Jan 11
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Lanmò Laza
11 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete. 2 Se te menm Mari sa a ki te mete pafen sou Jezi epi ki te siye pye Senyè a ak cheve li. Se te Laza, frè li, ki te malad. 3 De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.”
4 Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.” 5 Jezi te renmen Mat, Mari, sè Mat la ak Laza. 6 Apre l fin tande Laza malad, li pase de jou ankò kote l te ye a. 7 Apre sa, li di disip li yo: “Ann tounen nan peyi Jide.”
8 Disip li yo di li: “Sa pa fè lontan Jwif sa yo t ap chache touye w ak wòch, epi ou pral laba a ankò?”
9 Jezi reponn: “Èske se pa douzè yon jounen genyen? Si yon moun ap mache pandan jounen an li p ap bite, paske l ap wè limyè mond lan.[a] 10 Men si yon moun ap mache lannuit l ap bite, paske li pa gen limyè.”
11 Lè l fin pale kon sa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.”
12 Disip li yo di l konsa: “Senyè, si l ap dòmi, l ap geri.” 13 Jezi t ap pale de lanmò Laza, yo menm yo te panse li t ap pale sou repo yon moun pran lè l ap dòmi.
14 Alò Jezi di yo aklè: “Laza mouri. 15 Poutèt nou menm, mwen kontan dèske m pa t la, paske nou va kwè nan mwen kounye a. Ann al lakay li.”
16 Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”
Jezi nan zòn Betani
17 Lè Jezi rive, li jwenn Laza gentan antere depi kat jou. 18 Betani te toupre Jerizalèm, a twa kilomèt[b] konsa, 19 Anpil Jwif te vin wè Mat ak Mari pou konsole yo nan moman lanmò frè yo a.
20 Lè Mat tande Jezi te rive, l ale rankontre l. Mari menm te rete chita nan kay la. 21 Mat di Jezi konsa: “Senyè, si w te isit, frè m nan pa t ap mouri. 22 Men, menm kounye a, mwen konnen tout sa ou mande Bondye, l ap ba ou l.”
23 Jezi di konsa: “Frè w la ap resisite.”
24 Mat di Jezi: “Mwen konnen l ap resisite nan rezireksyon k ap vini an, nan dènye jou a.”
25 Jezi di l konsa: “Mwen se rezireksyon, mwen se lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, l ap viv. 26 Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”
27 Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.”
Jezi kriye
28 Lè Mat fin di sa, li pati al rele Mari, sè l la. San lòt moun yo pa tande, li di l: “Mèt la la a wi, l ap rele w.” 29 Lè Mari tande sa, li leve touswit al kote Jezi. 30 Jezi pa t ko antre nan vil la. Li te kote Mat te rankontre l la toujou. 31 Lè Jwif yo ki te nan kay la ap konsole Mari yo wè l leve soti byen vit, yo menm tou, yo akonpanye l, paske yo te panse li t apral kriye bò tonm nan. 32 Lè Mari rive, menm wè li wè Jezi, li tonbe nan pye l, epi li di l: “Senyè, si ou te isit, frè m nan pa t ap mouri.”
33 Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble. 34 Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?”
Yo di l: “Senyè vin wè.”
35 Jezi te pran kriye.
36 Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!”
37 Men, kèk nan yo di: “Li menm ki louvri je avèg, li pa t kapab fè Laza pa mouri?”
Jezi resisite Laza
38 Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a. 39 Jezi di: “Retire wòch la!”
Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.”
40 Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?”
41 Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen. 42 Alaverite, mwen konnen ou toujou reponn priyè m, men m pale kon sa poutèt foul moun sa yo ki anviwonnen m nan, pou yo kapab kwè se ou ki te voye m.” 43 Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!” 44 Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou.
Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”
Plan pou touye Jezi
(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Lik 22:1-2)
45 Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li. 46 Men gen kèk nan yo ki te al jwenn Farizyen yo epi ki rakonte yo sa Jezi te fè. 47 Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak. 48 Si nou kite l kontinye konsa, tout moun ap kwè nan li, epi Women yo ap vin detwi ni tanp lan ni nasyon nou an.”
49 Youn nan yo, yo te rele Kayif, se te Chèf prèt nan lane sa a, li di: “Nou pa konprann anyen! 50 Nou pa wè nou gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la, olye pou tout nasyon an peri.”
51 Se pa t poukont li li te di pawòl sa yo, men kòm li te Chèf prèt ane sa a, se yon pwofesi li te fè, kòmkwa Jezi te dwe mouri pou tout nasyon an. 52 Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou.
53 Depi jou sa a, yo te fè konplo pou touye Jezi. 54 Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo.
55 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la. 56 Yo t ap chache Jezi, epi kote yo te ye nan tanp lan, yo youn t ap di lòt: “Sa nou panse, sanble li p ap janm vin nan fèt la?” 57 Chèf prèt yo ansanm ak Farizyen yo te pase lòd si yon moun ta konnen kote Jezi ye pou yo fè yo konn sa, pou yo te kapab arete l.
ᎣᏍᏛ ᎧᏃᎮᏛ ᏣᏂ ᎤᏬᏪᎳᏅᎯ 11
Cherokee New Testament
11 ᎩᎶᏃ ᎢᏳᏍᏗ ᎠᏍᎦᏯ ᎤᏢᎬᎩ, ᎳᏏᎳ ᏧᏙᎢᏛ, ᏇᏗᏂᏱ ᎡᎯ, ᎺᎵ ᎠᎴ ᎤᎸᎢ ᎹᏗ ᎤᏂᏚᎲᎢ.
2 ᎾᏍᎩ ᎺᎵ ᎠᏠᏁᏗ ᏧᎶᏁᏔᏁ ᎤᎬᏫᏳᎯ, ᎠᎴ ᎤᏍᏘᏰᎬ ᏧᏩᏔᏁ ᏥᏚᏅᎦᎸᎡᎴ ᏧᎳᏏᏕᏂ, ᎾᏍᎩ ᏅᏙ ᎳᏏᎳ ᎤᏢᎬᎩ.
3 ᎿᏉᏃ ᏧᏙ ᏓᏳᎾᏓᏅᏒᎩ ᎤᏛᎪᏗ, ᎯᎠ ᏅᏓᏳᏂᏪᏒᎩ, ᏣᎬᏫᏳᎯ, ᎬᏂᏳᏉ ᎯᎨᏳᎢ ᏥᎩ ᎤᏢᎦ.
4 ᏥᏌᏃ ᎤᏛᎦᏅ ᎯᎠ ᏄᏪᏒᎩ; ᎯᎠ ᎾᏍᎩ ᏧᏢᎦᎥᏝ ᎤᏲᎱᎯᏍᏗ ᏱᎩ, ᎠᏥᎸᏉᏙᏗᏱᏉᏍᎩᏂ ᎤᏁᎳᏅᎯ, ᎾᏍᎩᏃ ᎤᏁᎳᏅᎯ ᎤᏪᏥ ᎠᏥᎸᏉᏗᏳ ᎢᏳᎵᏍᏙᏗᏱ.
5 ᏥᏌᏃ ᏧᎨᏳᎯᏳᎨᏒᎩ ᎹᏗ ᎠᎴ ᎤᎸᎢ ᎠᎴ ᎳᏏᎳ.
6 ᎤᏛᎦᏅᏃ ᎤᏢᎬᎢ, ᎾᎿ ᎡᏙᎲᎢ ᎠᏏᏔᎵ ᏅᎤᏙᏓᏋᎩ.
7 ᎣᏂᏃ ᎯᎠ ᏂᏚᏪᏎᎸᎩ ᎬᏩᏍᏓᏩᏗᏙᎯ; ᏔᎵᏁ ᏧᏗᏱ ᏫᏗᎶᎯ.
8 ᎬᏩᏍᏓᏩᏗᏙᎯ ᎯᎠ ᏅᎬᏩᏪᏎᎸᎩ; ᏔᏕᏲᎲᏍᎩ, ᎥᏝ ᏱᎪᎯᎩ ᎠᏂᏧᏏ ᎤᎾᏁᎶᏔᏅᎩ ᏅᏯ ᏗᎨᏨᏂᏍᏙᏗᏱ, ᏔᎵᏁᏍᎪᏃ ᎾᎿ ᏴᏛᎯᎶᏏ?
9 ᏥᏌ ᎤᏁᏨᎩ; ᏝᏍᎪ ᏔᎳᏚ ᎢᏳ-ᏟᎶᏛ ᏱᎩ? ᎢᏳᏃ ᎩᎶ ᎢᎦ ᏤᏙᎰᎢ, ᎥᏝ ᏱᏚᏬᏕᎯᎰᎢ, ᏅᏗᎦᎵᏍᏙᏗᏍᎪ ᎠᎪᏩᏘᏍᎬ ᎢᎦ ᎠᏂ ᎡᎶᎯ ᏚᎸᏌᏛᎢ.
10 ᎩᎶᏍᎩᏂ ᎡᏃᏱ ᏥᏙᎰᎢ, ᏚᏬᏕᎯᎰᎢ, ᎤᏗᎦᎵᏍᏙᏗᏍᎪ ᎢᎦ ᏂᏚᎸᏌᏓᏕᎲᎾ ᎨᏒᎢ.
11 ᎾᏍᎩ ᎯᎠ ᏄᏪᏒᎩ; ᎿᏉᏃ ᎯᎠ ᏄᏚᏪᏎᎸᎩ; ᎳᏏᎳ ᎢᎦᎵᎢ ᎦᎵᎭ; ᎠᏎᏃ ᏓᎨᏏ, ᏴᏓᏥᏰᏍᏔᏂ.
12 ᎬᏩᏍᏓᏩᏗᏙᎯᏃ ᎯᎠ ᏄᏂᏪᏒᎩ; ᏣᎬᏫᏳᎯ, ᎢᏳᏃ ᏱᎦᎵᎭ ᏓᏳᏗᏩᏏᏉ.
13 ᎠᏎᏃ ᎤᏲᎱᏒ ᎦᏛᎬᎩ ᎾᏍᎩ ᏄᏪᏒ ᏥᏌ: ᎾᏍᎩᏍᎩᏂ Ꮎ ᎠᎦᎵᎲᏉ ᏦᏯᏪᏐᎵᎰ ᎦᏛᏓ ᎤᏁᎵᏒᎩ.
14 ᎿᏉᏃ ᎬᏂᎨᏒ ᏥᏌ ᎯᎠ ᏂᏚᏪᏎᎸᎩ; ᎳᏏᎳ ᎤᏲᎱᏒ;
15 ᎠᎴ ᎣᏏᏳ ᎠᎩᏰᎸᎭ ᎾᎿ ᏫᏂᎨᏙᎲᎾ ᏥᎨᏒᎩ, ᏂᎯ ᏅᏗᎦᎵᏍᏙᏗᎭ, ᎢᏦᎯᏳᏗᏱ. ᎠᏎᏃ ᎡᏗᏩᏛᎱᎦ.
16 ᎿᏉᏃ ᏓᎻ, ᏗᏗᎹ ᏧᏙᎢᏛ, ᎯᎠ ᏂᏚᏪᏎᎸᎩ ᎤᎾᎵᎪᎯ ᎠᎾᏓᏍᏓᏩᏗᏙᎯ, ᎾᏍᏉ ᎠᏴ ᎢᏕᎾ, ᎠᏲᎱᏒᎭ ᎢᎦᏠᏯᏍᏔᏅᎭ.
17 ᎿᏉᏃ ᏥᏌ ᎤᎷᏨ ᎤᏙᎴᎱᏒᎩ ᎦᏳᎳ ᏅᎩ ᏧᏙᏓᏉᏛ ᎬᏩᏂᏅᏅᎯ ᎨᏒ ᎠᏤᎵᏍᏛᎢ.
18 ᎾᏍᎩ ᏇᏗᏂᏃ ᎦᏚᎲ ᏥᎷᏏᎵᎻ ᎾᎥ ᎨᏒᎩ, ᏔᎵᎭᏉ ᎢᏳᏟᎶᏛ.
19 ᎠᎴ ᎤᏂᏣᏛ ᎠᏂᏧᏏ ᎬᏩᏂᎷᏤᎸᎩ ᎹᏗ ᎠᎴ ᎺᎵ ᎬᏩᏂᏄᏬᎯᏍᏔᏂᎸᎩ ᎤᏂᏙ ᎤᏲᎱᏒ ᎢᏳᏍᏗ.
20 ᎿᏉᏃ ᎹᏗ ᎤᏛᎦᏅᏉ ᏥᏌ ᏣᎢᏒᎢ ᏫᏚᏠᏒᎩ. ᎺᎵᏍᎩᏂ ᎦᎵᏦᏕᏉᎬᏬᎸᎩ.
21 ᎿᏉᏃ ᎹᏗ ᎠᎴ ᏄᏪᏎᎸᎩ ᏥᏌ; ᏣᎬᏫᏳᎯ, ᎢᏳᏃ ᎠᏂ ᏱᎮᏙᎮᎢ, ᎥᏝ ᏱᎬᏩᏲᎱᏎ ᎥᎩᏙ.
22 ᎠᏎᏃ ᏥᎦᏔᎭ ᎾᏍᏉ ᎪᎯ ᎨᏒ ᏂᎦᎥ ᎪᎱᏍᏗ ᏱᏔᏲᏎᎸ ᎤᏁᎳᏅᎯ, ᏣᏁᏗᏉ ᎨᏒ ᎤᏁᎳᏅᎯ.
23 ᏥᏌ ᎯᎠ ᏄᏪᏎᎸᎩ; ᎡᏣᏙ ᏙᏛᎠᎴᎯᏌᏂ.
24 ᎹᏗ ᎯᎠ ᏄᏪᏎᎸᎩ; ᏥᎦᏔᎭ ᏙᏗᎴᎯᏌᏂᏒ ᏗᎴᎯᏐᏗ ᎨᏒ ᎤᎵᏍᏆᎸᏗ ᎢᎦ ᎨᏎᏍᏗ.
25 ᏥᏌ ᎯᎠ ᏄᏪᏎᎸᎩ; ᎠᏴ ᏗᎴᎯᏐᏗ ᎨᏒ ᎠᎴ ᎬᏂᏛ. ᎩᎶ ᎠᏉᎯᏳᎲᏍᎨᏍᏗ, ᎢᏳ ᎾᏍᏉ ᎤᏲᎱᏒᎯ ᏱᎩ, ᎬᏁᏍᏗ.
26 ᎩᎶᏃ ᎬᏁᏍᏗ ᎠᎴ ᎠᏉᎯᏳᎲᏍᎨᏍᏗ, ᎥᏝ ᎢᎸᎯᏳ ᎤᏲᎱᎯᏍᏗ ᏱᎨᏎᏍᏗ. ᎰᎯᏳᎲᏍᎦᏍᎪ ᎾᏍᎩ ᎯᎠ?
27 ᎯᎠ ᏄᏪᏎᎸᎩ; ᎥᎥ, ᏣᎬᏫᏳᎯ; ᎪᎢᏳᎲᏍᎦ ᏂᎯ ᎦᎶᏁᏛ ᎨᏒᎯ ᎤᎷᎯᏍᏗ ᏥᎨᏒᎩ.
28 ᎾᏍᎩᏃ ᏄᏪᏒ ᎤᏓᏅᏒᎩ, ᎠᎴ ᎤᏕᎵᏛ ᏭᏯᏅᎲᎩ ᎤᎸᎢ ᎺᎵ, ᎯᎠ ᏄᏪᏒᎩ; ᏗᏕᏲᎲᏍᎩ ᎦᎷᎩ ᎠᎴ ᏗᏣᏯᏂᎭ.
29 ᎾᏍᎩ ᎤᏛᎦᏅ ᏱᎳᏉ ᎢᏴᏛ ᏚᎴᏅᎩ, ᎠᎴ ᏭᎷᏤᎸᎩ.
30 ᏥᏌᏃ ᎥᏝ ᎠᏏ ᏱᎦᎷᎨ ᎦᏚᎲᎢ, ᎾᎿᏉᏍᎩᏂ ᎹᏗ ᏫᏚᏠᏒ ᎡᏙᎲᎩ.
31 ᎿᏉᏃ ᎠᏂᏧᏏ ᎦᎵᏦᏕ ᎤᏪᎸ ᎠᏂᏂ, ᎠᎴ ᎬᏩᏄᏬᎯᏍᏗᏍᎩ, ᎤᏂᎪᎲ ᎺᎵ ᎤᎵᏍᏗᏳ ᏚᎴᏅ ᎠᎴ ᎤᏄᎪᏨ ᎬᏩᏍᏓᏩᏛᏒᎩ, ᎯᎠ ᏄᏂᏪᏒᎩ; ᏗᎦᏂᏌᎲ ᏩᎦᏘ ᎾᎿ ᏮᏛᏍᎪᏂᎵ.
32 ᎺᎵᏃ ᎤᎷᏨ ᏥᏌ ᎡᏙᎲᎢ, ᎠᎴ ᎤᎪᎲ, ᏚᎳᏍᎬ ᎡᎳᏗ ᎤᏓᏅᏅᎩ, ᎯᎠ ᏄᏪᏎᎸᎩ; ᏣᎬᏫᏳᎯ, ᎢᏳᏃ ᎠᏂ ᏱᎮᏙᎮᎢ, ᎥᏝ ᎥᎩᏙ ᏱᎬᏩᏲᎱᏎᎢ.
33 ᏥᏌᏃ ᎤᎪᎲ ᏓᏠᏱᎲᎢ, ᎠᎴ ᏚᎪᎲ ᎠᏂᏧᏏ ᎾᏍᎩ ᎤᏂᏍᏓᏩᏙᎸᎯ ᏓᎾᏠᏱᎲᎢ, ᎡᎯᏍᏗ ᎤᏓᏅᏓᏛᎩ, ᎠᎴ ᎤᏕᏯᏙᏗ Ꮔ ᎵᏍᏓᏁᎸᎩ.
34 ᎠᎴ ᎯᎠ ᏄᏪᏒᎩ; ᎭᏢ ᎡᏥᏅᏁᎢ? ᏣᎬᏫᏳᎯ, ᎡᎭᎦᏔ, ᎬᏬᏎᎸᎩ.
35 ᏥᏌ ᏚᏠᏱᎸᎩ.
36 ᎿᏉᏃ ᎠᏂᏧᏏ ᎯᎠ ᏄᏂᏪᏒᎩ; ᎬᏂᏳᏉ ᏂᎦᎡ ᎤᎨᏳᎯᏳ ᎨᏎᎢ.
37 ᎢᎦᏛᏃ ᎤᎾᏓᏑᏴᎩ ᎯᎠ ᏄᏂᏪᏒᎩ; ᏝᏍᎪ ᎯᎠ ᏗᎨᏫ ᏗᎦᏙᎵ ᏧᏍᏚᎢᎡᎸᎯ, ᎾᏍᏉ ᎾᏍᎩ ᏱᏂᎬᏩᏂᏌᏁ ᏄᏲᎱᏒᎾ ᏱᎦᎨᏎ ᎯᎠ ᎠᏍᎦᏯ?
38 ᏥᏌᏃ ᏔᎵᏁ ᎡᎯᏍᏗ ᎤᏓᏅᏖᏛ ᎠᏤᎵᏍᏛ ᎤᎷᏨᎩ. ᎤᏍᏓᎦᎸ ᎨᏒᎩ, ᎠᎴ ᏅᏯ ᎠᏍᏚᏛᎩ.
39 ᏥᏌ ᎯᎠ ᏄᏪᏒᎩ, ᏅᏯ ᎢᏥᎲᎾ. ᎹᏗ ᎤᏲᎮᏒᎯ ᎤᏙ, ᎯᎠ ᏄᏪᏎᎸᎩ; ᏣᎬᏫᏳᎯ, ᎪᎯ ᎠᏎ ᎠᏒᎦ, ᏅᎩᏰᏃ ᏁᏒᎭ ᎦᏰᏥᏂᏌᏅᎯ.
40 ᏥᏌ ᎯᎠ ᏄᏪᏎᎸᎩ; ᏝᏍᎪ ᎯᎠ ᏱᏂᎬᏪᏎᎴᎢ; ᎢᏳᏃ ᎰᎯᏳᎲᏍᎨᏍᏗ, ᏣᎪᏩᏛᏗ ᎨᏎᏍᏗ ᎦᎸᏉᏗᏳ ᎨᏒ ᎤᏁᎳᏅᎯ ᎤᏤᎵᎦ.
41 ᎿᏉᏃ ᏅᏯ ᎤᏂᎲᏍᎩ ᎤᏲᎱᏒᎯ ᎦᏅᎢ. ᏥᏌᏃ ᏚᏌᎳᏓᏅᎩ ᏗᎦᏙᎵ, ᎯᎠ ᏄᏪᏒᎩ; ᎡᏙᏓ, ᎬᏯᎵᎡᎵᏤᎭ ᏥᏍᏆᏛᎦᏁᎸ.
42 ᎠᎴ ᏥᎦᏔᎭ ᏂᎪᎯᎸᎢ ᏍᏆᏛᎦᏁᎲᎢ; ᎠᏎᏃ ᏴᏫ ᎠᏂ ᏣᏂᏙᎾᎠ ᏅᏓᎦᎵᏍᏙᏓ ᎾᏍᎩ ᏥᏂᏥᏫ, ᎤᏃᎯᏳᏗᏱ ᏂᎯ ᏅᏓᏍᎩᏅᏏᏛ ᎨᏒᎢ.
43 ᎾᏍᎩᏃ ᏄᏪᏒ, ᎠᏍᏓᏯ ᎤᏪᎷᏅᎩ, ᎯᎠ ᏄᏪᏒᎩ; ᎳᏏᎳ, ᎡᎯᏄᎪᎢ.
44 ᎤᏲᎱᏒᎯᏃ ᏓᏳᏄᎪᏨᎩ, ᏧᏬᏰᏂ ᎠᎴ ᏧᎳᏎᏕᏂ ᏚᏓᎸᏍᏛᎩ ᏗᎦᎸᏓᎸᏛ ᏗᏄᏬ, ᎤᎧᏛᏃ ᎠᏯᏠ ᎤᏓᎸᏍᏛᎩ. ᏥᏌ ᎯᎠ ᏂᏚᏪᏎᎸᎩ; ᎡᏣᎸᏒ ᎠᎴ ᏤᏥᏲᎯ.
45 ᎠᎴ ᎤᏂᏣᏛᎩ ᎤᎾᏓᏑᏴᎩ ᎠᏂᏧᏏ ᎺᎵ ᎬᏩᎷᏤᎸᎯ, ᎠᎴ ᎤᏂᎪᎲᎯ ᎾᏍᎩ ᏥᏌ ᏄᏛᏁᎸᎢ, ᎬᏬᎯᏳᏅᎩ.
46 ᎢᎦᏛᏍᎩᏂ ᎠᏂᏆᎵᏏ ᏗᏂᏅ ᏭᏂᎶᏒᎩ, ᎠᎴ ᏫᏚᏂᏃᏁᎸᎩ ᏥᏌ ᏄᏛᏁᎸᎩ.
47 ᎿᏉᏃ ᏄᏂᎬᏫᏳᏒ ᎠᏥᎸ-ᎠᏁᎶᎯ ᎠᎴ ᎠᏂᏉᎵᏏ ᏚᏂᎳᏫᏛᎩ, ᎠᎴ ᎯᎠ ᏄᏂᏪᏒᎩ; ᎪᏙ ᎢᏓᏛᏁᎭ? ᎯᎠᏰᏃ ᎠᏍᎦᏯ ᎤᏣᏔ ᎤᏍᏆᏂᎪᏗ ᏚᎸᏫᏍᏓᏁᎭ.
48 ᎢᏳᏃ ᎾᏍᎩ ᎤᏁᎳᎩ ᏰᏕᎵᏎᎭ, ᏂᎦᏗᏳ ᏓᎬᏬᎯᏳᏂ, ᎠᏂᎶᎻᏃ ᏛᏂᎷᏥ ᎠᎴ ᏓᎨᎩᎩᎡᎵ ᎢᎦᏤᎵᎪᎯ ᎠᎴ ᏗᎦᏤᎵ ᏴᏫ ᏙᏓᎨᎩᏯᏅᎡᎵ.
49 ᎠᏏᏴᏫᏃ ᎤᏓᏑᏴᎩ, ᎧᏱᏆ ᏧᏙᎢᏛ, ᎾᎯᏳ ᎤᏕᏘᏴᏌᏗᏒ ᏄᎬᏫᏳᏒ ᎠᏥᎸ-ᎨᎶᎯ ᎨᏒᎩ, ᎯᎠ ᏂᏚᏪᏎᎸᎩ; ᎥᏝ ᎪᎱᏍᏗ ᏱᏥᎦᏔᎭ,
50 ᎠᎴ ᎥᏝ ᏱᏣᏓᏅᏖᎭ ᎤᏟ ᎣᏏᏳ ᎢᎨᎦᎵᏍᏓᏁᏗ ᎨᏒᎢ, ᎠᏏᏴᏫ ᎩᎶ ᏱᏓᏲᎱᎯᏎᎭ ᏴᏫ, ᎠᏃ ᎤᏂᏣᏘ ᎤᏅᏒ ᏯᎾᏗᏒᎲᏍᎦ.
51 ᎾᏍᎩ ᏄᏪᏒᎩ, ᎥᏝ ᎤᏩᏒ ᎤᏓᏅᏖᏛ ᏱᎨᏎᎢ; ᎾᎯᏳ ᎠᏥᎸ-ᎨᎶᎯᏍᎩᏂ ᎨᏒ ᎢᏳᏍᏗ ᎤᏕᏘᏴᏌᏗᏒ ᎤᏙᎴᎰᏒᎩ ᏥᏌ ᏧᏲᎱᎯᏎᏗᏱ ᎾᏍᎩ ᏑᎾᏓᎴᎩ ᎨᏒ ᏴᏫ,
52 ᎠᎴ ᎥᏝ ᎾᏍᎩ Ꮎ ᏑᎾᏓᎴᎩ ᎨᏒ ᎤᏅᏒ, ᎾᏍᏉᏍᎩᏂ ᏌᏉ ᎢᏧᏩᏁᏗᏱ ᏧᏪᏟᏐᏗᏱ ᎤᎾᏗᎦᎴᏲᏨᎯ ᎤᏁᎳᏅᎯ ᏧᏪᏥ.
53 ᎿᏉᏃ ᎾᎯᏳ ᎤᎾᎴᏅᎲᎩ ᎤᏂᏃᎮᎸᎩ ᎤᏂᎯᏍᏗᏱ.
54 ᎾᏍᎩ ᎢᏳᏍᏗ ᏥᏌ ᎿᏉ ᎥᏝ ᎢᎸᎯᏳ ᎬᏂᎨᏒ ᏱᏚᏪᎳᏗᏙᎴ ᎠᏂᏧᏏ; ᎾᎿᏍᎩᏂ ᎤᏂᎩᏒᎩ, ᎢᎾᎨ ᎾᎥ ᏭᎶᏅᎩ ᎠᎴ ᎬᏩᏍᏓᏩᏗᏙᎯ.
55 ᎠᏂᏧᏏᏃ ᎤᎾᏤᎵᎦ ᎧᏃᎯᏰᎩ ᏗᎵ ᏍᏓᏴᏗᏱ ᎤᏍᏆᎸᎯᏗᏒᎩ; ᎤᏂᏣᏛᎩᏃ ᎾᎿ ᎤᎾᏂᎩᏒᎩ ᏥᎷᏏᎵᎻ ᏭᏂᎶᏒᎩ ᎠᏏᏉ ᎾᏍᏆᎵᏍᎬᎾ ᏫᏃᎯᏰᎩ ᏗᎵᏍᏓᏴᏗᏱ, ᎤᎾᏓᏅᎦᎸᏗᏱ ᎤᏂᏰᎸᏒᎩ.
56 ᏥᏌᏃ ᎤᏂᏲᎸᎩ, ᎠᎴ ᎤᏛᏅᏗᎦᎳᏫᏍᏗᏱ ᎠᏂᏙᎾᎥ ᎯᎠ ᏂᏚᎾᏓᏪᏎᎸᎩ; ᎦᏙ ᎢᏤᎵᎭ? ᏝᏍᎪ ᏓᎾᎵᏍᏓᏴᎲᏍᎬ ᏴᏓᎦᎷᏥ?
57 ᏄᏂᎬᏫᏳᏒᏃ ᎠᏥᎸ-ᎠᏁᎶᎯ ᎠᎴ ᎾᏍᏉ ᎠᏂᏆᎵᏏ ᎤᏂᏁᏨᎯ ᎨᏒᎩ, ᎢᏳᏃ ᎩᎶ ᏯᎦᏔᎭ ᎡᏙᎲᎢ, ᎬᏂᎨᏒ ᎢᏳᏩᏁᏗᏱ, ᎤᏂᏂᏴᏗᏱ ᎤᏂᏰᎸᏒᎩ.
Copyright © 2017 by Bible League International