Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 93 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 96 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 34 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 1:1-2' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: '1 Samyèl 1:7-28' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Kolosyen 1:9-20

Se poutèt sa, depi nou te fin tande bagay sa yo de ou menm, nou te kontinye priye pou nou. Men sa nou di nan priyè nou:

Se pou Bondye ban nou tout sajès ak konpreyansyon espirityèl nou bezwen, pou nou ka konnen sa l vle nou fè. 10 Sa pral ede nou viv yon fason ki fè lwanj pou Bondye[a] epi ki fè l plezi nèt ale. Se pou lavi nou donnen tout kalite bòn zèv epi se pou nou grandi nan konesans Bondye. 11 Se pou Bondye fòtifye nou tout jan ak puisans laglwa li pou nou ka gen pasyans epi pou nou pa bay legen lè pwoblèm yo vini.

12 Epi di Bondye Papa a mèsi ak anpil jwa nan kè nou, paske li fè nou kalifye pou nou ka jwenn nan eritaj li rezève nan wayòm limyè a pou moun pa l yo. 13 Bondye rache nou soti anba puisans fènwa a, li mete nou nan wayòm Pitit li renmen anpil la. 14 Se pa mwayen Pitit la Bondye ban nou libète epi li padone peche nou.

Pitit Bondye a se menm ak Bondye

15 Pèsonn pa kapab wè Bondye,
    men se pitit la sèlman yo ka wè,
    ki menm jan ak Bondye nan tout pwen.
Se li k ap gouvène tout kreyasyon an,
    kòm premye pitit gason li.
16 Se ak puisans Pitit la Bondye
    te kreye tout bagay ki egziste,
kit sa ki nan syèl moun pa ka wè,
    kit sa ki sou latè moun ka wè,
wa yo, gwo chèf yo,
    pouvwa yo, otorite yo,
tout bagay nèt te fèt pa mwayen Pitit la,
    epi pou Pitit la.
17 Pitit la te la anvan tout bagay te kreye.
    Epi se pa mwayen Pitit la tout bagay kontinye egziste.
18 Li se tèt legliz la ki se kò a.
    Li se kòmansman tout bagay.
Li se premye pami moun ki gen
    pou leve soti vivan nan lanmò.[b]
Sa fè se li ki gen premye plas
    epi se li ki pi enpòtan nan tout bagay.
19 Se yon plezi Bondye pran
    pou l mete tout sa limenm li ye nan Pitit la.
20 Epi Bondye ap rekonsilye tout bagay
    ak li menm ankò pa mwayen Pitit la.
    Se san Pitit la ki koule sou kwa a ki fè
Bondye ka fè lapè ak tout bagay sou latè,
    menm jan ak sa ki nan syèl la.

Lik 2:22-40

Yo prezante Jezi nan tanp lan

22 Lè lè a te rive pou Mari ak Jozèf te fè sa Lalwa Moyiz la te anseye sou koze pirifikasyon[a] yo, yo mennen Jezi Jerizalèm pou yo te ka prezante l bay Senyè a. 23 Dapre sa ki ekri nan Lalwa Senyè a: “Tout premye pitit gason ki fèt, y a mete yo apa pou Senyè a.”[b] 24 Yo te ofri de toutrèl osinon de jèn pijon an sakrifis,[c] dapre sa Lalwa Senyè a te egzije tou.

Simeyon wè Mesi a

25 Vwala te gen yon nonm ki te rele Simeyon ti t ap viv nan Jerizalèm. Se te yon nonm ki te viv lavi l byen selon volonte Bondye epi li te gen krentif pou Li tou. Li t ap veye ki lè pou Mesi a te parèt vin delivre Izrayèl. Senyè a te avèk Simeyon. 26 Sentespri a te fè l konnen l ap wè Mesi a anvan l mouri. 27 Sentespri a pouse Simeyon ale nan tan plan. Konsa, li te la lè Mari ak Jozèf te mennen ti pitit la vini pou yo fè sa Lalwa Jwif yo te egzije. 28 Simeyon pran ti pitit la, li kenbe li. Li beni non Bondye. Li di:

29 “Kounye a, Senyè, ou mèt kite sèvitè ou mouri nan lapè,
    jan ou te pwomèt mwen an.
30 Paske mwen wè ak pwòp je mwen sa ou ap fè pou delivre pèp ou a.
31     Ou prepare l mete devan je tout pèp yo.
32 Li se yon limyè k ap klere pou montre chemen w lan devan nasyon moun ki pa Jwif yo.
    Se li menm tou k ap fè lonè Izrayèl, pèp ou a.”

33 Papa Jezi ansanm ak manman l te sezi tande bagay Simeyon t ap di de li yo. 34 Apre sa, Simeyon beni yo epi li di Mari konsa: “Gade non, ou wè ti pitit sa a, l ap lakòz anpil moun tonbe, men, l ap lakòz anpil lòt moun leve tou nan pami pèp Izrayèl la. Bondye ap sèvi ak li pou avèti moun konsènan sa k pral rive nan tan k ap vini yo. Men anpil moun ap kanpe an kwa devan l. 35 Konsa, l ap devwale sekrè ki kache nan kè anpil moun. Kanta pou ou menm, sa k gen pou rive ti pitit sa a ap fè w soufri anpil, se kòmsi se yon kouto ki t ap fann kè w.”

Àn wè Mesi a

36 Te gen yon fi ki te pwofèt yo te rele Àn. Li te rete nan tanp lan. Àn te soti nan fanmi Fanyèl, ki li menm te soti nan tribi Azè. Li te gentan vye granmoun. Se yon fi ki te sèlman gen chans viv setan avèk mari li anvan mari li te mouri. 37 Apre sa, li rete vèv jouktan li te gen katrevenkat ane. Àn te toujou nan tanp lan, li pa t janm deplase. Li te sèvi Bondye lajounen tankou lannuit. Li te toujou ap jene epi priye.

38 Nan menm lè sa a, Àn pwoche bò kote yo, li kòmanse fè lwanj Bondye epi li t ap pale de Jezi ak tout moun ki t ap tann ki lè pou Bondye te vin delivre Jerizalèm.

Jozèf ak Mari retounen lakay yo

39 Lè Jozèf ak Mari te fin fè tout sa Lalwa Senyè a te egzije pou yo fè, yo te retounen lakay yo nan Nazarèt, ti vil kote yo te rete a, nan Galile. 40 Jezi li menm t ap grandi epi li t ap devlope. Li te ranpli ak sajès epi gras Bondye te sou li.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International