Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 26

26 ¶ Se yon sòm David. Fè m' jistis, Seyè, paske m'ap viv yon jan ki san repwòch. Mwen mete tout konfyans mwen nan ou, mwen pa janm lage ou.

Fouye m', Seyè. Wè tou sa ki nan kè mwen. Sonde m'. Wè tou sa ki nan lide m',

Ou fè m' wè jan ou renmen mwen. M'ap viv yon jan ki dakò ak verite ou la.

Mwen pa chita ansanm ak moun k'ap bay manti, mwen pa gen anyen pou m' wè ak moun ipokrit.

Mwen rayi tout moun k'ap fè sa ki mal. Mwen pa chita ansanm ak mechan yo.

¶ Seyè, m'ap lave men m' pou m' moutre jan m' inonsan, mwen pral pwoche bò lotèl ou a,

pou m' fè tout moun tande jan m'ap di ou mèsi, pou m' rakonte tout bèl bagay ou yo.

Seyè, mwen renmen kay kote ou rete a, kay kote pouvwa ou ye a.

Pa trete m' menm jan ak moun k'ap fè sa ki mal. Pa detwi m' ansanm ak sanginè yo,

10 ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.

11 Pou mwen menm, m'ap mennen yon lavi ki san repwòch. Delivre m', gen pitye pou mwen.

12 M'ap mache byen fèm nan chemen ki pa gen move pa a. M'a fè lwanj Seyè a nan mitan pèp la lè l' reyini.

Sòm 28

28 ¶ Se yon sòm David. Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m' kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m'. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.

Tande m' non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m' non, lè mwen leve de bra m' nan direksyon kay ki apa pou ou a.

Pa mete m' nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.

Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.

Yo pa pran ka sa Seyè a te fè, sa l' te fè ak men l'. Se pou Seyè a detwi yo, se pou l' disparèt yo nèt alè.

¶ Ann fè lwanj Seyè a. Li tande m' lè mwen rele l'.

Seyè a ap pwoteje m', l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m', kè m' kontan. M'ap chante pou m' fè lwanj li.

Se Seyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l'.

Seyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.

Sòm 36

36 ¶ (36:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David, sèvitè Seyè a. (36:2) Peche a pale nan fon kè mechan an: li mete nan tèt li pa gen rezon pou gen krentif Bondye.

(36:3) Li kwè li pi bon pase sa l' ye a: konsa, li pa vle rekonèt peche l' yo.

(36:4) Tout pawòl nan bouch li se move pawòl, se manti ase l'ap bay. Li fin pèdi tèt li, li pa ka fè anyen ki byen anko.

(36:5) Li kouche sou kabann li, l'ap fè move plan. Li sou yon move pant, li dakò ak tou sa ki mal.

¶ (36:6) Seyè, ou renmen nou anpil anpil. Ou toujou kenbe pawòl ou.

(36:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.

(36:8) Bondye, ala bon sa bon, renmen ou gen pou nou an! Se anba zèl ou lèzòm jwenn pwoteksyon.

(36:9) Yo manje vant plen ak manje yo jwenn an kantite lakay ou. Bon bagay ou yo tankou yon rivyè dlo k'ap koule kote yo bwè kont kò yo.

(36:10) Paske, se ou menm ki sous lavi a. Se limyè ou ki fè nou wè klè!

10 (36:11) Toujou renmen moun ki konnen ou! Toujou fè byen pou moun ki san repwòch devan ou!

11 (36:12) Pa kite awogan yo mete pye sou kou m'. Pa kite mechan yo fè m' kouri.

12 (36:13) Gade jan moun k'ap fè mal yo tonbe non! Yo rete atè a, yo pa ka kanpe sou pye yo ankò!

Sòm 39

39 ¶ (39:1) Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm David. (39:2) Mwen te pwomèt mwen t'ap veye sou pawòl mwen, pou m' pa peche ak lang mwen. M'ap mete yon fren nan bouch mwen toutotan mechan yo va kanpe la devan mwen.

(39:3) Mwen fèmen bouch mwen, mwen pa di yon mo, mwen pa pale menm. Sa pa sèvi m' anyen. Mwen soufri pi rèd.

(39:4) Kè m' te sere anpil. Plis mwen kalkile sou sa, se plis sa fatige m'. Mwen pa t' kapab ankò. Mwen mande:

(39:5 -)Seyè, fè m' konnen kilè m'ap mouri. Di m' konbe jou ki rete m' pou m' viv ankò, pou m' ka konnen se pase m'ap pase sou tè a.

(39:6) Gade, mwen konte jou ki rete m' pou m' viv yo sou dwèt mwen. Lavi m' tankou anyen devan ou. Wi, tout moun ki vivan, se tankou lafimen yo ye.

(39:7) Lèzòm ap pwonmennen sou tè a tankou lonbray. Se pou gremesi y'ap bat kò yo. Y'ap anpile richès sou richès, yo pa konnen ki moun k'ap vin jwi yo.

¶ (39:8) Koulye a, Seyè, sa m'ap tann ankò? Tout espwa m' se sou ou!

(39:9) Delivre m' anba tout peche m' yo. Pa kite egare yo pase m' nan betiz.

(39:10) M'ap fèmen bouch mwen, mwen p'ap di yon mo. Paske tou sa se travay ou.

10 (39:11) Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.

11 (39:12) Lè w'ap korije moun ou pini yo pou fòt yo fè, ou detwi tou sa yo pi renmen tankou mit k'ap manje rad. Se vre wi, moun se tankou lafimen yo ye.

12 (39:13) Tanpri, Seyè, koute m' lè m'ap lapriyè. Tande jan m'ap rele, pa fèmen kè ou lè m'ap kriye nan pye ou. Mwen tankou tout zansèt mwen yo, se etranje mwen ye, se pase m'ap pase lakay ou.

13 (39:14) Tanpri, wete je ou sou mwen, pou m' ka pran yon ti souf, anvan m' ale, anvan m' mouri.

Amòs 7:10-17

10 ¶ Amatsya, prèt nan lavil Betèl la, voye di Jewoboram, wa Izrayèl la: -Men Amòs ap moute konplo sou do ou nan mitan pèp Izrayèl la. Li soti pou l' fini ak peyi a ak pawòl l'ap di yo.

11 Men sa l'ap mache di: Jewoboram gen pou l' mouri nan lagè. Y'ap pran moun Izrayèl yo lakay yo, y'ap depòte yo byen lwen nan peyi etranje.

12 Apre sa, Amatsya pale ak Amòs, li di l' konsa: -Divinò, al fè wout ou. Ale vit nan peyi Jida a! Al bay mesaj ou yo laba. Y'a peye ou pou sa!

13 Men isit la, lavil Betèl, pito ou sispann bay mesaj ou yo si ou konn bout! Paske, se isit la wa a vin adore. Se yon tanp nasyonal pou tout peyi a.

14 Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò.

15 Men, Seyè a pran m' nan pye travay mwen, dèyè bèt mwen yo, li ban m' lòd pou m' al fè pèp Izrayèl la konnen mesaj li voye ba yo.

16 Koulye a menm, koute pawòl Seyè a voye di ou: Ou menm w'ap mande m' pou m' pa bay ankenn mesaj sou pèp Izrayèl la, pou m' sispann pale sou pitit Izarak yo.

17 Poutèt sa, Amatsya, men sa Seyè a di: Madanm ou ap tounen jennès nan lavil la! Pitit gason ou yo ak pitit fi ou yo ap mouri nan lagè! Y'ap pran tè ou yo, y'ap separe yo moso pa moso. Ou menm, ou gen pou ou mouri nan yon peyi etranje kote yo pa sèvi Seyè a. Pèp Izrayèl la menm, y'ap pran l', y'ap depòte l' byen lwen peyi l'.

Revelasyon 1:9-16

¶ Mwen menm, Jan, mwen se frè nou. M'ap pataje tout bagay ak nou, kit se soufrans nou, kit se gouvènman Bondye ki wa a, kit se pasians Jezi ban nou an. Yo te ban mwen yon lil yo rele Patmòs pou prizon paske mwen t'ap fè konnen pawòl Bondye a ansanm ak verite Jezi te moutre a.

10 Yon jou dimanch, jou Mèt la menm, Lespri Bondye a pran m', mwen tande yon gwo vwa dèyè do m' ki sonnen tankou yon klewon.

11 Li di m' konsa: Tou sa ou wè, ekri yo nan yon liv. Voye liv la bay sèt legliz ki nan sèt lavil sa yo: Efèz, Esmen, Pègam, Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise.

12 M' vire pou m' wè ki moun ki t'ap pale avè m' lan. Lè sa a, mwen wè sèt gwo lanp sèt branch an lò kanpe,

13 ak nan mitan yo yon moun ki te sanble ak yon gason. Li te gen yon gwo rad sou li byen long ki te bat jouk sou pie l', ak yon sentiwon an lò mare sou lestonmak li.

14 Cheve nan tèt li te tankou lenn mouton, blan kou koton. Je l' yo menm te tankou de flanm dife.

15 Pie l' yo te klere tankou kwiv yo poli apre yo fin chofe l' nan fòj. Lè l' pale menm, vwa l' te tankou bri gwo dlo k'ap sot tonbe nan yon falèz.

16 Li te gen sèt zetwal nan men dwat li ak yon nepe file de bò k'ap soti nan bouch li. Figi l' menm te klere tankou gwo solèy midi.

Matye 22:34-46

34 ¶ Lè farizyen yo tande jan Jezi te fèmen bouch sadiseyen yo, yo tout sanble. Yo te vle pran Jezi nan pèlen.

35 Yonn ladan yo ki te dirèktè lalwa mande li:

36 Mèt, ki kòmandman ki pi konsekan nan tout lalwa a?

37 Jezi reponn li: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye, ou ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout lide ou.

38 Se kòmandman sa a ki pi gwo, ki pi konsekan.

39 Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

40 De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.

41 ¶ Antan farizyen yo te sanble, Jezi poze yo keksyon sa a:

42 Dapre nou, kisa Kris la ye? Pitit kilès li ye? Yo reponn li: Li se pitit pitit David!

43 Jezi di yo: Bon, kouman David fè rele l' Seyè? Paske se Lespri Bondye a menm ki te fè l' di:

44 Bondye te di Seyè mwen an: Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen mete lènmi ou yo anba pye ou.

45 Si David rele Kris la Seyè, ki jan pou Kris la ka pitit pitit David?

46 Okenn moun pa t' kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.