Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)
Version
Error: 'Sòm 69 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Sòm 73 ' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Esdras 7:27-28' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Error: 'Esdras 8:21-36' not found for the version: Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Revelasyon 15

Zanj ki pote dènye kalamite yo

15 Apre sa, m wè yon lòt siy nan syèl la. Li te gwo anpil epi li te fè moun sezi. Se te sèt anj ki responsab pou sèt gwo kalamite. Kalamite sa yo, se yo ki dènye. Se avèk yo kòlè Bondye a ap fin i.

Apre sa, m wè yon lanmè ki sanble yon bagay ki fèt ak kristal mele ak dife. M wè moun yo ki te ranpòte laviktwa nan batay ak bèt la, ak zidòl li a ak nimewo ki reprezante non li a. Yo kanpe sou lanmè an kristal la epi yo kenbe gita Bondye yo nan men yo. Yo t ap chante kantik Moyiz la, sèvitè Bondye a, ansanm ak kantik Ti Mouton an. Yo t ap di:

“Tout sa w fè, se gwo bagay, yo fè moun sezi.
    Senyè, Bondye toupisan,
tout sa w fè, yo dwat epi yo san fot,
    ou menm ki wa sou tout nasyon yo!
Tout moun dwe gen krentif pou ou, o Senyè.
    Tout pèp va fè lwanj pou non ou.
    Se ou sèl ki sen.
Tout pèp va vin devan w, koube pou adore w,
    paske jijman ou fè yo dwat.”

Apre sa, m gade, m wè tanp lan louvri nan syèl la, kote ki apa pou Bondye a.[a] Epi sèt anj ki responsab sèt kalamite yo soti. Yo te abiye ak yon bèl twal blan ki t ap klere anpil. Sentiwon yo te fèt ak lò. Apre sa, youn nan kat kreyati vivan yo bay sèt anj yo sèt koup ki fèt ak lò ki plen ak kòlè Bondye k ap viv pou tout tan an. Tanp lan te plen ak lafimen ki montre glwa ak pouvwa Bondye. Pèsòn pa t ka antre nan tanp lan, jouktan sèt kalamite sèt anj yo te fin pase.

Matye 14:13-21

Jezi bay plis pase 5,000 moun manje

(Mak 6:30-44; Lik 9:10-17; Jan 6:1-14)

13 Lè Jezi te tande nouvèl la, li monte nan yon bato epi li travèse ale nan yon kote ki pa gen moun. Men moun yo ki te tande sa, yon foul moun ki sòti nan tout vilaj yo kouri ale kote yo t ap ale a. 14 Konsa, lè Jezi desann bato a, li te wè yon gwo foul moun ki te gen tan la ap tann li. Kè l te fè l mal anpil pou moun yo, epi li geri tout malad ki te nan foul la.

15 Li te kòmanse fènwa. Disip yo vin kote l epi yo di l: “Zòn sa a pa gen moun menm, epi li deja fin ta. Voye moun yo ale pou yo ka al chache manje achte nan zòn alantou yo.”

16 Jezi di yo: “Yo pa bezwen ale. Degaje nou pou n ba yo manje!”

17 Yo reponn Jezi: “Men se sèlman senk pen ak de pwason nou genyen.”

18 Jezi di: “Pote sa nou genyen yo ban mwen.” 19 Apre sa, li mande tout moun yo pou yo chita sou zèb yo. Li pran senk pen ak de pwason yo. Li leve je l anlè epi li di Bondye mèsi pou manje a. Apre sa, li kase pen yo fè plizyè moso epi li bay disip yo pou yo distribye bay moun yo. 20 Tout moun te manje vant deboutonnen. Lè tout moun fin rasazye, yo te ranmase douz panye plen rabouch ak ti mòso ki te rete. 21 Antotal te gen senk mil gason san konte medam yo ak timoun yo ki te manje jou sa a.

Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International