Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 40 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 54 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 51 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 31 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Travay 15:12-21

12 Apre sa, tout gwoup la rete an silans epi Banabas ak Pòl rakonte yo tout mirak ak tout bèl bagay Bondye pèmèt yo fè nan mitan moun ki pa Jwif yo. 13 Lè Banabas ak Pòl fin pale, Jak pran lapawòl, li di: “Frè m yo, koute m! 14 Simon Pyè gentan di nou kijan Bondye te montre amou li anvè moun ki pa Jwif yo, depi lontan, pou l chwazi pami yo yon pèp ki pote non li. 15 Pawòl pwofèt yo dakò ak sa m di a tou, paske men sa ki ekri:

16 M ap gen pou m retounen apre sa.
    M ap rebati kay David la.
    Ki fin tonbe.
M ap repare tout kote nan kay la ki kraze.
    M ap rekanpe kay la tou nèf ankò.
17 Konsa, tout lòt moun yo nan lemonn,
    tout moun lòt nasyon mwen chwazi pou pote non m yo,
    yo va deside swiv chemen Bondye.
Se Senyè a ki di sa.
    Se li menm tou ki fè tout bagay sa yo.(A)
18     Tout bagay sa yo, se bagay nou konnen depi byen lontan.[a]

19 Kidonk, m panse nou pa fèt pou n konplike bagay yo pou moun lòt nasyon yo, lè yo tounen vin jwenn Bondye. 20 Okontrè, nou ta dwe voye yon lèt ba yo pou n senpman di yo kèk bagay yo bezwen evite, tankou:

Pa manje manje yo te ofri bay zidòl. Manje sa yo pa pwòp.

Pa fè sèks ak yon moun ki pa madanm ou.

Pa manje vyann bèt ki mouri toufe osinon vyann ak tout san.

21 Paske depi lontan gen moun k ap anseye lalwa Moyiz la nan tout vil yo. Chak jou saba, yo li lalwa a nan sinagòg yo.”

Mak 5:21-43

Jezi resisite yon jèn fi epi li geri yon madam

(Mat 9:18-26; Lik 8:40-56)

21 Jezi te monte nan bato a, li retounen lòt bò lak la. Yon gwo foul moun te vin rasanble devan li bò lak la. 22 Yon lidè nan sinagòg la yo rele Jayiris vin kote Jezi. Lè li wè Jezi, li tonbe nan pye l. 23 Li di Jezi avèk anpil respè: “Pitit fi mwen an ap mouri. Silvouplè vini lakay mwen, poze men sou li, kon sa li va geri, li va viv.”

24 Se kon sa Jezi ale avèk Jayiris. Yon gwo foul moun t ap swiv li; moun yo t ap pouse youn lòt.

25 Nan mitan foul la te gen yon madanm ki soufri ak yon emoraji depi douzan. 26 Doktè yo te fèl soufri anpil. Li te depanse tou sa li te posede. Poutan sante l pa t vin miyò, okontrè se pi mal li te vin pi mal.

27 Lè li te tande pale de Jezi, li pase pa dèyè epi li touche rad Jezi, 28 paske li t ap di nan kè l: “Si sèlman m ka touche ke rad li, m ap geri!” 29 E la pou la, emoraji a rete, epi li santi nan kò li maladi a geri. 30 Nan menm moman an, Jezi santi yon puisans ki sòti nan li. Li vire gade foul la epi li di: “Ki moun ki manyen rad mwen an?”

31 Disip yo di li: “Ou wè tout foul moun sa ap pouse epi ou ap mande ki moun ki manyen rad mwen?”

32 Men Jezi kontinye ap gade pou wè ki moun ki te manyen li. 33 Madanm nan konnen byen sa ki te rive l. Li vini tou ap tranble tèlman li te pè. 34 Apre sa Jezi di li: “Pitit fi mwen, ou geri paske ou kwè. Ale ak kè poze. Ou libere de tout maladi w yo.”

35 Pandan Jezi t ap pale toujou, gen kèk moun ki soti lakay Jayiris ki chèf sinagòg la, yo vin di Jayiris konsa: “Ti fi a gentan mouri. Ou pa bezwen twouble mèt la ankò.”

36 Men Jezi pa t fè ka de sa nonm nan te di, epi li di Jayiris: “Ou pa bezwen pè. Kwè sèlman.”

37 Jezi kite sèlman Pyè, Jak ak Jan, frè Jak la, swiv li. 38 Yo ale lakay lidè sinagòg la. Lè yo rive, Jezi wè tout bri moun yo t ap fè, yo t ap kriye byen fò epi yo t ap plenn. 39 Li antre epi li di yo: “Poukisa tout bri sa yo? Timoun nan pa mouri, se dòmi l ap dòmi.” 40 Moun ki te la yo pete ri Jezi.

Li mete tout moun deyò, li pran papa timoun nan ak manman l ak disip li yo epi yo al nan chanm kote timoun nan te ye a. 41 Jezi pran men timoun nan epi li di li: “Talita koum” ki vle di: “Ti fi, mwen di ou leve kanpe!” 42 La menm ti fi a leve kanpe epi li kòmanse mache toupatou. Li te gen douzan. Se pa de sezi moun yo te sezi. 43 Jezi te ba yo lòd sevè pou pèsonn pa t rive konnen sa k te pase. Apre sa, li di yo pou yo bay ti fi a manje.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International