Add parallel Print Page Options

Lanmò Laza

11 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete. Se te menm Mari sa a ki te mete pafen sou Jezi epi ki te siye pye Senyè a ak cheve li. Se te Laza, frè li, ki te malad. De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.”

Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.” Jezi te renmen Mat, Mari, sè Mat la ak Laza. Apre l fin tande Laza malad, li pase de jou ankò kote l te ye a. Apre sa, li di disip li yo: “Ann tounen nan peyi Jide.”

Disip li yo di li: “Sa pa fè lontan Jwif sa yo t ap chache touye w ak wòch, epi ou pral laba a ankò?”

Jezi reponn: “Èske se pa douzè yon jounen genyen? Si yon moun ap mache pandan jounen an li p ap bite, paske l ap wè limyè mond lan.[a] 10 Men si yon moun ap mache lannuit l ap bite, paske li pa gen limyè.”

11 Lè l fin pale konsa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.”

12 Disip li yo di l konsa: “Senyè, si l ap dòmi, l ap geri.” 13 Jezi t ap pale de lanmò Laza, yo menm yo te panse li t ap pale sou repo yon moun pran lè l ap dòmi.

14 Alò Jezi di yo aklè: “Laza mouri. 15 Poutèt nou menm, mwen kontan dèske m pa t la, paske nou va kwè nan mwen kounye a. Ann al lakay li.”

16 Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”

Jezi nan zòn Betani

17 Lè Jezi rive, li jwenn Laza gentan antere depi kat jou. 18 Betani te toupre Jerizalèm, a twa kilomèt[b] konsa, 19 Anpil Jwif te vin wè Mat ak Mari pou konsole yo nan moman lanmò frè yo a.

20 Lè Mat tande Jezi te rive, l ale rankontre l. Mari menm te rete chita nan kay la. 21 Mat di Jezi konsa: “Senyè, si w te isit, frè m nan pa t ap mouri. 22 Men, menm kounye a, mwen konnen tout sa ou mande Bondye, l ap ba ou l.”

23 Jezi di konsa: “Frè w la ap resisite.”

24 Mat di Jezi: “Mwen konnen l ap resisite nan rezireksyon k ap vini an, nan dènye jou a.”

25 Jezi di l konsa: “Mwen se rezireksyon, mwen se lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, l ap viv. 26 Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

27 Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.”

Jezi kriye

28 Lè Mat fin di sa, li pati al rele Mari, sè l la. San lòt moun yo pa tande, li di l: “Mèt la la a wi, l ap rele w.” 29 Lè Mari tande sa, li leve touswit al kote Jezi. 30 Jezi pa t ko antre nan vil la. Li te kote Mat te rankontre l la toujou. 31 Lè Jwif yo ki te nan kay la ap konsole Mari yo wè l leve soti byen vit, yo menm tou, yo akonpanye l, paske yo te panse li t apral kriye bò tonm nan. 32 Lè Mari rive, menm wè li wè Jezi, li tonbe nan pye l, epi li di l: “Senyè, si ou te isit, frè m nan pa t ap mouri.”

33 Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble. 34 Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?”

Yo di l: “Senyè vin wè.”

35 Jezi te pran kriye.

36 Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!”

37 Men, kèk nan yo di: “Li menm ki louvri je avèg, li pa t kapab fè Laza pa mouri?”

Jezi resisite Laza

38 Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a. 39 Jezi di: “Retire wòch la!”

Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.”

40 Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?”

41 Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen. 42 Alaverite, mwen konnen ou toujou reponn priyè m, men m pale konsa poutèt foul moun sa yo ki anviwonnen m nan, pou yo kapab kwè se ou ki te voye m.” 43 Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!” 44 Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou.

Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”

Plan pou touye Jezi

(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Lik 22:1-2)

45 Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li. 46 Men gen kèk nan yo ki te al jwenn Farizyen yo epi ki rakonte yo sa Jezi te fè. 47 Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak. 48 Si nou kite l kontinye konsa, tout moun ap kwè nan li, epi Women yo ap vin detwi ni tanp lan ni nasyon nou an.”

49 Youn nan yo, yo te rele Kayif, se te Chèf prèt nan lane sa a, li di: “Nou pa konprann anyen! 50 Nou pa wè nou gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la, olye pou tout nasyon an peri.”

51 Se pa t poukont li li te di pawòl sa yo, men kòm li te Chèf prèt ane sa a, se yon pwofesi li te fè, kòmkwa Jezi te dwe mouri pou tout nasyon an. 52 Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou.

53 Depi jou sa a, yo te fè konplo pou touye Jezi. 54 Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo.

55 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la. 56 Yo t ap chache Jezi, epi kote yo te ye nan tanp lan, yo youn t ap di lòt: “Sa nou panse, sanble li p ap janm vin nan fèt la?” 57 Chèf prèt yo ansanm ak Farizyen yo te pase lòd si yon moun ta konnen kote Jezi ye pou yo fè yo konn sa, pou yo te kapab arete l.

Yon dam fè lwanj pou Jezi

(Mat 26:6-13; Mak 14:3-9)

12 Sis jou anvan fèt Pak la, Jezi ale Betani kote Laza, nonm li te resisite a te rete. Yo te fè bèl fèt pou li la, Mat t ap fè sèvi manje, epi Laza te la ak envite yo ap manje ak Jezi. Lè sa a, Mari pran yon boutèy losyon san melanj ki koute chè anpil, plis pase yon lit konsa, li mouye pye Jezi ak losyon an epi li siye yo ak cheve l. Lè sa a, tout kay la te vin gen lodè losyon an.

Jida Iskaryòt, youn nan disip yo, ki t apral trayi Jezi a, te di disip yo konsa: Pou ki nou pa vann losyon an pou twasan denye,[c] nou ta bay pòv yo kòb sa a? Li t ap pale konsa, se pa paske l te panse ak pòv yo non. Se paske se te yon vòlè l te ye, epi se li menm ankò ki te kenbe kès la. Li te konn vòlè nan sa yo mete ladan l.

Lè sa a, Jezi di: “Kite l trankil, se yon ekonomi l ap fè pou jou antèman m. Pou pòv yo, n ap toujou genyen yo ak nou,[d] men mwen menm, mwen p ap la pou tout tan ak nou.”

Konplo kont Laza

Yon gwo foul Jwif te vin konnen Jezi te la, yo pa t vini pou yo wè Jezi sèlman, men pou yo te kapab wè Laza Jezi te resisite a tou. 10 Chèf prèt yo te deside touye Laza tou. 11 Paske, poutèt li menm, anpil Jwif vire do kite yo pou y al kwè nan Jezi.

Jezi antre nan Jerizalèm tankou yon wa

(Mat 21:1-11; Mak 11:1-11; Lik 19:28-40)

12 Nan demen, tout foul moun ki te vin nan fèt la te vin konnen Jezi t apral rive nan lavil Jerizalèm. 13 Yo pran branch bwa soti al rankontre l. Yo t ap plede rele:

“Louwanj[e] pou Letènèl!
Benediksyon pou moun ki vini
    nan non Senyè a,[f] wa Izrayèl la.”

14 Jezi jwenn yon jenn ti bourik, li monte sou li, jan Bib la te di a:

15 “Pa krenn anyen, moun lavil Siyon,[g]
men Wa ou la ap vini,
    li monte yon jenn ti bourik.”[h]

16 Nan moman sa a, disip yo pa t konprann sa k t ap pase a. Men lè Jezi te fin retounen al jwenn papa l, yo reyalize bagay sa yo te ekri sou li, epi se sa menm yo te fè pou li.

17 Foul moun ki te la yo, lè li te rele Laza soti nan tonm nan, lè li te resisite l la, yo tout t ap rann temwanyaj pou li. 18 Se poutèt sa, foul moun sa yo te vin kontre li, paske yo te tande ki kalite mirak li te fè. 19 Lè sa a, Farizyen yo t ap di antre yo menm: “Nou pa wè nou pa ka fè anyen? Men tout moun pati ale jwenn li.”

Jezi ap pale sou lanmò ak lavi

20 Te gen kèk moun pami Grèk yo ki te vini pou adore Bondye nan moman fèt la. 21 Y al jwenn Filip ki moun Bètsayida, nan teritwa Galile, yo mande l: “Mesye, nou ta renmen wè Jezi.” 22 Filip al di Andre sa, epi yo toulede al di Jezi sa ansanm.

23 Men, Jezi reponn yo konsa: “Moman an rive pou Pitit Lòm nan resevwa glwa li. 24 An verite, an verite, m ap di nou, si grenn mayi yo plante a pa mouri, l ap rete poukont li. Men si li mouri, l ap donnen anpil. 25 Moun ki renmen lavi l ap pèdi l, men moun ki bay lavi l pou lemonn, moun sa a va konsève lavi l pou letènite. 26 Si yon moun ap sèvi mwen, se pou l swiv mwen, epi kote m ye sèvitè mwen ap la tou. Si yon moun ap rann mwen sèvis, Papa m ap fè lwanj pou li.

Jezi pale sou lanmò li

27 Kounye a, m santi lespri m twouble. Ki sa m ta di? Papa, delivre m non anba tan soufrans sa a. Men, se pou sa menm mwen te vini. 28 Papa, fè wè glwa w non!”

Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: “Mwen fè wè glwa m deja, epi m ap fè wè glwa m ankò.”

29 Foul moun ki te la yo te tande. Gen nan yo ki di se yon kout loray, gen lòt ki di se yon anj ki pale avè l.

30 Jezi reponn epi li di: “Se pa pou mwen menm vwa sa a pale, se poutèt nou menm. 31 Kounye a lè jijman lemonn rive, lè a rive pou chèf k ap domine sou lemonn nan tonbe. 32 Epi mwen menm, lè yo va leve m anwo[i] tè a, m ap rale tout moun vin jwenn mwen.” 33 Li te di sa pou l fè konprann kijan l ap mouri.

34 Foul la te reponn li: “Nou etidye nan Lalwa, lè Kris la vini l ap viv pou tout tan, kijan ou fè di fòk Pitit Lòm nan leve anwo latè a?[j] Ki moun Pitit Lòm nan ye?”

35 Jezi di yo: “Limyè[k] a avèk nou pou yon ti tan ankò. Mache toutotan limyè a la, pou fènwa pa kenbe nou. Paske moun k ap mache nan fènwa pa wè kote l prale. 36 Pandan nou genyen limyè a, se pou n kwè nan limyè a, konsa nou va tounen pitit limyè.” Apre Jezi fin pale konsa ak yo, li pati l al kache.

Kèk Jwif derefize kwè Jezi

37 Menm lè Jezi fè tout mirak sa yo devan pèp la, yo pa t kwè nan li 38 pou pawòl pwofèt Ezayi sa a te kapab akonpli:

“Senyè, kilès ki kwè nan sa yo tande n ap di?
    Pouki moun pouvwa Senyè a parèt aklè?”[l]

39 Men pou kisa yo pa t kapab kwè, se Ezayi menm ki di ankò:

40 “Li fè yo avèg
    epi li fè kè yo di
pou yo pa wè nan je yo,
    pou yo pa konprann nan kè yo,
pou yo pa ta vire vin jwenn mwen,
    pou m ta geri yo.”[m]

41 Ezayi te di sa, paske li te wè glwa Jezi, epi li pale de li.

42 Poutan, pami chèf yo menm, anpil te kwè nan Jezi. Men poutèt Farizyen yo, yo pa t oze di sa, yo te pè pou yo pa t mete yo deyò nan Sinagòg la. 43 Yo te prefere lwanj moun ba yo pase lwanj Bondye.

Ansèyman Jezi a gen pou jije lèzòm

44 Lè sa a, Jezi deklare byen fò: “Moun ki kwè nan mwen se pa nan mwen l kwè, se nan moun ki voye m nan li kwè. 45 Moun ki wè mwen wè moun ki voye m nan. 46 Mwen menm, mwen vini pou m yon limyè pou lemonn, pou nenpòt moun ki kwè nan mwen pa rete nan fènwa.

47 Si yon moun tande sa m di epi li pa pratike yo, se pa mwen k ap jije li, paske mwen pa vini pou m jije lemonn, mwen vini pou m sove lemonn. 48 Yon moun ki rejte m epi ki pa fè ka pawòl mwen, li gentan gen jij li: Pawòl mwen yo, se yo k ap jije li nan dènye jou a. 49 Mwen pa pale pou pwòp tèt pa m. Men, Papa m ki voye m, li preskri m sa m dwe di. 50 Mwen konnen sa l mande fè bay lavi etènèl. Se poutèt sa, mwen di sa m ap di, menm jan papa m di l.”

Footnotes

  1. 11:9 limyè mond lan Se sèlman yon referans ak limyè solèy la, men gade nan Jan 8:12, kote Jezi di, “Mwen se limyè lemonn.” Gade tou nan 9:4, 5 ak 12:35.
  2. 11:18 twa kilomèt Literalman, “15 estad”.
  3. 12:5 denye Yon denye se lajan yon moun te touche pou yon jounen travay. 200 denye se lajan yon moun te touche pou 200 jou travay. Twasan denye, se te kòb yon moun ta touche pou tout yon ane travay.
  4. 12:8 Pou pòv yo … ak nou Gade nan Det 15:11.
  5. 12:13 Louwanj Literalman, “Hosanna”, yon mo Ebre yo itilize lè y ap priye, pou mande Bondye sekou. Isit la, li pwobab se yon kri pou selebrasyon. Yo itilize l pou fè louwanj pou Bondye oubyen pou Mesi li a.
  6. 12:13 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:25-26.
  7. 12:15 Siyon Se yon lòt non pou Jerizalèm.
  8. 12:15 Sitasyon sa a soti nan Zak 9:9.
  9. 12:32 leve m anwo Sa genyen yon sans doub. Dabò sa vle di “lè yo va klouwe m sou kwa a, kote pou m mouri”, men li kapab vle di tou “leve soti nan lanmò monte nan syèl”. Menm bagay, nan vèsè 34.
  10. 12:34 leve anwo latè a Se yon fason pou di “touye l”, “pann sou yon bwa”, “wete l sou latè”.
  11. 12:35 Limyè Vle di Kris, menm jan ak nan Jan 1:5-9. Li se yon senbòl pou bonte ak verite a tou; Kalite Bètsayida yo gen rapò ak Kris epi ak wayòm Kris la.
  12. 12:38 Sitasyon sa a soti nan Eza 53:1.
  13. 12:40 Sitasyon sa a soti nan Eza 6:10.