Beginning
Kilès ki pi gran?
(Mak 9:33-37; Lik 9:46-48)
18 Nan menm peryòd la, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo mande l: “Kilès ki pi gran nan wayòm Bondye a?”
2 Jezi rele yon timoun, li mete l kanpe devan yo 3 epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a. 4 Moun Bondye onore plis nan wayòm li a, se moun ki desann tèt li pou l vin tankou timoun sa a.
5 Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen menm li resevwa.
Mizangad sou koz ki fè moun peche
(Mak 9:42-48; Lik 17:1-2)
6 Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè. 7 Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche.
8 Konsa, si se men w oswa pye w k ap lakoz ou tonbe, pito w koupe yo voye jete. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. 9 Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou gen lavi etènèl ak yon sèl zye, pase pou ou ta gen de je w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la.
Parabòl mouton ki te pèdi a
(Lik 15:3-7)
10 Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la. 11 [a]
12 Si yon nonm gen 100 mouton epi gen youn ladan yo ki pèdi, nou pa panse l ap kite 99 lòt yo nan raje a pou l al chache sa ki pèdi a? 13 An verite m ap di nou, lè l jwenn sa k te pèdi a, l ap gen plis kè kontan pou mouton sa a pase 99 lòt ki pa t pèdi yo. 14 Se menm jan an tou Papa nou ki nan syèl la pa vle youn nan timoun sa yo pèdi.
Korije moun ki fè sa ki mal
(Lik 17:3)
15 Si yon frè fè w[b] yon bagay ki pa bon, jwenn ade avè l pou montre l sa l fè ki mal la. Si l koute w, relasyon w avèk frè w la retabli. 16 Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.[c] 17 Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon.
18 Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.[d] 19 M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l. 20 Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”
Aprann padone lòt moun
21 Apre sa, Pyè pwoche bò kote Jezi pou l ka poze l yon kesyon: “Senyè, konbyen fwa pou m padone frè m nan si l kontinye ap fè m bagay ki mal? Èske sèt fwa pa ase?”
22 Jezi reponn li: “Non Pyè! Mwen pa di sèt fwa. Ou bezwen kontinye padone li swasanndis fwa miltipliye pa sèt.[e]
23 Se sak fè m ap di nou wayòm Bondye a se tankou yon wa ki deside pou l rantre tout kòb li te gen deyò. 24 Nan fouye kaye li, li jwenn yon nonm ki te dwe l yon gwo gwo sòm lajan.[f] 25 Kòm sèvitè a pa t ka jwenn kòb la pou l peye, mèt la pase lòd pou yo vann sèvitè a, madanm li, pitit li ak tout sa l te posede, pou li ta rantre yon pati nan lajan l lan.
26 Lè sa a, sèvitè a lage kò l ajenou devan mèt la, epi li di: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la. 27 Kè mèt la fè l mal pou sèvitè a. Li deside anile dèt la, epi l kite msye ale.
28 Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!
29 Kanmarad la lage kò l ajenou epi l di lòt la: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la.
30 Men lòt refize tande. Okontrè li fè fèmen kanmarad la nan prizon jouktan l fin peye tout dèt la. 31 Gen lòt sèvitè mèt la ki t ap swiv tout bagay, kè yo te fè yo mal pou kanmarad ki ale nan prizon an. Konsa yo rapòte tout bagay bay mèt la.
32 Lè mèt la tande sa, li rele sèvitè l la epi l di: Gade jan ou mechan! Èske m pa t anile tout dèt ou a, paske ou te sipliye m? 33 Èske ou pa ta dwe fè menm bagay la pou kanmarad ou a tou? 34 Konsa, mèt la te fache anpil. Li pran sèvitè a, li fèmen l nan prizon. Epi li di: fòk misye peye dènye sengkòb la, anvan l sòti nan prizon.
35 Enben Papa m ki nan syèl la ap fè nou menm jan ak wa sa si nou pa padone frè ak sè nou ak tout kè nou.”
Jezi pale sou kesyon divòs
(Mak 10:1-12)
19 Apre Jezi fin pale sou tout koze sa yo, li kite rejyon Galile a pou l ale nan rejyon Jide ak rejyon ki sou lòtbò larivyè Jouden an. 2 Yon gwo foul moun t ap swiv li. Li te fè anpil gerizon.
3 Kèk Farizyen ki te vle pase Jezi yon tès, te pwoche bò kote l. Yo di li: “Èske Lalwa pèmèt yon mari divòse madanm li pou nenpòt ki rezon?”
4 Jezi reponn yo: “Èske Bib la pa di lè Bondye t ap kreye lemonn se yon gason ak yon fi(A) l te kreye? 5 Apre sa Bondye di: Se poutèt sa, yon gason dwe kite papa l ak manman l, pou l atache l ak madanm li. Konsa, de moun sa yo ap vin fè yon sèl.(B) 6 Konsa, yo pa de ankò, men yo vin tounen youn. Donk, okenn moun pa dwe chache separe de moun Bondye mete ansanm.”
7 Farizyen yo di Jezi: “Enben, poukisa Moyiz te bay lòd si yon gason ap kite madanm li fòk li ba li papye divòs?”[g]
8 Jezi reponn yo: “Moyiz bay pèmisyon an paske tèt nou di, men sa pa t nan plan kreyasyon an. 9 Men mwen menm, m ap di nou: si yon nonm divòse ak madanm li, eksepte pou koz peche seksyèl, epi l al marye avèk yon lòt fi, li komèt adiltè.”
10 Lè disip yo tande sa, yo di Jezi: “Si se kon sa bagay la ye nan relasyon gason ak fi, li ta pi bon pou yon nonm pa janm marye!”
11 Jezi reponn yo: “Se sèlman moun Bondye bay don pou sa ki konprann sa n ap di la a. 12 Gen moun ki pa marye poutèt jan yo fèt la: se bagay de nesans. Gen lòt moun ki pa marye[h] poutèt operasyon lèzòm fè sou yo. Gen kèk lòt moun ki deside pa marye pou yo ka fè sèvis Bondye pi byen. Sa a se pou moun ki ka fè l.”
Jezi resevwa timoun yo
(Mak 10:13-16; Lik 18:15-17)
13 Apre sa, yo te mennen kèk timoun bay Jezi pou l te ka poze men sou yo epi beni yo. Men disip yo menm t ap di moun yo non. 14 Lè sa a, Jezi di: “Kite timoun yo vin jwenn mwen, pa anpeche yo, paske wayòm syèl la se pou moun ki sanble avèk yo.” 15 Apre Jezi fin touche timoun yo ak men l, epi li beni yo, li deplase kite kote l te ye a.
Yon nonm rich refize swiv Jezi
(Mak 10:17-31; Lik 18:18-30)
16 Yon nonm pwoche bò kote Jezi, epi li di l: “Mèt, ki bon zèv mwen dwe fè pou m ka gen lavi etènèl?”
17 Jezi reponn li: “Poukisa w ap poze m kesyon sou sa ki bon? Se sèl Bondye ki bon. Men si ou vle gen lavi etènèl, obeyi kòmandman yo.”
18 Nonm nan reponn:
“Kilès nan kòmandman yo?” Jezi reponn li: “Pa touye moun, pa fè adiltè, pa vòlè, pa bay manti sou lòt moun. 19 Onore papa w ak manman w,(C) epi renmen pwochen[i] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”(D)
20 Jenòm nan di Jezi: “Mwen gen tan fè tout bagay sa yo deja. Sa m manke?”
21 Jezi di li: “Si ou vle bon nèt, ale vann tout sa w genyen. Bay pòv lajan an! Konsa, ou ap gen yon trezò nan syèl la. Apre sa, vin swiv mwen.”
22 Lè nonm nan tande deklarasyon sa a, sa te fè l tris anpil, paske li te gen anpil richès. Konsa, li vire do li, l ale.
23 Jezi di disip li yo: “Anverite, li p ap fasil menm pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a. 24 M ap di nou ankò: L ap pi fasil pou yon chamo pase nan twou je yon zegwi pase pou yon moun rich antre nan wayòm Bondye a.”
25 Disip Jezi yo te sezi tande sa. Konsa, yo mande li: “Enben si se konsa, ki moun menm k ap kapab sove?”
26 Jezi gade yo epi l di: “Pou lèzòm, sa se yon bagay ki konplètman enposib, men pou Bondye tout bagay posib.”
27 Apre sa, Pyè reponn, li di Jezi: “E nou menm ki kite dèyè tout sa nou te genyen pou nou vin swiv ou, kisa n ap jwenn?”
28 Jezi di yo: “Anverite m ap di nou, nan nouvo mond la, Pitit Lòm nan gen pou chita sou yon twòn laglwa li. Lè sa a, nou menm tou n a chita sou douz twòn pou nou jije douz tribi Izrayèl yo. 29 Nenpòt moun ki pati kite kay li, frè oswa sè, papa oswa manman, pitit oswa jaden l poutèt non mwen ap gen pou resevwa 100 fwa plis, epi l ap eritye lavi etènèl nan fanmi Bondye. 30 Anpil moun ki nan premye plas kounye a ap gen pou vin dènye. Anpil moun ki dènye kounye a gen pou yo vin premye.
Copyright © 2017 by Bible League International