Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 72

72 ¶ Se yon sòm Salomon. Bondye, moutre wa a jan pou l' dirije tankou ou! Bay pitit wa a pouvwa pou l' gouvènen jan ou vle l' la!

¶ Konsa, l'a gouvènen pèp ou a san patipri, l'a gouvènen malere ou yo jan sa dwe fèt.

Nan tout mòn peyi a, moun va viv byen yonn ak lòt. p'ap gen lenjistis nan okenn ti mòn peyi a.

Wa a va defann kòz malere ki nan peyi a. L'a wete pitit pòv malere yo nan mizè yo ye a. L'a kraze moun k'ap peze pèp la.

Se pou l' viv lontan, tout tan va gen solèy ak lalin pou bay limyè. Wi, se pou li viv tout tan tout tan.

Se pou wa a tankou lapli k'ap tonbe nan jaden, tankou gwo lapli k'ap wouze tè a.

Sou reny li, ap gen jistis toupatou. Tout moun va viv byen yonn ak lòt tout tan va gen lalin pou bay limyè.

L'ap gouvènen depi yon lanmè jouk nan lòt lanmè a, depi larivyè Lefrat jouk nan dènye bout latè a.

Moun ki rete nan dezè a pral soumèt devan li, lènmi l' yo pral manje pousyè.

10 Wa peyi Tasis ak wa zile yo va vin ofri l' kado. Wa peyi Saba ak wa peyi Seba va pote kado ba li.

11 Wa tout lòt peyi yo va soumèt devan li. Tout lòt peyi yo va sèvi l'.

12 L'a delivre pòv yo lè yo rele nan pye li. L'a delivre tout malere ki san sekou.

13 L'a gen pitye pou pòv malere yo. L'a sove lavi tout moun ki nan bezwen.

14 L'a delivre yo anba men moun k'ap peze yo, anba men moun k'ap fè yo mechanste. Lavi moun sa yo gen anpil valè pou li!

15 Se pou wa a viv lontan! Y'a ba li lò ki soti nan peyi Saba. Y'a toujou lapriyè pou li. Y'a mande pou Bondye beni li chak jou.

16 Se pou jaden kouvri tout peyi a, jouk sou tèt mòn yo. Se pou yo donnen tankou jaden peyi Liban. Se pou lavil yo plen moun tankou zèb k'ap pouse nan jaden.

17 Se pou yo pa janm bliye non li. Toutotan va gen solèy pou klere tè a, se pou y'ap nonmen non li. Se pou tout nasyon fè lwanj li. Se pou tout moun mande Bondye pou l' beni yo menm jan li beni wa a.

18 ¶ Fè lwanj Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Se li menm sèl ki ka fè bèl mèvèy sa yo.

19 Fè lwanj li pou gwo pouvwa li. Se pou toupatou sou latè yo rekonèt gwo pouvwa li. Wi, se vre! Amèn!

20 Avèk sòm sa a, nou fini ak lapriyè David, pitit Izayi a, te fè.

Sòm 119:73-96

73 ¶ Se ou ki te kreye m', se ou ki te fè m' ak men ou. Ban m' lespri pou m' ka aprann kòmandman ou yo.

74 ¶ Moun ki gen krentif pou ou va fè fèt lè y'a wè m', paske mwen te mete tout espwa m' nan pawòl ou.

75 ¶ Seyè, mwen konnen jijman ou yo san patipri. Ou te pini m' paske ou toujou kenbe pawòl ou.

76 ¶ Jan ou te pwomèt mwen sa, mwen menm sèvitè ou la, konsole m', paske ou renmen m'.

77 Gen pitye pou mwen pou m' ka viv, paske mwen pran tout plezi m' nan lalwa ou.

78 ¶ Bann awogan sa yo k'ap fini avè m' san rezon an, se pou yo wont. Mwen menm, m'ap kalkile lòd ou ban mwen yo.

79 Se pou moun ki gen krentif pou ou ansanm ak moun ki konnen prensip ou yo tounen vin jwenn mwen.

80 ¶ Se pou m' fè tou sa ou vle m' fè, san manke yonn, pou m' pa janm wont.

81 ¶ Seyè, kè m' fè m' mal tèlman m'ap tann ou vin delivre mwen. Mwen mete tout espwa mwen nan pawòl ou.

82 Je m' yo fè m' mal tèlman m'ap veye sa ou te pwomèt la. M'ap mande: -Kilè w'a vin konsole m'?

83 ¶ Mwen tankou yon vye kalbas ki pandye bò dife. Men, mwen pa janm bliye sa ou mande m' fè.

84 ¶ Konbe jou sèvitè ou la rete pou l' viv ankò? Kilè w'a pini moun k'ap pèsekite m' yo?

85 ¶ Yon bann awogan fouye twou sou wout mwen, yo p'ap fè sa ou mande nan lalwa a.

86 Tout kòmandman ou yo se bagay ki sèten. Y'ap pèsekite m' san rezon. vin pote m' sekou!

87 Ti moso yo touye m'. Men, mwen menm, mwen pa janm dezobeyi lòd ou yo.

88 ¶ Paske ou renmen m', ban m' lavi ankò pou m' ka swiv prensip ki soti nan bouch ou.

89 ¶ Seyè, pawòl ou la pou tout tan. Y'ap toujou rete jan yo ye a nan syèl la.

90 Tout tan tout tan, w'ap toujou kenbe pawòl ou. Ou mete latè nan plas li, l'ap rete fèm.

91 Jouk jounen jòdi a, tout bagay sou latè rete jan ou vle l' la, paske yo tout se sèvitè ou yo ye.

92 ¶ Si mwen pa t' pran plezi m' nan fè sa ou mande m' fè, atòkonsa mwen ta fin mouri nan mizè mwen.

93 ¶ Mwen p'ap janm bliye lòd ou bay yo paske se gremesi yo ou ban m' lavi ankò.

94 ¶ Se moun ou mwen ye. Sove m' non! M'ap toujou swiv lòd ou yo.

95 ¶ Yon bann mechan ap veye pou yo touye m'. Men mwen menm, m'ap veye pou m' mache dapre prensip ou yo.

96 ¶ Mwen wè tou sa ki bon sou latè la pou yon ti tan. Men, kòmandman ou yo la pou tout tan.

Neemi 13:4-22

Anvan tout bagay sa yo, se Elyachib, yonn nan prèt yo, yo te mete reskonsab chanm depo magazen tanp lan. Li te fanmi prèt Tobija.

Se konsa li pran yonn nan gwo chanm depo kote yo te konn mete ofrann yo, lansan an, veso ki sèvi nan tanp lan, ofrann ladim sou ble a, sou diven nivo a ak sou lwil, ofrann yo te fè pou moun Levi yo, pou mizisyen yo ak pou gad pòtay yo, ansanm ak pòsyon yo mete apa pou prèt yo, li fè ranje chanm lan pou Tobija.

Pandan tout bagay sa yo t'ap pase, mwen pa t' lavil Jerizalèm paske, lè wa Atagzèsès te rive sou tranndezan depi l' t'ap gouvènen, nou te fè yon vwayaj al bò kote l'. Kèk tan apre sa, li ban m' otorizasyon ankò,

epi m' tounen lavil Jerizalèm. Se lè sa a mwen vin konnen move bagay Elyachib te fè a, lè li te pran yon chanm nan lakou tanp Bondye a pou l' te bay Tobija rete.

Mwen te fache anpil poutèt sa. Mwen pran tout mèb ki te lakay Tobija yo, mwen jete yo deyò nan lari.

Lèfini, mwen bay lòd pou yo fè sèvis pou mete chanm depo yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo mete tout veso ki pou sèvis tanp lan, ansanm ak ofrann yo ak lansan an nan plas yo ankò.

10 ¶ Mwen vin konnen tou pèp la pa t' bay sa pou yo te bay pou moun Levi yo, kifè moun Levi yo ak mizisyen yo te leve kite travay yo lavil Jerizalèm, yo tounen nan jaden yo.

11 Mwen rale zòrèy chèf yo, mwen mande yo poukisa yo pa okipe tanp la ankò. Mwen voye chache moun Levi yo ak mizisyen yo, m' fè yo tounen nan tanp lan vin fè travay yo.

12 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo pote ofrann ladim ble, ladim diven ak ladim lwil vin mete nan depo a.

13 Mwen chwazi twa moun: Chelemya, yon prèt, Zadòk, yon direktè lalwa, ak Pedaja, yon moun Levi, mwen mete yo reskonsab chanm depo yo. Mwen chwazi yon lòt moun, Anan, pitit gason Zakou, pitit pitit Matanya, pou ede yo nan travay la. Mwen konnen mesye sa yo te nèg serye. Se yo ki te reskonsab separe pwovizyon yo bay prèt ak moun Levi parèy yo.

14 Se poutèt sa, O Bondye mwen, pa bliye m', tanpri! Pa bliye tout bagay sa yo mwen te fè pou tanp ou a ak pou regleman ou bay yo, paske mwen bay lavi m' nèt pou sèvi ou!

15 ¶ Lè sa a tou, mwen wè kèk moun nan peyi Jida a ki t'ap fè ji rezen gwo jou repo a. Gen lòt menm ki t'ap chaje pakèt ble, diven, rezen, fig frans ak anpil lòt chay toujou sou bourik pou yo ale lavil Jerizalèm jou repo a. Mwen avèti yo pou yo pa vann jou sa a.

16 Te gen kèk moun lavil Tir ki te rete lavil Jerizalèm pou fè kòmès. Yo te konn pote pwason ak tout lòt kalite machandiz pou yo te vann moun Jida yo jou repo a.

17 Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: -Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non!

18 Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!

19 Se konsa mwen bay lòd pou yo toujou fèmen tout batan pòtay lavil la pou tout jou repo a, depi lavèy lè solèy fin kouche, epi pou yo kite yo fèmen pou jouk nan denmen lè solèy la va kouche ankò. Mwen mete kèk moun pa m' menm ap veye bò pòtay yo pou ankenn chay pa antre nan lavil la jou repo a.

20 Yonn ou de fwa, kèk machann k'ap fè trafik vann tout kalite machandiz te blije pase nwit lavèy jou repo a, deyò lòt bò pòtay lavil Jerizalèm.

21 Mwen avèti yo, mwen di yo: -Sa nou bezwen rete pase nwit lan deyò bò miray la fè? Si nou fè sa ankò, m'ap fè mete men sou nou. Depi lè sa a yo pa janm vini jou repo a ankò.

22 Mwen bay moun Levi yo lòd pou yo fè sèvis pou mete tèt pa yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, apre sa pou yo vin veye pòtay yo pou nou te ka fete jou repo a jan Bondye vle l' la. Poutèt sa tou, o Bondye mwen, pa bliye mwen! Pou jan ou gen bon kè, tanpri, pitye pou mwen!

Revelasyon 12:1-12

12 ¶ Yon gwo siy parèt nan sièl la: se te yon fanm ki te vlope nan solèy la tankou nan yon rad. Lalin lan te anba pie li. Li te gen douz zetwal kouwonnen tèt li.

Li te prèt pou l' te akouche: soufrans ak doulè tranche t'ap fè l' rele.

Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.

Sou chak twa zetwal ki nan sièl la, li pran yonn li rache l' ak ke l', li voye l' jete sou latè. Li te kanpe la devan fanm ki tapral akouche a, pou l' te ka devore ti pitit la kou l' fèt.

Fanm lan fè yon ti pitit gason ki gen pou gouvènen tout nasyon yo ak yon baton fè. Men, yo pran ti pitit la, yo mennen l' bò kot Bondye, bò kot fòtèy la.

Fanm lan menm kouri ale nan dezè a, kote Bondye te pare yon plas pou yo te ba l' manje pandan mildesanswasant (1.260) jou.

Lè sa a, yon sèl batay pete nan sièl la: Michèl ak zanj li yo pran goumen ak dragon an. Dragon an menm te gen zanj pa l' yo avè l' pou goumen ak Michèl.

Men, dragon an pèdi batay la, yo pa ba l' dwa rete nan sièl la ankò, ni li menm, ni zanj li yo.

Yo jete gwo dragon an deyò. Se li menm, sèpan ki la depi lontan an, li menm yo rele diab la osinon Satan, k'ap plede twonpe tout moun. Yo voye l' jete sou latè ansanm ak tout zanj li yo.

10 Apre sa, mwen tande yon gwo vwa nan sièl la ki t'ap di: Koulye a, Bondye pral vin delivre nou. Koulye a Bondye fè wè li gen pouvwa, se li ki sèl Mèt! Koulye a, Kris li a fè wè otorite li. Paske, moun ki t'ap plede akize frè nou yo, moun ki te kanpe la devan Bondye, lajounen kou lannwit, ap pote plent pou yo a, yo mete l' deyò nan sièl la.

11 Frè nou yo goumen ak li jouk yo gen batay la, gremesi san ti Mouton an ki te koule ak verite yo t'ap pibliye a: yo pa t' renmen lavi yo jouk pou yo ta pè lanmò.

12 ¶ Se poutèt sa, fè kè n' kontan, nou menm sièl ak tout moun ki rete nan sièl la. Men, malè pou latè ak lanmè, paske Satan desann sou nou. Li move anpil, paske li konnen pa rete l' anpil tan ankò.

Matye 13:53-58

53 ¶ Lè Jezi fin di parabòl sa yo, li kite kote l' te ye a.

54 li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?

55 Se pa pitit bòs chapant lan? Se pa Mari ki manman li? Se pa frè Jak, Jozèf, Simon ak Jid li ye?

56 Apa tout sè l' yo la avèk nou. Kote l' jwenn tout bagay sa yo?

57 Se sak fè yo te jwenn nan li okazyon tonbe nan peche. Lè sa a, Jezi di yo: Yon pwofèt jwenn respè toupatou, esepte nan peyi l' ak nan fanmi li.

58 Se konsa Jezi pa t' fè anpil mirak la, paske yo pa t' kwè nan li.