Add parallel Print Page Options

Satan tante Jezi

(Mak 1:12-13; Lik 4:1-13)

Apre sa, Sentespri a te mennen Jezi nan dezè a pou dyab la te ka tante l. Apre Jezi te fin pase karant jou ak karant nuit, san l pa goute anyen, li te byen grangou. Lè sa a, dyab[a] la te pwoche bò kote Jezi epi li di: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa yo pou yo tounen pen.”

Lè sa a, Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen. Li depann tou sou tout pawòl ki sòti nan bouch Bondye.”[b]

Apre sa, dyab la mennen Jezi nan Jerizalèm, Lavil Sent lan, epi li mete l sou youn nan pwent ki pi wo nan tèt tanp lan. Li di Jezi: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, paske Bib la di:

L ap bay anj li yo lòd pou yo veye sou ou.
Epi y ap pote w nan men yo,
    pou pye w pa frape nan wòch.”[c]

Jezi reponn li: “Men sa Bib la di tou: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.[d]

Apre sa, dyab la mennen Jezi sou tèt yon mòn ki wo anpil, epi li montre l tout wayòm sou latè ak tout bèl bagay ki ladan yo. Li di Jezi: “Si ou met ajenou nan pye m, epi ou adore m, tout bagay sa yo pou ou.”

10 Lè sa a, Jezi di li: “Rale kò w sou mwen, Satan! Bib la di: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.[e]

11 Apre sa, dyab la pati kite l. Epi anj Bondye yo te vini pou sèvi Jezi.

Read full chapter

Footnotes

  1. 4:3 dyab Literalman, “tantatè”.
  2. 4:4 Sitasyon sa a soti nan Det 8:3.
  3. 4:6 Sitasyon sa a soti nan Sòm 91:11-12.
  4. 4:7 Sitasyon sa a soti nan Det 6:16.
  5. 4:10 Sitasyon sa a soti nan Det 6:13.

¶ Apre sa, Lespri Bondye pouse Jezi ale nan dezè a pou Satan te ka tante l'.

Jezi pase karant jou ak karant nwit san manje. Apre sa, li vin grangou.

Lè sa a, Satan pwoche bò kote l' pou sonde l'. Li di l' konsa: Si ou se Pitit Bondye, bay wòch sa yo lòd pou yo tounen pen.

Jezi reponn li: Men sa ki ekri: Moun pa kapab viv ak manje ase. Yo bezwen tout pawòl ki soti nan bouch Bondye tou.

Apre sa, grandyab la mennen l' lavil Jerizalèm. Li mete l' kanpe sou pwent fetay tanp lan.

Li di Jezi konsa: Si ou se Pitit Bondye, lage kò ou anba. Paske, men sa ki ekri: Bondye va bay zanj li yo lòd pou yo veye sou ou. y'a pote ou nan men yo, pou ou pa kase zòtèy pye ou sou okenn wòch.

Jezi reponn li: Men sa ki ekri tou: Ou pa dwe seye sonde Mèt la, Bondye ou.

Satan mennen Jezi ankò sou yon mòn ki byen wo. Li moutre l' tout peyi ki sou latè ansanm ak tout riches yo.

Li di l' konsa: M'ap ba ou tout bagay sa yo, si ou mete ou ajenou devan m' pou ou adore m'.

10 Jezi reponn li: Wete kò ou sou mwen, Satan. Paske, men sa ki ekri: Se Mèt la, Bondye ou, pou ou adore, se li menm sèl pou ou sèvi.

11 Fwa sa a, grandyab la kite l'. Latou, kèk zanj Bondye pwoche bò kote Jezi, yo sèvi l'.

Read full chapter