Book of Common Prayer
137 ¶ Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
2 Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
3 Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: -Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
4 Ki jan ou ta vle pou n' chante yon chante Seyè a nan yon peyi etranje?
5 Si nou bliye ou, Jerizalèm. se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
6 Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
7 ¶ Seyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l'! Kraze l' ratè!
8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
9 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!
144 ¶ Se yon sòm David. Lwanj pou Bondye! Se li ki pwoteksyon mwen, se li ki moutre m' jan pou m' goumen, se li ki pare m' pou m' al nan batay.
2 Se sou li mwen konte, se li ki tout defans mwen. Se li ki sèvi m' ranpa, se li ki tout delivrans mwen, Se li ki pwoteksyon mwen, se anba zèl li mwen kache. Se li ki fè pèp li soumèt devan mwen.
3 Seyè, kisa moun ye pou w'ap fè tèt ou travay pou yo konsa? Kisa yo ye menm pou ou pran ka yo?
4 Moun tankou lafimen. Lavi yo tankou nwaj k'ap pase.
5 Seyè, bese syèl la, desann. Manyen mòn yo, fè yo fè lafimen.
6 Voye flèch ou yo. Fè lènmi m' yo gaye. Fè yo kouri ak kout zèklè.
7 Rete nan syèl la, lonje men ou pran m'. Rale m' soti nan mitan gwo dlo yo. Delivre m' anba men moun lòt nasyon yo.
8 Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.
9 ¶ M'ap chante yon kantik tou nèf pou ou, Bondye. M'ap chante, m'ap jwe gita pou ou.
10 Se ou menm ki fè wa yo genyen nan lagè. Se ou ki delivre David, sèvitè ou la.
11 Delivre m' anba bann mechan sa yo ki soti pou touye m', delivre m' anba men moun lòt nasyon yo. Bonjou yo pa laverite. Menm lè y'ap sèmante, se manti y'ap fè.
12 Se pou pitit gason nou yo tankou jenn plant k'ap pouse. Se pou pitit fi nou yo tankou bèl poto byen travay ki nan tout kwen tanp lan.
13 Se pou galata nou yo plen manje tout kalite, se pou mouton ki nan savann nou yo fè anpil anpil pitit.
14 Se pou bèf nou yo toujou bay rapò, san yo pa fè avòtman, ni pèt. Se pou lènmi pa anvayi peyi a. Pa kite yo depòte nou. Se pou pa gen okenn rèl nan lari nou yo.
15 Ala bon sa bon lè sa mache konsa pou pèp la! Ala bon sa bon pou yon pèp ki gen Seyè a pou Bondye li!
104 ¶ Kite m' di Seyè a mèsi! Seyè, Bondye mwen, ala gwo pouvwa ou gwo! Devan ou se respè, se chapo ba!
2 Ou vlope kò ou nan yon gwo limyè. Ou louvri syèl la tankou yon tant pou ou rete.
3 Ou bati kay ou sou nwaj yo ki plen dlo. Ou pran nwaj yo sèvi ou cha, yon kouran van ap pouse ou ale.
4 Ou fè van yo pote komisyon pou ou. Ou fè zèklè yo tounen sèvitè ou.
5 Ou mete latè kanpe fèm sou fondasyon li. Anyen pa ka brannen l'.
6 Ou mete lanmè sou li tankou yon rad, dlo te kouvri tout mòn yo.
7 Men, lè ou parèt devan yo, yo pran kouri. Lè yo tande loraj ou gwonde, yo met deyò.
8 Yo kouri desann sou mòn yo, yo pase nan fon yo, y' al pran plas ou te pare pou yo.
9 Ou ba yo limit pou yo pa janm depase, pou yo pa tounen vin kouvri latè ankò.
10 ¶ Ou fè sous dlo koule nan fon yo. Ou fè dlo koule nan mitan mòn yo.
11 Yo bay dlo pou bèt nan bwa yo bwè. Bourik nan bwa yo vin bwè lè yo swaf dlo.
12 Zwezo fè nich sou pyebwa ki bò dlo yo. Y'ap chante byen fò nan tout branch yo.
13 Ou rete nan syèl la, ou voye lapli wouze mòn yo. Ou kouvri tè a ak benediksyon ou.
14 Ou fè zèb pouse pou bèt yo manje. Ou fè plant moun bezwen yo grandi pou latè ka donnen manje,
15 pou latè ka donnen rezen ki bay diven pou fè kè lèzòm kontan, lwil pou fè figi yo fre, pen pou ba yo fòs.
16 Pyebwa Seyè yo, pye sèd li menm li te plante nan peyi Liban an, yo jwenn tou sa yo bezwen.
17 Se la zwazo fè nich yo. Sigòy fè kay yo sou tèt pyebwa yo.
18 Mòn apik yo se pou kabrit mawon yo ye. Daman kache nan twou wòch yo.
19 ¶ Ou te fè lalin pou l' make jou yo. Solèy la konnen kilè pou l' kouche.
20 Ou fè fènwa tonbe sou peyi a, li lannwit. Tout bèt nan rakbwa yo soti deyò.
21 Jenn lyon yo ap gwonde, y'ap chache manje. Y'ap mande Bondye ba yo manje.
22 Lè solèy leve, yo wete kò yo, y' al kouche nan twou yo.
23 Moun soti pou y' al travay, wi, pou y' al travay jouk solèy kouche.
24 Seyè, ou fè anpil bagay! Ou fè yo avèk bon konprann. Latè plen ak bagay ou fè.
25 Gade gwo lanmè a, li laj, li fon. Gen kantite bèt k'ap viv ladan l', gwo kou piti.
26 Se sou li gwo batiman yo ap pwonmennen. Gwo bèt lanmè ou te fè a, levyatan an, ap jwe ladan l'.
27 Se sou ou tout bèt sa yo konte, pou ou ba yo manje lè yo bezwen.
28 Ou ba yo manje, yo manje. Ou louvri men ou, yo manje plen vant yo.
29 Vire ou vire do ou, yo pran tranble. Lè ou wete souf yo, yo mouri frèt, yo tounen nan pousyè kote yo te soti a.
30 Men, lè ou soufle souf ou, ou bay lavi ankò. Konsa, ou bay latè yon lòt figi.
31 ¶ Se pou bèl pouvwa Seyè a rete jan l' ye a pou tout tan. Se pou Seyè a kontan ak tou sa li fè.
32 Li gade latè, latè pran tranble. Li manyen mòn yo, mòn yo pran fè lafimen.
33 M'ap pase tout lavi m' ap chante pou Seyè a. M'ap fè lwanj Bondye pandan tout tan m'ap viv la.
34 Mwen ta swete pawòl mwen fè l' plezi, paske se li ki fè kè m' kontan.
35 Se pou moun k'ap fè sa ki mal yo disparèt sou latè. Se pou pa gen mechan ankò! Kite m' di Seyè a mèsi! Lwanj pou Seyè a!
11 Nou menm, moun lavil Jerizalèm, jou pou nou rebati miray lavil la prèt pou rive. Lè sa a, y'a agrandi peyi a.
12 Wi, lè sa a, moun nou yo va tounen soti toupatou vin jwenn nou. Y'a soti nan peyi Lasiri bò solèy leve, y'a soti Lejip nan sid, y'a soti lòt bò larivyè Lefrat, y'a soti byen lwen lòt bò lanmè ak lòt bò mòn yo.
13 Men, tè a ap tounen dezè akòz mechanste moun k'ap viv sou li yo.
14 ¶ Seyè! Aji ak pèp ou te chwazi pou ou a tankou yon bon gadò k'ap pran swen mouton l' yo. Koulye a, pèp ou a rete pou kont li nan yon rakbwa ki antoure ak bon tè. Kite y' al manje nan bèl jaden peyi Bazan ak peyi Galarad jan yo te konn fè l' nan tan lontan an!
15 Seyè! Fè mèvèy pou nou jan ou te fè l' lè ou te fè nou soti kite peyi Lejip la!
16 Moun lòt nasyon yo va wè sa, y'a wont malgre tout fòs yo genyen. Y'a mete men nan bouch. Y'a sezi,
17 y'a trennen kò yo atè nan pousyè tankou koulèv. Y'a mache tankou bèt k'ap trennen sou vant! Y'a pè, y'a kouri soti nan fò yo. Y'a tranble devan Bondye, y'a tounen vin jwenn li. Y'a tranble tankou fèy bwa akòz Seyè a.
18 Pa gen bondye tankou ou, ou menm ki padonnen mechanste ti rès ki rete nan pèp ou a, ou menm ki pa gade sou sa yo fè ki mal. Ou pa fache pou tout tan. Ou pran tout plezi ou nan gen pitye pou moun.
19 Wi, w'a gen pitye pou nou ankò. W'a pran peche nou yo mete anba pye ou. W'a voye yo jete nan fon lanmè!
20 W'a moutre pitit Jakòb yo jan ou toujou kenbe pawòl ou. W'a moutre pitit Abraram yo jan ou p'ap janm sispann renmen yo, jan ou te sèmante l' bay zansèt nou yo nan tan lontan!
7 ¶ Tout bagay prèt pou fini. Se pou nou kenbe tèt nou anplas, veye kò nou pou n' ka lapriyè.
8 Anvan tout bagay, se pou nou yonn renmen lòt anpil. Paske, lè nou renmen, sa fè Bondye padonnen anpil peche.
9 Se pou nou yonn resevwa lòt lakay nou san plenyen.
10 Chak moun dwe pran kado Bondye ba yo a pou yo rann lòt yo sèvis. Konsa, tankou bon jeran, n'a pran kado Bondye yo, ki divès kalite, n'a fè yo travay.
11 Si yon moun ap pale, se pou l' pale tankou si se te pawòl Bondye li t'ap di. Si yon moun ap rann sèvis, se pou li fè l' ak fòs Bondye ba li. Konsa, nan tout bagay lwanj lan va pou Bondye, gremesi Jezikri. Se pou Jezikri tout lwanj ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.
12 ¶ Frè m' yo, nou pa bezwen sezi devan gwo eprèv sa yo k'ap tonbe sou nou tankou yon gwo dife. Nou pa bezwen konprann sa se yon bagay estwòdenè k'ap rive nou la a.
13 Okontrè, fè kè n' kontan. Paske, menm jan nou patisipe nan soufrans Kris yo, konsa tou n'a kontan nèt ale lè gwo pouvwa Kris la va parèt.
14 Si yo joure nou paske n'ap swiv Kris la, konsidere sa tankou yon benediksyon. Paske, Lespri ki gen gwo pouvwa a, Lespri Bondye a nan nou.
15 Mwen swete pou pesonn nan nou pa gen pou li soufri paske li te touye moun, osinon paske li te fè sa ki mal, osinon paske li te foure bouch li nan zafè ki pa gade li.
16 Men, si yon moun ap soufri paske se kretyen li ye, li pa bezwen wont pou sa. Okontrè, se pou li fè lwanj Bondye dèske li pote non Kris la.
17 Paske, dat la rive pou jijman Bondye a konmanse. L'ap konmanse ak moun ki nan kay Bondye a anvan. Si li konmanse ak nou, nou pa bezwen mande sak pral rive moun sa yo ki pa koute bon nouvèl Bondye a.
18 Tankou sa ekri nan Liv la: Si moun k'ap viv dwat devan Bondye yo pa fasil pou sove, nou pa bezwen mande sa k'ap rive moun ki pa kwè nan Bondye yo, moun k'ap viv nan peche yo.
19 Se poutèt sa, moun k'ap soufri paske se sa Bondye vle pou yo a, se pou yo pa sispann fè sa ki byen, se pou yo renmèt nanm yo nan men Bondye ki kreye yo, epi ki p'ap lage yo.
29 ¶ Antan yo t'ap soti lavil Jeriko, yon gwo foul moun pran swiv Jezi.
30 Te gen de avèg chita bò chemen an. Yo annik tande se Jezi ki t'ap pase, yo pran rele: Mèt, pitit David la, pitye pou nou.
31 Moun yo t'ap kouri dèyè yo pou fè yo pe bouch yo. Men, yo t'ap rele pi rèd: Mèt, pitit David la, gen pitye pou nou!
32 Jezi rete, li rele avèg yo, li mande yo: Kisa nou vle m' fè pou nou?
33 Yo di li: Mèt, fè nou wè nan je nou ankò.
34 Kè Jezi fè l' mal pou yo, li manyen je yo. Menm lè a de mesye yo wè, epi yo swiv Jezi.