Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 90 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Ezayi 65:15-25' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 21:1-6

Yon Jerizalèm nouvo

21 Lè sa a, m wè yon syèl ak yon tè nouvo. Premye syèl la ak premye tè a te disparèt. Epi pa t gen lanmè ankò. M gade m wè vil ki apa pou Bondye a, yon Jerizalèm nouvo,[a] m wè l ap desann soti nan syèl kote Bondye ye a. Se pa ti bèl li pa fè tèt li bèl, menm jan ak yon lamarye ki fè tèt li bèl pou yon mesye marye.

Epi m tande yon vwa byen fò ki soti kote fotèy wa a. Li di: “Kounye a Bondye fè bitasyon l pami lèzòm. L ap rete ansanm avèk yo. Yo va pèp Bondye, Bondye li menm ap avè yo, l ap Bondye yo. L ap siye tout dlo nan je yo. Lanmò p ap egziste ankò, p ap gen dèy ankò, ni kriye, ni soufrans. Tout bagay pase yo ap disparèt.”

Moun ki chita sou fotèy la di konsa: “Gade sa, m refè tout bagay tou nèf.” Epi li di m: “Ekri sa, paske pawòl mwen yo se verite a, yo merite tout konfyans nou.”

Li di m ankò: “Sa deja reyalize! Mwen se Alfa ak Omega,[b] kòmansman ak finisman. Moun ki swaf, m ap ba l bwè gratis nan sous dlo lavi a.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International