Matye 4:1-11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Satan tante Jezi
(Mak 1:12-13; Lik 4:1-13)
4 Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l. 2 Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou. 3 Lè sa a, dyab[a] la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”
4 Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.”[b]
5 Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan. 6 Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di:
L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou.
Epi y ap pote w nan men yo,
pou pye w pa frape nan wòch.”[c]
7 Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.[d]”
8 Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo. 9 Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.”
10 Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.[e]”
11 Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International