kijan li ta ka fè pitit David ankò?”
46 Tout moun te rete bouch be! Depi lè a tou tout moun te kraponnen, pèsonn pa t brav ase pou poze Jezi kesyon ankò.
Jezi kritike lidè relijye yo
(Mak 12:38-40; Lik 11:37-52; 20:45-47)
23 Jezi te kòmanse pale ak foul la ansanm ak disip li yo, li di: 2 “Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo deklare yo gen konpetans pou entèprete[c] Lalwa Moyiz la. 3 Obeyi epi fè tout sa yo anseye nou. Men pa fè sa yo fè, paske yo pa pratike sa y ap anseye a. 4 Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.[d]
5 Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè[e] yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj[f] nan manto yo pi long pase pa lòt moun. 6 Yo renmen plas devan nan resepsyon. Yo renmen plas kote moun ka wè yo lè y al nan sinagòg. 7 Lè yo sou laplas piblik, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè, yo renmen lè moun rele yo Mèt.
8 Men nou pa dwe kite moun rele nou Mèt paske nou gen yon sèl Mèt. Apre sa nou tout egal ego kòm frè ak sè. 9 Pa rele okenn moun sou latè Papa, paske se yon sèl papa nou genyen, epi se nan syèl li ye. 10 Pa kite okenn moun rele w Mèt, paske nou gen yon sèl mèt, se Kris la. 11 Moun ki pi enpòtan pami nou, se sila a k ap sèvi lòt moun yo. 12 Nenpòt moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.
13 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. 14 [g]
15 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou.
16 Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li. 17 Nou avèg nou egare! Ki sa ki pi enpòtan: lò ki nan tanp lan oswa tanp la ki konsakre lò a?
18 Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li. 19 Bann avèg! Kisa ki pi enpòtan: ofrann nan ki sou lotèl la oswa lotèl ki konsakre ofrann nan? 20 Nenpòt moun ki fè sèman sou lotèl la, li sèmante sou nenpòt sa ki sou lotèl la. 21 Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. 22 Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li.
23 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi.[h] Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag. 24 Nou avèg epi n ap kondui moun! Yon bò, nou pase sa n ap bwè nan paswa pou nou pa vale mouch, yon lòt bò nou vale yon gwo chamo.
25 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi. 26 Farizyen avèg! Netwaye anndan tas la an premye, se lè sa a deyò a ap vin pwòp toutbon.
27 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou tankou tonm yo pentire an blan. Deyò nou parèt byen bèl, men anndan nou plen ak zosman moun mouri ak tout kalite malpwòprete. 28 Se menm jan pou nou tou, nanpwen moun ki pi sen pase nou sou deyò, men anndan nou plen ak ipokrizi ak mechanste.
29 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bati tonm pou pwofèt yo, pou n montre anpil onè pou kav moun ki jis yo, 30 epi nou di si nou te viv nan tan zansèt yo, nou pa t gen anyen pou wè ak lanmò pwofèt yo. 31 Konsa nou rekonèt nou se pitit moun ki te asasinen pwofèt yo. 32 Enben, an avan non! Nou mèt fini travay zansèt nou te kòmanse a!
33 Bann ras vipè! Ki jan nou fè mete nan tèt nou n ap rive chape toumant lanfè a? 34 Se poutèt sa, mwen pral voye ba nou pwofèt, moun saj, ak moun ki konn anseye byen. Se sèten nou pral touye kèk nan yo, nou pral krisifye kèk lòt. Genyen nou pral bat nan sinagòg nou yo. Gen kèk lòt ankò n ap pèsekite soti yon vil rive nan yon lòt.
35 Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari,[i] pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. 36 M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a.
Jezi bay avètisman pou Jerizalèm
(Lik 13:34-35)
37 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! 38 Men kounye a, kay ou a pral rete vid. 39 Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”(E)
Copyright © 2017 by Bible League International