Print Page Options
Previous Prev Day Next DayNext

Book of Common Prayer

Daily Old and New Testament readings based on the Book of Common Prayer.
Duration: 861 days
Haitian Creole Version (HCV)
Version
Sòm 119:1-24

119 ¶ Ala bon sa bon pou moun k'ap mennen yon lavi san repwòch, pou moun k'ap mache dapre lalwa Seyè a!

Ala bon sa bon pou moun ki kenbe prensip li yo, pou moun k'ap chache obeyi l' ak tout kè yo!

Moun konsa p'ap fè mal, y'ap mache nan chemen li mete devan yo.

¶ Ou ban nou lòd pou nou swiv. Ou mande pou nou obeyi yo san manke yonn.

Jan m' ta renmen kenbe fèm pou m' toujou fè sa ou mande!

Konsa, mwen p'ap janm wont lè m'ap kalkile kòmandman ou yo.

¶ M'a fè lwanj ou avèk yon konsyans ki pwòp, lè m' aprann tou sa ou deside nan jistis ou.

Mwen vle fè tou sa ou mande. Tanpri, pa lage m'.

¶ Kisa yon jenn gason dwe fè pou l' mennen bak li dwat? Se pou l' toujou mache jan ou di l' mache a.

10 ¶ Mwen chache obeyi ou ak tout kè mwen. Pa kite m' dezobeyi kòmandman ou yo.

11 ¶ Mwen sere pawòl ou yo nan kè mwen, pou m' pa fè peche kont ou.

12 ¶ Mèsi, Bondye. Moutre m' tou sa ou vle m' fè.

13 ¶ M'ap repete ak bouch mwen tout jijman ki soti nan bouch ou.

14 Mwen pran plezi m' pou m' mache dapre prensip ou yo, tankou si m' te gen tout richès sou latè.

15 M'ap kalkile sa ou ban nou lòd fè. M'ap egzaminen chemen ou mete devan nou.

16 Mwen pran tout plezi m' nan fè sa ou mande. Mwen p'ap bliye pawòl ou yo.

17 ¶ Aji byen avè m', mwen menm k'ap sèvi ou la, pou m' ka viv, pou m' ka fè tou sa ou di m' fè.

18 ¶ Louvri je m' pou m' ka wè bèl bagay ki nan lalwa ou la.

19 ¶ Se pase m'ap pase sou tè a. Tanpri, pa anpeche m' konnen kòmandman ou yo.

20 ¶ Se tout tan kè m' ap bat, tèlman mwen anvi konnen sa ou deside.

21 ¶ Ou rele dèyè awogan yo, bann madichon sa yo k'ap dezobeyi kòmandman ou yo.

22 ¶ Pa kite yo joure m', pa kite yo meprize m', paske mwen te kenbe prensip ou yo.

23 ¶ Menm si chèf yo chita pou pale m' mal, mwen menm k'ap sèvi ou la, m'ap kalkile sou sa ou vle m' fè a.

24 ¶ Prensip ou yo fè kè m' kontan. Se yo ki ban m' konsèy sa pou m' fè.

Sòm 12-14

12 ¶ (12:1) Pou chèf sanba yo. Sou wityèm lan. Se yon sòm David. (12:2) vin sove nou non, Seyè! Pa gen moun ki renmen ou ankò! Pa gen moun sou latè k'ap sèvi ou ak tout kè yo ankò!

(12:3) Yonn ap bay lòt manti. Yonn ap flate lòt, yonn ap twonpe lòt.

(12:4) Seyè, fèmen bouch bann flatè sa yo, bann moun sa yo k'ap vante tèt yo.

(12:5) Y'ap plede di: -Nou pale jan nou vle. Bouch nou rele n' pa nou. Ki moun ki pou pase nou lòd?

(12:6) Y'ap peze malere yo. Pòv yo ap soufri, y'ap plenyen. Men, Seyè a di: M'ap vini koulye a. M'ap ba yo sekou y'ap tann lan.

(12:7) Pawòl Seyè a se bon pawòl. Li tankou lajan yo pase sèt fwa nan dife pou wè si li bon.

(12:8) Ou menm, Seyè, w'a toujou defann nou! Pa kite moun sa yo fè nou anyen!

(12:9) Mechan yo ap pwonmennen sou moun toupatou: se tout moun k'ap fè lwanj move bagay y'ap fè yo.

13 ¶ (13:1) Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. (13:2) Konbe tan ankò w'a bliye m', Seyè? Gen lè ou bliye m' nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m' pa wè ou?

(13:3) Konbe tan ankò pou m' soufri? Konbe tan ankò pou m' gen lapenn nan kè mwen, pou m' gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m' yo va pilonnen m' anba pye yo?3 (13:4) Gade m' non, Seyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m' pou m' pa mouri.

(13:5) Konsa, moun k'ap pèsekite m' yo p'ap ka di: Nou fini avè l'! Yo p'ap gen chans wè m' tonbe pou yo kontan!

(13:6) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m' anpil. Kè m' kontan, paske ou delivre mwen.

(13:7) M'ap chante pou Seyè a, paske li te bon pou mwen.

14 ¶ Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo: Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.

Seyè a rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l' wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l'.

Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.

¶ Seyè a di: Moun sa yo k'ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!

Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.

Y'ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo.

Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l' vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Jeremi 37:3-21

Men, wa Sedesyas te voye Jewoukal, pitit Chelemya, ak Sefanya, prèt la, pitit Maseja, bò kot pwofèt Jeremi pou mande l' lapriyè Seyè a, Bondye yo a, pou yo tout.

Lè sa a, yo pa t' ankò mete Jeremi nan prizon. Li t'ap ale vini jan l' te vle nan mitan pèp la.

Lame moun Babilòn yo te sènen lavil Jerizalèm. Lè yo pran nouvèl lame farawon an te travèse fwontyè peyi Lejip la, yo wete kò yo devan lavil Jerizalèm.

Lè sa a, Seyè a pale ak pwofèt Jeremi. Li di l': -Men repons w'a voye bay Sedesyas:

Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la pale. Men sa n'a di wa Jida ki te voye nou bò kote m' lan. Lame farawon an t'ap vin ede nou. Men l'ap tounen lakay li nan peyi Lejip.

Lè sa a, moun Babilòn yo ap tounen dèyè nou ankò, y'ap atake lavil la, y'ap pran l', y'ap boule l'.

Se mwen menm Seyè a ki di sa: Pa twonpe tèt nou. Pa konprann moun Babilòn yo pati ale nèt, yo gen pou yo tounen.

10 Menm si nou ta rive kraze tout lame moun Babilòn k'ap fè nou lagè a epi se sa ki blese yo ase nou kite kouche anba tant yo, yo tout y'ap leve, y'ap vin boule lavil la ratè.

11 ¶ Lè sa a, lame moun Babilòn yo te wete kò yo devan Jerizalèm, paske yo te pran nouvèl mouvman lame farawon an.

12 Jeremi te vle fè yon ti soti andeyò lavil la pou li ale nan peyi moun Benjamen yo. Li tapral resevwa pòsyon pa l' nan yon tè fanmi li ansanm ak tout rès moun yo t'ap separe.

13 Lè li rive Pòtay Benjamen, li kontre ak kòmandman pòs la ki te rele Jirija. Se te pitit Chelemya, pitit pitit Ananya. Jirija rete Jeremi, li di l' konsa: -Anhan! Ou pral rann tèt ou bay moun Babilòn yo!

14 Jeremi reponn li: -Non, monchè! Mwen pa pral rann tèt mwen kras bay moun Babilòn yo. Men Jirija pa koute l' menm. Li boukle Jeremi, li mennen l' bay chèf yo.

15 Chèf yo move sou Jeremi, yo fè bat li byen bat. Apre sa, yo fèmen msye lakay Jonatan, sekretè tanp lan. Yo te pran kay sa a sèvi yo prizon.

16 Yo mete Jeremi nan yon kacho anba tanp lan. Yo kite l' pase kèk tan la.

17 Apre sa, wa Sedesyas voye chache l'. Lè Jeremi rive nan palè a, wa a pran l' sou kote, li mande l': -Eske Seyè a ba ou yon mesaj pou mwen? Jeremi reponn: -Wi, monwa. Men li: Yo pral lage ou nan men wa lavil Babilòn lan.

18 Apre sa Jeremi mande wa a: -Sa mwen fè ou, sa m' fè chèf ou yo, sa m' fè pèp la pou ou mete m' nan prizon?

19 Kisa ki rive pwofèt ou yo ki te di ou wa lavil Babilòn lan pa t'ap vin atake ni ou menm ni peyi a?

20 Koulye a, monwa, mèt mwen, tanpri, koute sa m'ap mande ou. Tanpri souple, pa voye m' tounen nan prizon kay Jonatan, sekretè a. Si ou fè sa, nanpwen rechap pou mwen.

21 Se konsa, wa Sedesyas bay lòd pou yo fèmen Jeremi nan lakou gad palè yo. Chak jou se pou yo ba li yon pen y'a pran nan Riyèl Boulanje yo jouk jou p'ap gen pen ankò nan lavil la. Se konsa Jeremi rete nan lakou gad palè yo.

1 Korint 14:13-25

13 Se sak fè, lè yon moun ap pale langaj, se pou l' mande Bondye don pou l' ka esplike sans mo yo.

14 Lè m'ap lapriyè nan langaj, se bonnanj mwen k'ap lapriyè, men lespri mwen pa travay.

15 ¶ Kisa m' pral fè koulye a? Mwen pral lapriyè avèk bonnanj mwen, men mwen pral lapriyè avèk lespri mwen tou. Mwen pral chante avèk bonnanj mwen, men mwen pral chante avèk lespri mwen tou.

16 Konsa tou, si w'ap di Bondye mèsi nan langaj, ki jan pou moun k'ap koute ou nan asanble a ka reponn "amèn" lè ou fin fè lapriyè a, si li pa konprann sa w'ap di a?

17 Mwen dakò avèk nou, nou te ka fè yon bèl lapriyè pou di Bondye mèsi, men konfyans lòt moun yo pa pwofite.

18 Mwen di Bondye mèsi dèske mwen pale langaj pase nou tout.

19 Men, nan mitan legliz la, mwen pito di senk ti mo tout moun ka konprann pou lòt yo ka grandi nan konfyans yo tou pase pou m' di yon pakèt mo nan langaj.

20 Frè m' yo, pa aji tankou timoun lè n'ap fè lespri nou travay. Nou mèt aji an timoun annegad sa ki mal. Men, aji an granmoun lè n'ap fè lespri nou travay.

21 ¶ Men sa ki ekri nan Liv lalwa a: M'a pale avèk pèp la nan bouch moun lòt peyi, nan bouch moun ki pale lòt lang. Men malgre sa, pèp mwen an p'ap koute mwen.

22 Se Bondye menm ki di sa. Se sak fè, lè yon moun gen don pou l' pale langaj, sa se yon siy pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la. Se pa yon siy pou moun ki gen konfyans yo. Okontrè, lè yon moun gen don pou l' bay mesaj ki soti nan Bondye, sa se yon siy pou moun ki gen konfyans yo, men pa pou moun ki pa gen konfyans nan Kris la.

23 Lè tout legliz la sanble, sipoze tout moun ap pale langaj, si yon moun deyò osinon yon moun ki pa kwè vin antre kote nou ye a, èske li p'ap di se yon bann moun fou nou ye?

24 Men, si tout moun ap bay mesaj ki soti nan Bondye, lè sa a yon moun ki pa kwè, osinon yon moun deyò, si l' vin rive, sa la tande a va fè l' wè aklè se nan peche l'ap viv. Tou sa l'ap tande a pral jije li.

25 Tout lide li te gen kache nan kè l' ap parèt deyò. Lè sa a, la bese tèt li, la adore Bondye, la di konsa: Wi, se vre. Bondye nan mitan nou.

Matye 10:24-33

24 Yon elèv pa pi fò pase mèt li. Nitou, yon domestik pa pi grannèg pase patwon li.

25 Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!

26 Se sak fè nou pa bezwen pè pesonn. Pa gen anyen ki kache ki p'ap dekouvri yon lè. Nanpwen sekrè ki p'ap devwale.

27 Tou sa m'ap di nou nan fènwa, nou menm repete l' gwo lajounen. Tou sa yo di nou nan zòrèy, mache bay li nan tout kalfou.

28 Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.

29 Eske yo pa vann ti zwazo de pou senk kòb? Malgre sa, pa gen yon sèl ki tonbe atè san Papa nou pa konnen.

30 Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte.

31 Se sak fè, nou pa bezwen pè menm: nou vo pi plis pase anpil ti zwazo.

32 Moun ki va kanpe pou mwen devan lèzòm, mwen menm tou, m'a kanpe pou li devan Papa m' ki nan syèl la.

33 Men tou, moun ki va kanpe devan lèzòm pou di li pa konnen m', mwen menm tou, m'a kanpe devan Papa m' ki nan syèl la, m'a di mwen pa konnen l'.