Add parallel Print Page Options

Jezi kritike lidè relijye yo

(Mak 12:38-40; Lik 11:37-52; 20:45-47)

23 Jezi te kòmanse pale ak foul la ansanm ak disip li yo, li di: “Pwofesè lalwa yo ak Farizyen yo deklare yo gen konpetans pou entèprete[a] Lalwa Moyiz la. Obeyi epi fè tout sa yo anseye nou. Men pa fè sa yo fè, paske yo pa pratike sa y ap anseye a. Yo fè yon pakèt lwa ki difisil pou moun obeyi, epi nou oblije pèp la obeyi yo, epi yo menm, yo p ap menm eseye fè sa lwa sa yo mande.[b]

Tout sa y ap fè se pou moun ka wè yo. Pa egzanp, pou yo montre moun jan yo espirityèl, yo fè ti bwat vèsè[c] yo abitye pote sou bra oubyen nan fwon pi gwo pase pa lòt moun. Yo mete franj[d] nan manto yo pi long pase pa lòt moun. Yo renmen plas devan nan resepsyon. Yo renmen plas kote moun ka wè yo lè y al nan sinagòg. Lè yo sou laplas piblik, yo renmen moun di yo bonjou jouk atè, yo renmen lè moun rele yo Mèt.

Men nou pa dwe kite moun rele nou Mèt paske nou gen yon sèl Mèt. Apre sa nou tout egal ego kòm frè ak sè. Pa rele okenn moun sou latè Papa, paske se yon sèl papa nou genyen, epi se nan syèl li ye. 10 Pa kite okenn moun rele w Mèt, paske nou gen yon sèl mèt, se Kris la. 11 Moun ki pi enpòtan pami nou, se sila a k ap sèvi lòt moun yo. 12 Nenpòt moun k ap monte tèt yo, Bondye ap imilye yo; men tout moun ki chwazi imilye yo devan Bondye, Bondye ap leve tèt yo.

13 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou mete barikad sou wout ki mennen nan wayòm syèl la. Nou pa prale! Epi nou fè sa kapab pou anpeche lòt moun antre. 14 [e]

15 Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! Nou vwayaje toupatou sou lanmè tankou sou tè pou n chache konvèti moun. Lè nou jwenn youn, nou fè l vin merite lanfè de fwa plis pase nou.

16 Malè pou nou, avèg k ap mennen lòt moun. Nou di: Si yon moun sèmante sou tanp lan, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun sèmante sou lò ki nan tanp la, li oblije kenbe pawòl li. 17 Nou avèg nou egare! Ki sa ki pi enpòtan: lò ki nan tanp lan oswa tanp la ki konsakre lò a?

18 Nou di tou: Si yon moun fè sèman sou lotèl la, li pa oblije kenbe pawòl li. Men si yon moun fè sèman sou ofrann ki sou lotèl la, li oblije kenbe pawòl li. 19 Bann avèg! Kisa ki pi enpòtan: ofrann nan ki sou lotèl la oswa lotèl ki konsakre ofrann nan? 20 Nenpòt moun ki fè sèman sou lotèl la, li sèmante sou nenpòt sa ki sou lotèl la. 21 Si yon moun fè sèman sou tanp la, li fè sèman sou Bondye ki nan tanp la tou. 22 Si yon moun fè sèman sou syèl la, li fè sèman sou chèz boure Bondye a, ak sou Bondye ki chita sou li.

23 Malè pou nou, nou menm Farizyen yo ak pwofesè lalwa yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bay Bondye ladim sou pye mant, pye anetwale ak pye pèsi.[f] Men kanta pou sa ki enpòtan yo nan lalwa Moyiz la tankou jistis, kè sansib, fidelite, nou kale yo yon bèl vag. 24 Nou avèg epi n ap kondui moun! Yon bò, nou pase sa n ap bwè nan paswa pou nou pa vale mouch, yon lòt bò nou vale yon gwo chamo.

25 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou netwaye deyò tas la ak deyò bòl la byen netwaye, men anndan yo plen ak bagay nou vòlè pou nou fè tèt nou plezi. 26 Farizyen avèg! Netwaye anndan tas la an premye, se lè sa a deyò a ap vin pwòp toutbon.

27 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou tankou tonm yo pentire an blan. Deyò nou parèt byen bèl, men anndan nou plen ak zosman moun mouri ak tout kalite malpwòprete. 28 Se menm jan pou nou tou, nanpwen moun ki pi sen pase nou sou deyò, men anndan nou plen ak ipokrizi ak mechanste.

29 Malè pou nou, nou menm pwofesè lalwa ak Farizyen yo! Nou twò ipokrit! Paske nou bati tonm pou pwofèt yo, pou n montre anpil onè pou kav moun ki jis yo, 30 epi nou di si nou te viv nan tan zansèt yo, nou pa t gen anyen pou wè ak lanmò pwofèt yo. 31 Konsa nou rekonèt nou se pitit moun ki te asasinen pwofèt yo. 32 Enben, an avan non! Nou mèt fini travay zansèt nou te kòmanse a!

33 Bann ras vipè! Ki jan nou fè mete nan tèt nou n ap rive chape toumant lanfè a? 34 Se poutèt sa, mwen pral voye ba nou pwofèt, moun saj, ak moun ki konn anseye byen. Se sèten nou pral touye kèk nan yo, nou pral krisifye kèk lòt. Genyen nou pral bat nan sinagòg nou yo. Gen kèk lòt ankò n ap pèsekite soti yon vil rive nan yon lòt.

35 Konsa, n a resevwa chatiman pou tout moun inosan ki mouri sou latè soti sou Abèl, yon nonm ki te inosan, pou rive sou Zakari,[g] pitit Barachi a, nou te asasinen ant lotèl la ak kay ki apa pou Bondye a. 36 M pa kache di nou sa, Bondye p ap manke pini jenerasyon sa a.

Jezi bay avètisman pou Jerizalèm

(Lik 13:34-35)

37 Jerizalèm, O Jerizalèm! Ou touye pwofèt Bondye yo! Ou lapide mesaje Bondye yo! Mwen pa konn konbyen fwa mwen eseye rasanble tout pitit ou yo menm jan yon manman poul rasanble tout pitit li anba zèl li. Men ou pa janm vle! 38 Men kounye a, kay ou a pral rete vid. 39 Wi, m pa kache pale w, ou p ap wè m ankò, jouktan ou pare pou di: Benediksyon pou moun ki vini nan non Senyè a!”[h]

Footnotes

  1. 23:2 konpetans pou entèprete Literalman, “chita nan chèz Moyiz la”.
  2. 23:4 Oubyen “Yo mete sou do pèp la chay ki byen lou, ki difisil pou yo pote. Alòske yo menm, yo p ap menm touche l k ti dwèt yo.”
  3. 23:5 bwat vèsè Se yon ti bwat kui ki gen 4 vèsè enpòtan ladann. Gen kèk Juif ki konn mare yo sou fwon yo oubyen sou bwa goch pou montre jan yo atache a Bondye ak pawòl li. Anpil Farizyen te konn fè bwat pa yo pi gwo pase pa lòt moun yon fason pou di yo pi bon pase lòt moun.
  4. 23:5 franj Se yon dekorasyon ki fèt ak fil lèn ki te pann nan kat kwen manto oswa chal Juif yo met sou tèt yo pou yo priye. Yo te la pou fè yo sonje kòmandman Bondye yo (Nb 15:38-41).
  5. 23:14 Kèk kopi nan lang Grèk ajoute vèsè 14 la: “Kanta pou nou Farizyen ak pwofesè lalwa, yon malè tèrib gen pou tonbe sou nou! Nou twò ipokrit! N ap manje grenn je vèv yo, epi n ap fè gwo priyè long pou moun ka wè nou. Poutèt sa, pinisyon pa nou ap pi rèd pase pa lòt moun.” Gade nan Mak 12:40 ak Lik 20:47.
  6. 23:23 nou bay … pye pèsi Literalman, “Ou bay ladim sou mant, anetwale, epi pèsi.” Lalwa Moyiz la te oblije moun Izrayèl yo pou ye te pataje pwovizyon manje yo, yo te dwe konsakre yon dizyèm pati nan rekòt jaden yo ak sa yo te genyen bay Bondye (gade nan Lev 27:30-32; Det 26:12). Sa pa t gen ladan ti plant piti konsa jan yo mansyone l isit la. Konsa Farizyen yo te bay plis pase sa yo te dwe pou yo te kapab sèten yo pa t vyole Lalwa.
  7. 23:35 Abèl, Zakari Nan Ansyen Testaman an ki nan lang Ebre, Abèl se premye moun yo te touye, epi Zakari se dènye moun yo te touye.
  8. 23:39 Sitasyon sa a soti nan Sòm 118:26.