Add parallel Print Page Options

Satan tante Jezi

(Mak 1:12-13; Lik 4:1-13)

Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l. Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou. Lè sa a, dyab[a] la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”

Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.”[b]

Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan. Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di:

L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou.
Epi y ap pote w nan men yo,
    pou pye w pa frape nan wòch.”[c]

Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.[d]

Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo. Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.”

10 Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.[e]

11 Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi.

Jezi kòmanse ministè li nan Galile

(Mak 1:14-15; Lik 4:14-15)

12 Lè Jezi tande yo mete Jan nan prizon, li retounen nan rejyon Galile a. 13 Men, li pa t rete Nazarèt; li te pito al rete nan yon vil yo rele Kapènawòm, ki te toupre lak Galile a, sou teritwa Zabilon ak Neftali. 14 Sa te rive konsa pou fè nou konprann pi byen pwofesi pwofèt Ezayi a:

15 “Ouvri zòrèy nou pou n koute, teritwa Zabilon ak teritwa Neftali,
    teritwa ki chita toupre lanmè,
    teritwa ki chita lòtbò rivyè Jouden an.
    Galile, kote anpil etranje rete:
16 Pèp ki t ap viv nan fènwa a
    te wè yon gwo limyè klere.
Limyè a klere
    sila yo k ap viv anba lonbray lanmò.”[f]

17 Depi lè sa a, Jezi te kòmanse preche mesaj li a. Li t ap di moun yo: “Chanje direksyon lavi nou, paske wayòm Bondye a rive sou nou.”

Jezi chwazi kèk disip

(Mak 1:16-20; Lik 5:1-11)

18 Pandan Jezi t ap mache bò lak Galile a, li te wè de frè, Simon yo rele Pyè ak frè li Andre. Mesye sa yo t ap peche pwason ak yon senn. Paske mesye sa yo se pechè pwason yo te ye. 19 Jezi di yo: “Vin swiv mwen! Mwen pral montre nou peche moun pito.” 20 La menm, yo kite senn yo epi yo swiv Jezi.

21 Jezi te mache yon ti kras pi lwen, li te wè de lòt frè, Jak ak Jan, pitit Zebede yo. Yo te nan yon bato ak Zebede, papa yo. Yo t ap repare senn yo. Jezi rele yo pou yo vin swiv li. 22 San pèdi tan, mesye yo leve, yo kite papa yo nan bato a, epi yo swiv Jezi.

Jezi anseye pèp la epi li geri anpil moun

(Lik 6:17-19)

23 Jezi t ap mache toupatou nan rejyon Galile a; li t ap anseye nan sinagòg yo epi li t ap preche pèp la bòn nouvèl wayòm nan. Li t ap geri tout kalite maladi nan mitan pèp la. 24 Tout peyi Siri te tande pale de Jezi. Konsa, moun yo te mennen bay Jezi tout moun ki t ap soufri ak tout kalite maladi. Genyen se demon ki te sou yo, gen lòt ki te soufri ak malkadi, te gen kèk ki paralize. Jezi te geri tout. 25 Anpil moun te sòti toupatou pou vin swiv Jezi: te gen moun Galile, te gen moun Dekapolis, te gen moun Jerizalèm, te gen moun ki sòti nan Jide, menm te gen moun ki sòti nan zòn lòt bò rivyè Jouden an.

Footnotes

  1. 4:3 dyab Literalman, “tantatè”.
  2. 4:4 Sitasyon sa a soti nan Det 8:3.
  3. 4:6 Sitasyon sa a soti nan Sòm 91:11-12.
  4. 4:7 Sitasyon sa a soti nan Det 6:16.
  5. 4:10 Sitasyon sa a soti nan Det 6:13.
  6. 4:16 Sitasyon sa a soti nan Eza 9:1-2.