Book of Common Prayer
78 ¶ Se yon chante Asaf. Pèp mwen yo, koute sa m'ap moutre nou! Louvri zòrèy nou pou n' tande sa m'ap di!
2 Mwen pral pale ak nou, pou m' fè nou konnen sa ki te pase nan tan lontan,
3 bagay nou te tande nan zòrèy nou, bagay nou tout te konnen, bagay zansèt nou yo te konn rakonte nou.
4 Nou p'ap kache bagay sa yo pou pitit nou yo pa konnen yo. N'ap fè lwanj Seyè a devan timoun k'ap vini yo. N'ap fè yo konnen jan l' gen pouvwa, jan l' gen fòs, jan li fè gwo mèvèy.
5 Li te di pèp Izrayèl la sa pou li fè. Li te bay pitit pitit Jakòb yo kòmandman li yo. Li te mande zansèt nou yo pou yo te moutre pitit yo lalwa Bondye a,
6 pou timoun ki fenk fèt yo ka konnen l', pou yo menm tou, lè yo grandi, yo ka fè pitit pa yo konnen l'.
7 Konsa yo menm tou, y'a mete konfyans yo nan Bondye. Yo p'ap bliye sa li te fè. Y'a toujou obeyi kòmandman li yo.
8 Konsa yo p'ap tankou zansèt yo ki te fè tèt ak Bondye, ki te derefize fè sa li te mande yo fè, ki pa t' janm gen yon konfyans fèm nan Bondye, ki pa t' kenbe pawòl yo ak Bondye.
9 ¶ Pitit Efrayim yo se moun ki konn goumen, ki fò nan tire flèch. Men, yo kouri lè batay mare.
10 Yo pa t' kenbe kontra Bondye te pase ak yo a. Yo derefize fè sa li te mande yo fè.
11 Yo fè espre, yo bliye sa li te fè, tout mèvèy li te fè yo wè.
12 Wi, se devan je zansèt yo Bondye te fè mirak nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
13 Li fann lanmè a an de, li fè yo pase nan mitan l'. Li fè dlo yo kanpe dwat tankou miray.
14 Pou l' moutre yo chemen pou yo pran, lajounen li ba yo yon nwaj, lannwit li ba yo yon dife ki t'ap mache devan yo.
15 Li fann gwo wòch nan dezè a, li ba yo kont dlo pou yo bwè.
16 Li fè sous dlo pete nan wòch la, li fè dlo koule tankou dlo larivyè.
17 Men, yo pa t' sispann fè peche kont Bondye, yo revòlte dèyè Bondye ki anwo nan syèl la, lè yo te nan dezè a.
18 Yo te vle sonde Bondye: yo mande pou l' ba yo manje yo te vle manje a.
19 Yo pale Bondye mal, yo di: -Eske Bondye ka mete manje sou tab nan mitan dezè sa a?
20 Wi, se vre. Li frape wòch la: Dlo koule kou larivyè. Men, èske li kapab ban nou pen? Eske li ka bay pèp li a vyann?
21 Lè Seyè a tande sa, li fè kòlè. Se te tankou yon dife li te limen dèyè pitit Jakòb yo. Li vin ankòlè anpil sou yo,
22 paske yo pa t' gen konfyans nan Bondye, yo pa t' kwè li ta kapab delivre yo.
23 Li pale ak nwaj yo ki anwo nan syèl la, li ba yo lòd pou yo louvri pòt syèl la.
24 Li grennen laman sou yo pou yo manje. Li ba yo manje farin ki soti nan syèl la.
25 Se konsa, yo manje manje zanj Bondye yo. Li ba yo manje pou yo manje plen vant yo.
26 Lèfini, li fè yon van lès soufle nan syèl la. Avèk pouvwa li, li fè yon van leve soti nan sid.
27 Li grennen vyann sou yo tankou pousyè. Li fè zwazo soti nan syèl la tonbe atè, tankou sab bò lanmè.
28 Li fè yo tonbe nan mitan kote yo te rete a, tout bò kay yo.
29 Yo tout te manje plen vant yo. Bondye ba yo tou sa yo te anvi.
30 Men, yo pa t' ankò fin manje, yo pa t' ankò fin plen vant yo, manje a te nan bouch yo toujou,
31 lè Bondye fache sou yo. Li touye pi gwonèg nan mitan yo, li kraze tout jenn gason nan peyi Izrayèl la.
32 Atousa, pèp la donnen pi rèd nan fè peche. Yo pa t' vle kwè nan mirak sa yo.
33 Se konsa, li fè lavi yo disparèt tankou lafimen. Li sezi yo, yo mouri frèt.
34 Li te fè detwa ladan yo mouri. Se lè sa a yo tounen vin jwenn li, yo chanje lavi yo, yo lapriyè nan pye li.
35 Yo vin chonje se Bondye ki te pwoteksyon yo. Se Bondye anwo nan syèl la ki te delivre yo.
36 Men, tout bèl pawòl sa yo, se te manti. Tou sa yo t'ap di a, se te pawòl nan bouch.
37 Yo pa t' sensè avè li, yo pa t' kenbe kontra li te pase ak yo.
38 Men, paske Bondye te gen pitye pou yo, li padonnen peche yo, li pa t' touye yo. Anpil fwa menm, li kenbe, li pa t' fè kòlè sou yo. Li pa t' kite kòlè l' tonbe sou yo.
39 Li chonje se moun yo ye, se pase y'ap pase tankou van k'ap soufle.
40 ¶ Men, se pa ni de ni twa fwa yo te leve dèyè li nan dezè a! Se pa ni de ni twa fwa yo te fè l' fè kòlè!
41 Se tout tan yo t'ap tante Seyè a! Se tout tan yo t'ap pwovoke Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa!
42 Yo bliye jan li gen pouvwa. Yo bliye lè li te sove yo anba lènmi yo,
43 lè li te fè gwo mirak ak bèl mèvèy nan peyi Lejip, nan plenn Zoan an.
44 Li fè dlo larivyè yo tounen san. Pesonn pa t' ka bwè dlo sa yo.
45 Li voye mouchavè sou yo pou devore yo. Li voye krapo pou detwi yo.
46 Li voye krikèt vèt pou manje rekòt yo, chwalbwa pou devore tout jaden yo.
47 Li touye pye rezen yo ak lagrèl, li touye pye sikomò yo ak fredi.
48 Li touye tout bèt jaden nan savann yo ak lagrèl, li touye bann mouton yo ak loray.
49 Li te ankòlè anpil sou yo, li te move, li te fache. Li fè anpil malè tonbe sou yo. Li voye yon lame zanj pou detwi yo.
50 Li kite kòlè l' pase sou yo, li pa t' sove lavi yo yonn. Li lage yon epidemi ki t'ap fini ak yo.
51 Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.
52 Lèfini, tankou yon bann mouton, li mennen pèp li ale, li kondi yo nan mitan dezè a.
53 Li mennen yo san danje san malè. Yo pa t' bezwen pè anyen. Men, lanmè a te kouvri tout lènmi yo.
54 Li fè yo rive sou fwontyè peyi li te chwazi pou li a, toupre mòn li te pran ak fòs kouraj li a.
55 Li mete lòt nasyon yo deyò pou bay pèp li a plas. Li separe tè a, li bay chak branch fanmi Izrayèl la pa yo. Li kite yo moute kay yo kote lènmi yo te rete.
56 Men, yo kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a. Yo t'ap wè jouk ki bò li te ye ak yo: Yo pa fè sa li te mande yo fè!
57 Yo pa kenbe pawòl yo. Yo vire do ba li tankou zansèt yo te fè. Yo pati sou move pye, yo mal derape.
58 Yo fè l' fache paske yo bati tanp pou lòt bondye yo, yo pòte l' fè jalouzi poutèt vye zidòl yo.
59 Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.
60 Li kite kay li te genyen Silo a, kote li t'ap viv pami moun sou latè a.
61 Li kite lènmi yo pran Bwat Kontra a, ki te garanti pouvwa li ak fòs li nan mitan yo, li kite yo pote l' ale.
62 Li te fache nèt sou pèp li a, li kite lènmi touye yo nan lagè.
63 Jenn gason yo mouri nan dife. Jenn fi yo pa jwenn pesonn pou marye ak yo.
64 Tout prèt yo mouri anba kout nepe. Vèv yo pa t' kriye pou yo.
65 Se lè sa a Seyè a leve, tankou si li t'ap leve nan dòmi. Li parèt tankou yon vanyan gason ki anba gwòg li.
66 Li frape lènmi yo, li fè yo kouri. Li fè yo wont pou tout tan.
67 Li voye pitit Jozèf yo jete, li pa t' chwazi branch fanmi Efrayim lan.
68 Li chwazi branch fanmi Jida a pito, ansanm ak mòn Siyon li renmen anpil lan.
69 Se la li bati tanp li a ki pòtre ak kay li nan syèl la. Li fè l' solid tankou latè, pou tout tan.
70 Li te chwazi David, yon moun ki t'ap sèvi l'. Li wete l' dèyè mouton li t'ap okipe yo,
71 dèyè manman mouton ki gen pitit dèyè yo, li fè l' wa sou pitit Jakòb yo. Li mete l' gadò pèp Izrayèl la.
72 David pran swen yo ak tout kè li. Li kondi yo avèk anpil ladrès.
26 ¶ Te vin gen yon lòt grangou nan peyi a, pi rèd pase sa ki te tonbe sou peyi a nan tan Abraram lan. Lè sa a, Izarak ale yon kote yo rele Gera kay Abimelèk, wa moun Filisti yo.
2 Izarak fè yon vizyon, li wè Seyè a parèt devan l'. Seyè a di l': -Pa desann nan peyi Lejip, rete kote m'ap di ou rete a.
3 W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
4 M'ap ba ou anpil anpil pitit tankou zetwal nan syèl la. M'ap ba yo tout tè sa yo. Gremesi pitit pitit ou yo, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.
5 tout sa, paske Abraram te tande m' lè m' te pale avè l', li te swiv tout lòd mwen yo ak tout kòmandman mwen yo. Li te fè tout sa mwen mande l', li te obeyi tout lwa mwen yo.
6 ¶ Se konsa Izarak rete kote yo rele Gera a.
12 ¶ Izarak fè jaden nan peyi a. Lè lanne a bout, li rekòlte san fwa valè sa l' te plante a, paske Seyè a te beni l'.
13 Msye te vin rich. Li t'ap fè lajan toujou, jouk li rive vin rich anpil anpil.
14 Li te gen kantite kabrit, mouton ak bèf, ak anpil moun ki t'ap sèvi l'. Sa te fè moun Filisti yo rayi sò li.
15 Se konsa yo konble tout pi domestik Abraram yo te fouye sou tan Abraram, papa Izarak. Yo plen yo tè.
16 Lèfini, Abimelèk di Izarak: -Pati, al fè wout ou! Ou pi grannèg pase nou.
17 Se konsa Izarak pati kite kote l' te ye a, li ale nan Fon Gera a. Se la li moute kay li pou l' rete.
18 Li fè refouye tout pi dlo yo te fouye sou tan Abraram, papa l'. Se pi sa yo moun Filisti yo te bouche apre lanmò Abraram. Izarak ba yo menm non papa l' te ba yo a.
19 Domestik Izarak yo te fouye ankò nan fon an. Yo te jwenn yon sous dlo k'ap ponpe.
20 Men, gadò mouton peyi Gera yo leve yon sèl kont avèk gadò mouton Izarak yo. Yo t'ap di: -Dlo sa a, se pou nou li ye. Se konsa Izarak rele pi a Pi dezagreman paske yo te chache l' dezagreman pou dlo a.
21 Domestik Izarak yo fouye yon lòt pi ki te lakòz yo chache yo kont ankò. Se konsa Izarak rele pi a Pi ki fè lènmi.
22 Lè l' wè sa, li wete kò l' kote l' te ye a, li fouye yon lòt pi pou sa pa t' fè kont. Se poutèt sa li rele pi a Pi ki pa nan kont. Li di: -Koulye a Seyè a ban nou kont espas nan peyi a pou nou pa nan kont. Se atò zafè nou pral mache nan peyi a.
23 Izarak pati, li moute Bècheba.
24 Menm jou sa a, nan mitan lannwit, Seyè a parèt nan yon vizyon, li di Izarak konsa: -Mwen se Bondye Abraram, papa ou. Ou pa bezwen pè anyen, paske mwen la avèk ou. M'ap beni ou, m'ap ba ou anpil pitit pitit, poutèt Abraram, sèvitè m' lan.
25 Izarak bati yon lotèl la, li fè sèvis pou Seyè a. Li moute kay li la. Domestik li yo fouye yon lòt pi.
26 ¶ Abimelèk soti Gera, li vin wè Izarak. Li te gen avè l' Akouzat, yon bon zanmi l', ak Pikòl, kòmandan lame li a.
27 Izarak mande yo: -Poukisa nou vin wè m' koulye a? Jan nou te rayi m' sa a jouk nou te rive mete m' deyò nan peyi nou an!
28 Yo reponn li: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk ou. Se poutèt sa nou di n'ap fè yon kontra avè ou, n'ap sèmante yonn bay lòt.
29 W'ap sèmante ou p'ap janm fè nou anyen, menm jan nou pa t' janm fè ou anyen. W'ap sèmante nou te toujou aji byen avè ou. Nou kite ou ale san bri san kont. Koulye a, ou gen benediksyon Bondye sou ou.
30 Izarak fè gwo fèt pou yo. Yo manje, yo bwè.
31 Nan granmaten, yo leve, yo sèmante yonn bay lòt. Apre sa, moun Filisti yo di Izarak orevwa. Yo separe tankou de bon zanmi, epi y al fè wout yo.
32 Menm jou sa a, domestik Izarak yo vin ba l' nouvèl pi yo t'ap fouye a. Yo di l': -Nou jwenn dlo.
33 Izarak rele pi a Chibeya. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele lavil la Bècheba.
17 Obeyi chèf nou yo, soumèt devan yo. Se tout tan y'ap veye sou nanm nou paske yo gen pou yo rann Bondye kont pou travay yo. Si nou obeyi yo, y'a fè travay yo ak kè kontan. Men, si nou pa obeyi yo, y'a fè l' ak kè sere. Lè sa a, p'ap gen okenn avantaj pou nou.
18 ¶ Pa sispann lapriyè pou mwen. Mwen sèten mwen gen konsyans mwen anpè. Paske mwen vle fè sa ki byen nan tout sikonstans.
19 M'ap mande nou pou nou lapriyè toutespre pou Bondye ban m' okazyon tounen vin jwenn nou anvan lontan.
20 Men sa m'ap mande Bondye pou nou, li menm ki te fè Jezi, Gran Gadò mouton yo, leve soti vivan pami mò yo. Jezi se Seyè nou an ki te mouri pou l' te ka siyen kontra ki la pou tout tan an ak san li.
21 M'ap mande Bondye ki bay kè poze a pou l' fè nou favè sa a, pou nou fè tou sa ki byen, pou n' kapab fè volonte li. M'ap mande l' tou pou l' fè travay ki fè l' plezi nan nou, gremesi Jezikri. Tout lwanj lan pou Jezikri pou tout tan tout tan. Amèn.
22 Tanpri, frè m' yo, m'ap mande nou pou nou koute pawòl ankourajman sa yo ak pasyans, paske sa m' di nan lèt mwen ekri nou an pa long.
23 Mwen vle fè nou konnen yo gen tan lage Timote, frè nou an. Si li rive bònè, m'a pran l' avè m' lè m'ap vin wè nou.
24 Di tout moun k'ap dirije nou yo bonjou ansanm ak tout pèp Bondye a. Tout frè ki nan peyi Itali yo voye bonjou pou nou tout.
25 benediksyon Bondye avèk nou tout. Amèn.
53 Apre sa, tout moun al lakay yo.
8 ¶ Jezi menm ale mòn Oliv.
2 Nan denmen maten, byen bonè, li tounen nan tanp lan. Tout foul moun yo pwoche bò kote li. Li chita, li pran moutre yo anpil bagay.
3 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l' kanpe devan tout foul moun yo,
4 epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè.
5 Moyiz te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa?
6 Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a.
7 Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la.
8 Apre sa, li bese atè a yon dezyèm fwa, li pran ekri ankò.
9 Lè yo tande pawòl sa yo, yonn apre lòt y' al fè wout yo. Premye moun ki te mete deyò se te sak te pi granmoun yo. Jezi rete pou kont li ak fanm lan ki te kanpe devan l'.
10 Lè sa a, li leve, li di fanm lan: Madanm, kote moun yo? Pesonn pa kondannen ou?
11 Li reponn: Pesonn non, Mèt. Jezi di li: Mwen menm tou, mwen pa kondannen ou. Ou mèt ale. Men, pa janm fè peche ankò.