Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 93 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 96 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 34 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Jeremi 6:9-15' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Korentyen 6:12-20

Kò nou se tanp Sentespri a

12 Gen moun ki di: “mwen lib, mwen fè sa m vle.” Men se pa tout sa m vle ki gen valè. Mwen lib pou m fè sa m vle, men mwen p ap kite anyen fè m tounen esklav. 13 Gen moun ki di “Manje se pou kò a epi kò a se pou manje.” Gen lòt moun ki di “Bondye ap detwi yo toulede!” Men mwen menm Pòl, mwen di nou “Kò a pa pou peche seksyèl.” Se pou Senyè li ye,[a] epi Senyè a se pou li. 14 Menm jan Bondye te sèvi ak puisans li pou l resisite Senyè a, se menm jan an tou li gen pou l resisite nou. 15 Èske nou pa konnen kò nou se manm nan kò Kris? Èske m ap pran yon pati nan kò Kris pou m fè l fè youn ak yon fi movèz vi. M pa kwè m ap janm fè sa! 16 Petèt se konnen nou pa konnen moun ki kouche ak yon fi movèz vi tounen yon sèl kò avèk li jan sa ekri nan Bib la: “Yo de a vin fè yon sèl kò.”(A) 17 Moun ki ini avèk Senyè a vin fè youn avèk li nan lespri.

18 Mwen di nou, evite peche seksyèl. Gen moun ki di “Peche se yon bagay ki konsènen kò a sèlman.” Gen lòt moun ki di “Moun ki ale lakay yon pwostitye se kont pwòp kò l li peche. 19 Èske nou pa konnen kò nou se tanp[b] Sentespri nou resevwa nan men Bondye k ap viv nan nou. Nou pa mèt tèt nou. 20 Bondye te peye gwo pri pou nou. An nou fè lwanj pou Bondye ak kò nou.”

Mak 5:1-20

Jezi delivre yon nonm anba move lespri

(Mat 8:28-34; Lik 8:26-39)

Jezi ak disip li yo ale lòt bò lak la nan peyi Jerazenyen[a] yo. Jezi soti nan bato a. Te gen kèk kavo toupre, kote yo te konn antere mò yo. Kou Jezi sòti nan bato a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li te soti nan tonm yo vin jwenn Jezi. Nonm nan te rete nan tonm yo, okenn moun pa t ka mare l ankò, pa menm ak chenn. Souvan yo te anchene pye l ak men l, men li kase chenn yo. Pa t gen yon moun ki te gen fòs ase pou metrize l.[b] Lajounen kou lannuit nonm nan te nan tonb yo epi sou mòn yo ap rele byen fò epi l ap blese kò l ak wòch.

Pandan Jezi te byen lwen ap vini, nonm lan wè li. Li kouri vin sou Jezi epi li mete ajenou devan l. 7-8 Jezi te kòmanse ap di: “Espri enpi, soti nan nonm sa a.” Lè sa a, li kriye byen fò epi li di: “Ki pwoblèm ou gen avè m, Jezi, Pitit Bondye ki pi wo nan syèl la? Tanpri souple, pwomèt mwen, o non de Dye, ou p ap toumante m!”

Jezi mande nonm nan: “Kijan ou rele?”

Nonm lan di li: “Mwen rele Lejyon,[c] paske nou anpil.” 10 Movèzespri yo nan tèt nonm lan t ap soupriye Jezi anpil pou l pa t mete yo deyò nan zòn sa a.

11 Toupre a, te gen yon twoupo kochon ki t ap manje sou yon ti mòn. 12 Movèzespri yo di Jezi: “Voye nou sou kochon sa yo pito. Kite nou antre nan yo.” 13 Jezi pèmèt yo fè sa. Movèzespri yo soti sou nonm nan, yo antre sou kochon yo. Kochon yo kouri al lage kò yo nan falèz la. Y al nwaye tèt yo nan lak la anba. Yo te anviwon 2,000 konsa.

14 Moun ki t ap gade kochon yo pran kouri al gaye nouvèl la nan lavil la ak nan tout zòn andeyò yo. Pèp la te vin gade sa k te rive. 15 Yo vin kote Jezi epi yo wè nonm ki te ranpli ak demon an. Li te chita byen pwòp epi li te gen rad sou li. Li te gen tout bon lespri l sou li. Lè moun yo wè sa, yo te pè anpil. 16 Moun sa yo ki te wè aksyon an eksplike lòt moun sa ki te rive nonm ki te gen demon sou li a. Yo rakonte tou sa ki rive kochon yo. 17 Alò moun nan zòn te kòmanse mande Jezi pou li kite zòn nan.

18 Pandan Jezi ta pral monte nan bato a, nonm ki te gen demon sou li a di Jezi: “Èske m kapab akonpanye w?” 19 Men Jezi pa t kite l fè sa, Jezi di li: “Retounen lakay moun pa w yo, di yo tout sa Bondye fè pou ou, di yo kijan Bondye gen mizerikòd pou ou.”

20 Konsa nonm nan ale, epi li kòmanse rakonte nan tout zòn yo rele dis vil yo sa Jezi fè pou li. Tout moun ki te tande l te sezi.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International