Add parallel Print Page Options

Kilès ki pi gran?

(Mak 9:33-37; Lik 9:46-48)

18 Nan menm peryòd la, disip Jezi yo pwoche bò kote l, yo mande l: “Kilès ki pi gran nan wayòm Bondye a?”

Jezi rele yon timoun, li mete l kanpe devan yo epi l di yo: “Anverite m ap di nou, si nou pa chanje jan nou panse, epi vin tounen tankou timoun, nou p ap janm antre nan wayòm Bondye a. Moun Bondye onore plis nan wayòm li a, se moun ki desann tèt li pou l vin tankou timoun sa a.

Nenpòt moun ki resevwa yon timoun tankou timoun sa a nan non mwen, se mwen menm li resevwa.

Mizangad sou koz ki fè moun peche

(Mak 9:42-48; Lik 17:1-2)

Men nenpòt moun ki lakoz youn nan timoun sa yo ki kwè nan mwen tonbe nan peche, li t ap pi bon pou li pou yo ta mare yon mèl moulen nan kou l epi lage l nan fon lanmè. Kè m fè m mal pou lèzòm, poutèt kantite bagay ki devan yo pou fè yo peche. Se vre, ap toujou genyen bagay pou lakoz moun tonbe nan peche, men malè pou moun ki lakoz yon lòt moun tonbe nan peche.

Konsa, si se men w oswa pye w k ap lakoz ou tonbe, pito w koupe yo voye jete. Li pi bon pou gen lavi ki p ap janm fini an ak yon men oswa yon pye pase pou w ta genyen de men w ak de pye w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la. Si se je w k ap lakoz ou tonbe nan peche, rache l voye l jete. Li ta pi bon pou gen lavi etènèl ak yon sèl zye, pase pou ou ta gen de je w epi pou w al boule nan dife lanfè etènèl la.

Parabòl mouton ki te pèdi a

(Lik 15:3-7)

10 Fè atansyon! Pa meprize timoun yo. Anj gadyen yo ki nan syèl la toujou nan prezans Papa m ki nan syèl la. 11 [a]

12 Si yon nonm gen 100 mouton epi gen youn ladan yo ki pèdi, nou pa panse l ap kite 99 lòt yo nan raje a pou l al chache sa ki pèdi a? 13 An verite m ap di nou, lè l jwenn sa k te pèdi a, l ap gen plis kè kontan pou mouton sa a pase 99 lòt ki pa t pèdi yo. 14 Se menm jan an tou Papa nou ki nan syèl la pa vle youn nan timoun sa yo pèdi.

Korije moun ki fè sa ki mal

(Lik 17:3)

15 Si yon frè fè w[b] yon bagay ki pa bon, jwenn ade avè l pou montre l sa l fè ki mal la. Si l koute w, relasyon w avèk frè w la retabli. 16 Men si l refize koute w, chache youn ou de lòt frè met avè w, paske tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.[c] 17 Si l refize koute toujou, lage bagay la nan men legliz. Si l refize koute toujou, konsidere l menm jan w ta konsidere yon moun ki pa konn Bondye ditou oswa yon pèseptè kontribisyon.

18 Anverite m ap di nou, Bondye nan syèl la ap bay apwobasyon li lè w refize oswa pèmèt yon bagay fèt sou latè.[d] 19 M ap di nou sa ankò, si de nan nou sou latè met tèt nou ansanm pou nou priye pou yon bagay, Papa m ki nan syèl la ap ban nou l. 20 Wi, m ap di nou sa, lè dezoutwa moun ki kwè nan mwen yo reyini ansanm, mwen la nan mitan yo.”

Aprann padone lòt moun

21 Apre sa, Pyè pwoche bò kote Jezi pou l ka poze l yon kesyon: “Senyè, konbyen fwa pou m padone frè m nan si l kontinye ap fè m bagay ki mal? Èske sèt fwa pa ase?”

22 Jezi reponn li: “Non Pyè! Mwen pa di sèt fwa. Ou bezwen kontinye padone li swasanndis fwa miltipliye pa sèt.[e]

23 Se sak fè m ap di nou wayòm Bondye a se tankou yon wa ki deside pou l rantre tout kòb li te gen deyò. 24 Nan fouye kaye li, li jwenn yon nonm ki te dwe l yon gwo gwo sòm lajan.[f] 25 Kòm sèvitè a pa t ka jwenn kòb la pou l peye, mèt la pase lòd pou yo vann sèvitè a, madanm li, pitit li ak tout sa l te posede, pou li ta rantre yon pati nan lajan l lan.

26 Lè sa a, sèvitè a lage kò l ajenou devan mèt la, epi li di: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la. 27 Kè mèt la fè l mal pou sèvitè a. Li deside anile dèt la, epi l kite msye ale.

28 Menm sèvitè sa a, lè l rive deyò a, li jwenn yon kamarad ki te dwe l yon ti kraze monnen. Li mete men anba kou l, epi li di l: Peye m lajan m!

29 Kanmarad la lage kò l ajenou epi l di lòt la: Tanpri, pran pasyans avè m, m ap peye dèt la.

30 Men lòt refize tande. Okontrè li fè fèmen kanmarad la nan prizon jouktan l fin peye tout dèt la. 31 Gen lòt sèvitè mèt la ki t ap swiv tout bagay, kè yo te fè yo mal pou kanmarad ki ale nan prizon an. Konsa yo rapòte tout bagay bay mèt la.

32 Lè mèt la tande sa, li rele sèvitè l la epi l di: Gade jan ou mechan! Èske m pa t anile tout dèt ou a, paske ou te sipliye m? 33 Èske ou pa ta dwe fè menm bagay la pou kanmarad ou a tou? 34 Konsa, mèt la te fache anpil. Li pran sèvitè a, li fèmen l nan prizon. Epi li di: fòk misye peye dènye sengkòb la, anvan l sòti nan prizon.

35 Enben Papa m ki nan syèl la ap fè nou menm jan ak wa sa si nou pa padone frè ak sè nou ak tout kè nou.”

Footnotes

  1. 18:11 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 11 la: “Pitit Lòm nan vini sove sa yo ki pèdi.” Gade nan Lik 19:10.
  2. 18:15 w Pi bon maniskri grèk yo pa gen mo “w” ladan yo.
  3. 18:16 de ou twa … konfime l Gade nan Det 19:15.
  4. 18:18 Bondye nan syèl … fèt sou latè Literalman, “nenpòt sa w mare sou latè l ap mare nan syèl tou, epi nenpòt sa w lage sou latè l ap lage nan syèl la tou”.
  5. 18:22 swasanndis … sèt Total la tèlman anpil, li vle di padon pa gen limit.
  6. 18:24 yon gwo gwo sòm lajan Literalman, “yon miryad talan.” Yon talan se te anviwon 27 a 36 kilogram lò oubyen lajan.