Add parallel Print Page Options

Jezi mache sou dlo

(Mak 6:45-52; Jan 6:16-21)

22 Apre sa, Jezi fè disip li yo monte nan yon bato pou yo travèse lak la. Men li menm, li te rete dèyè pou l te ka voye tout moun lakay yo. 23 Apre li fin voye tout moun lakay yo, Jezi te monte sou tèt yon ti mòn pou l al priye. Jezi te rete la pou kont li, menm apre li fin fènwa. 24 Bato disip yo te ladan l lan te gen tan byen lwen nan mitan lak la. Men poutèt yon van kontrè ki t ap soufle vag yo te move anpil epi bato a te nan gwo difikilte.

25 Ant twazè a sizè dimaten, bato a patko janm rive atè. Jezi te pati ale jwenn disip li yo. Li t ap mache sou dlo a. 26 Lè disip yo wè l ap mache sou dlo a, lapèrèz te pran yo. Yo tout te kòmanse rele “Anmwe, zonbi!”

27 Lè Jezi wè sa, li di yo: “Nou pa bezwen pè, se mwen!”

28 Lè sa a, Pyè di li: “Si ou vre Senyè, fè m mache sou dlo a vin jwenn ou.”

29 Jezi di li: “Vini non!”

Konsa Pyè desann bato a epi li kòmanse mache sou dlo a pou l al jwenn Jezi. 30 Lè Pyè reyalize jan van an te toujou fò, lapèrèz te pran l. Epi, Pyè kòmanse fè fon. Li rele byen fò: “Jezi, sove m!”

31 Lè sa a, Jezi lonje men l, li pran Pyè epi li di l: “Lafwa w piti! Sa ou te bezwen doute fè?”

32 Monte Jezi monte nan bato a avèk yo, tout van an sispann. 33 Lè sa a, disip Jezi yo te kòmanse adore l. Yo t ap di: “Nou wè vrèman vre, ou se pitit Bondye.”

Read full chapter

22 ¶ Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale.

23 Lè li fin voye yo ale, li moute pou kont li sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Solèy te fin kouche, li te la toujou pou kont li.

24 Kannòt la menm te gen tan yon bon distans sou lanmè a. Men, lanm yo t'ap bat li, paske van an te kontrè pou yo.

25 Douvan jou, Jezi pran mache sou dlo a pou li al jwenn yo.

26 Lè disip yo wè l' ap mache sou dlo a, yo te pè anpil, yo t'ap di: Se yon revenan. Yo pran rele tèlman yo te pè.

27 Menm lè a, Jezi di yo: Pran tèt nou. Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.

28 Lè sa a, Pyè di li: Mèt, si se ou menm vre, di m' vin jwenn ou sou dlo a.

29 Jezi di li: Vini non. Pyè soti nan kannòt la, li kòmanse mache sou dlo a pou li al jwenn Jezi.

30 Men, lè Pyè wè jan van an te fò, li pè. Lè sa a, li kòmanse koule, li pran rele: Mèt, sove m' non!

31 Menm lè a, Jezi lonje men l', li pran Pyè, li di li: Gade jan ou manke konfyans. Poukisa ou pa te fin kenbe konfyans ou nèt?

32 Yo tou de moute nan kannòt la, lamenm van an kase.

33 Lè sa a, moun ki te nan kannòt la vin mete ajenou devan Jezi, yo di: Ou se pitit Bondye a vre.

Read full chapter