Add parallel Print Page Options

11 ¶ Te gen yon nonm yo te rele Laza ki tonbe malad. Li te rete Betani, yon ti bouk kote Mari t'ap viv ansanm ak Mat, sè l' la.

(Mari sa a, se te fanm ki te vide odè sou pye Seyè a, epi ki te siye yo ak cheve li. Laza, nonm ki te malad la, se te frè li.)

De sè yo voye yon moun bò kot Jezi pou di li: Seyè, zanmi ou lan malad.

Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.

Jezi te renmen Mat, Mari, sè l' la, ansanm ak Laza.

Apre li fin pran nouvèl maladi Laza a, li rete de jou ankò kote l' te ye a.

Apre sa, li di disip li yo: Ann tounen nan Jide.

Disip li yo reponn li: Mèt, pa gen lontan jwif yo t'ap chache touye ou ak kout wòch, epi koulye a ou vle tounen laba a ankò?

Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a.

10 Men, si yon moun ap mache lannwit, l'ap kase pye l', paske li pa gen limyè nan li.

11 Lè Jezi fin di yo sa, li di ankò: Laza, zanmi nou an, ap dòmi. Mwen pral leve li.

12 Disip yo reponn li: Mèt, si l'ap dòmi, li pral geri.

13 Jezi te vle di yo Laza te mouri, men disip yo te konprann se dòmi Laza t'ap dòmi tankou tout moun konn fè.

14 Lè sa a, Jezi di yo klè: Laza mouri.

15 Poutèt nou, mwen byen kontan mwen pa t' la. Konsa n'a kwè. Ann al jwenn li.

16 Lè sa a, Toma (yo te rele Jimo a) di lòt disip yo: Ann ale tou ansanm ak Mèt la pou n' ka mouri ansanm avè li.

17 ¶ Lè Jezi rive, li jwenn Laza te gen tan antere depi kat jou.

18 Betani te yon ti bouk toupre lavil Jerizalèm, twa kilomèt konsa, pa plis.

19 Anpil jwif te vin lakay Mat ak Mari pou konsole yo ak lanmò frè yo a.

20 Lè Mat vin konnen Jezi t'ap vini, li pati, li al kontre li. Men, Mari te rete chita nan kay la.

21 Mat di Jezi konsa: Mèt, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri non.

22 Men, mwen konn sa: menm koulye a, Bondye va ba ou nenpòt kisa ou mande li.

23 Jezi di li: Frè ou la va leve vivan ankò.

24 Mat reponn li: Wi, mwen konn sa. Li gen pou l' leve vivan ankò nan dènye jou a, lè tout moun mouri yo va leve.

25 Jezi di li: Se mwen menm ki leve moun mouri yo, se mwen menm ki bay lavi. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, yo gen pou yo viv menm si yo rive mouri.

26 Moun k'ap viv, epi ki mete konfyans yo nan mwen, yo p'ap janm mouri. Eske ou kwè sa?

27 Mat reponn li: Wi, Seyè, mwen kwè ou se Kris la, Pitit Bondye. Ou se moun ki te gen pou vini sou latè a.

28 Lè Mat fin di sa, l' al rele Mari, sè l' la, li di l' nan zòrèy: Mèt la la wi. Li mande pou ou vin jwenn li.

29 Tande Mari tande sa, li leve, li kouri al jwenn Jezi.

30 (Jezi pa t' ankò antre nan bouk la. Li te rete kote Mat te kontre l' la.)

31 Jwif yo ki te nan kay la avèk Mari pou konsole l', lè yo wè l' leve soti, yo swiv li. Yo te konprann li tapral kriye bò kavo a.

32 Lè Mari rive kote Jezi te ye a, wè li wè l', li lage kò l' atè nan pye l', li di l' konsa: Seyè, si ou te la, frè m' lan pa ta mouri.

33 ¶ Jezi wè jan li t'ap kriye ansanm ak jwif yo ki te vin avè l' yo, sa te fè l' mal anpil, kè l' t'ap fann.

34 Li mande yo: Ki bò nou antere li? Yo reponn li: Seyè, vin wè non.

35 Jezi kriye.

36 Lè sa a, jwif yo di: Gade jan li te renmen l' non!

37 Men, te gen kèk nan yo ki t'ap di: Li menm ki louvri je avèg yo, li pa t' kapab anpeche Laza mouri?

38 Sa te fè Jezi pi mal ankò. li al bò kavo a. Se te yon gwòt avèk yon wòch yo te mete devan bouch li.

39 Jezi di yo: Wete wòch la. Mat, sè mò a, di l' konsa: Seyè, li dwe kòmanse santi deja, sa fè kat jou depi l' nan kavo a.

40 Jezi reponn li: Mwen pa deja di ou: Si ou kwè, wa wè pouvwa Bondye?

41 Se konsa, yo wete wòch la. Jezi leve je l' anlè nan syèl la, li di: Mèsi, Papa, dèske ou te tande mwen.

42 Mwen menm, mwen konnen ou toujou tande m', men se poutèt moun sa yo ki bò kote m' lan m'ap di ou sa, pou yo sa kwè se ou menm ki voye mwen.

43 Lè l' fin di pawòl sa yo, li rele byen fò: Laza, soti deyò!

44 Mò a soti, de pye l' ak de men l' yo tou mare ak bann twal, figi l' tou vlope nan yon moso twal. Jezi di yo: Demare l' non, kite l' ale.

45 ¶ Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.

46 Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè.

47 Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak.

48 Si nou pa fè l' sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an.

49 Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen!

50 Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove.

51 (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a.

52 Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)

53 Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi.

54 Se poutèt sa tou Jezi te sispann fè ale vini nan mitan jwif yo an piblik. Li mete kò l' yon kote toupre dezè a, nan yon vil yo rele Efrayim. Se la li te rete ak disip li yo.

55 Fèt Delivrans jwif yo te prèt pou rive. Anpil moun soti toupatou nan peyi a, yo moute Jerizalèm anvan fèt la pou yo te ka fè sèvis pou mete yo nan kondisyon pou yo sèvi Bondye.

56 Yo t'ap chache Jezi. Antan yo tout te nan tanp lan, yonn t'ap mande lòt: Sa nou di? Ou kwè l'ap vin nan fèt la?

57 Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo te bay lòd sa a: Si yon moun te konnen kote Jezi te ye, se pou l' fè yo konnen pou yo ka arete li.

Lanmò Laza

11 Te gen yon nonm yo te rele Laza ki te malad. Li te moun Betani, yon ti vil kote Mari ak Mat, sè l yo, te rete. Se te menm Mari sa a ki te mete pafen sou Jezi epi ki te siye pye Senyè a ak cheve li. Se te Laza, frè li, ki te malad. De sè sa yo te voye di Jezi: “Senyè, men zanmi w lan malad.”

Kon Jezi tande sa, li di: “Maladi sa a p ap mennen nan lanmò, men l ap pote lwanj pou Bondye. Sa rive pou fè lwanj pou pitit Bondye a.” Jezi te renmen Mat, Mari, sè Mat la ak Laza. Apre l fin tande Laza malad, li pase de jou ankò kote l te ye a. Apre sa, li di disip li yo: “Ann tounen nan peyi Jide.”

Disip li yo di li: “Sa pa fè lontan Jwif sa yo t ap chache touye w ak wòch, epi ou pral laba a ankò?”

Jezi reponn: “Èske se pa douzè yon jounen genyen? Si yon moun ap mache pandan jounen an li p ap bite, paske l ap wè limyè mond lan.[a] 10 Men si yon moun ap mache lannuit l ap bite, paske li pa gen limyè.”

11 Lè l fin pale konsa ak disip li yo, li di yo: “Laza, zanmi nou an, ap dòmi, men mwen prale pou m ka reveye li.”

12 Disip li yo di l konsa: “Senyè, si l ap dòmi, l ap geri.” 13 Jezi t ap pale de lanmò Laza, yo menm yo te panse li t ap pale sou repo yon moun pran lè l ap dòmi.

14 Alò Jezi di yo aklè: “Laza mouri. 15 Poutèt nou menm, mwen kontan dèske m pa t la, paske nou va kwè nan mwen kounye a. Ann al lakay li.”

16 Lè sa a, Toma, yo bay ti non Jimo, di lòt disip yo konsa: “Ann ale tou, pou nou tou mouri avè l.”

Jezi nan zòn Betani

17 Lè Jezi rive, li jwenn Laza gentan antere depi kat jou. 18 Betani te toupre Jerizalèm, a twa kilomèt[b] konsa, 19 Anpil Jwif te vin wè Mat ak Mari pou konsole yo nan moman lanmò frè yo a.

20 Lè Mat tande Jezi te rive, l ale rankontre l. Mari menm te rete chita nan kay la. 21 Mat di Jezi konsa: “Senyè, si w te isit, frè m nan pa t ap mouri. 22 Men, menm kounye a, mwen konnen tout sa ou mande Bondye, l ap ba ou l.”

23 Jezi di konsa: “Frè w la ap resisite.”

24 Mat di Jezi: “Mwen konnen l ap resisite nan rezireksyon k ap vini an, nan dènye jou a.”

25 Jezi di l konsa: “Mwen se rezireksyon, mwen se lavi. Moun ki kwè nan mwen, menm si l ta mouri, l ap viv. 26 Epi, tout moun ki vivan epi ki kwè nan mwen, yo p ap janm mouri. Èske ou kwè sa?”

27 Mat reponn: “Wi, Senyè, mwen kwè se ou menm ki Mesi a, Pitit Bondye a, li menm ki vini nan lemonn.”

Jezi kriye

28 Lè Mat fin di sa, li pati al rele Mari, sè l la. San lòt moun yo pa tande, li di l: “Mèt la la a wi, l ap rele w.” 29 Lè Mari tande sa, li leve touswit al kote Jezi. 30 Jezi pa t ko antre nan vil la. Li te kote Mat te rankontre l la toujou. 31 Lè Jwif yo ki te nan kay la ap konsole Mari yo wè l leve soti byen vit, yo menm tou, yo akonpanye l, paske yo te panse li t apral kriye bò tonm nan. 32 Lè Mari rive, menm wè li wè Jezi, li tonbe nan pye l, epi li di l: “Senyè, si ou te isit, frè m nan pa t ap mouri.”

33 Lè Jezi wè Mari ak Jwif kite vini avè l yo t ap kriye, sa te fann kè l anpil epi lespri l te twouble. 34 Li di yo konsa: “Ki kote nou mete l?”

Yo di l: “Senyè vin wè.”

35 Jezi te pran kriye.

36 Lè sa a, Jwif yo di konsa: “Gade kijan l te renmen l!”

37 Men, kèk nan yo di: “Li menm ki louvri je avèg, li pa t kapab fè Laza pa mouri?”

Jezi resisite Laza

38 Lè sa a, se fann kè Jezi t ap fann yon lòt fwa ankò. Li rive nan tonm nan. Se te yon kavo fouye nan yon wòch epi yon lòt wòch te kouvri bouch kavo a. 39 Jezi di: “Retire wòch la!”

Mat, sè mò a, di: “Senyè, li gentan santi, jodi fè kat jou depi l la.”

40 Men Jezi di l konsa: “Èske m pa t di w si ou kwè ou va wè pouvwa Bondye?”

41 Yo retire wòch la epi lè sa a, Jezi leve je l anlè, li di: “Papa, mwen remèsye w, paske ou te reponn priyè mwen. 42 Alaverite, mwen konnen ou toujou reponn priyè m, men m pale konsa poutèt foul moun sa yo ki anviwonnen m nan, pou yo kapab kwè se ou ki te voye m.” 43 Lè l fin pale konsa, li di byen fò: “Laza, soti!” 44 Mò a soti, men l ak pye l te vlope ak bandaj twal, figi l te vlope ak mouchwa tou.

Jezi di moun yo: “Lage l, libere l!”

Plan pou touye Jezi

(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Lik 22:1-2)

45 Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li. 46 Men gen kèk nan yo ki te al jwenn Farizyen yo epi ki rakonte yo sa Jezi te fè. 47 Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak. 48 Si nou kite l kontinye konsa, tout moun ap kwè nan li, epi Women yo ap vin detwi ni tanp lan ni nasyon nou an.”

49 Youn nan yo, yo te rele Kayif, se te Chèf prèt nan lane sa a, li di: “Nou pa konprann anyen! 50 Nou pa wè nou gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la, olye pou tout nasyon an peri.”

51 Se pa t poukont li li te di pawòl sa yo, men kòm li te Chèf prèt ane sa a, se yon pwofesi li te fè, kòmkwa Jezi te dwe mouri pou tout nasyon an. 52 Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou.

53 Depi jou sa a, yo te fè konplo pou touye Jezi. 54 Poutèt sa, Jezi te sispann ale vini devan tout moun nan teritwa Jide a: Li t al rete toupre dezè a nan yon ti vil yo rele Efrayim. Se la l te rete ak disip li yo.

55 Fèt Pak Jwif yo te prèske rive. Nan moman fèt la, anpil moun soti nan tout peyi a vini Jerizalèm pou yo te kapab fè tout sa Lalwa te mande pou yo te pirifye yo pou fèt la. 56 Yo t ap chache Jezi, epi kote yo te ye nan tanp lan, yo youn t ap di lòt: “Sa nou panse, sanble li p ap janm vin nan fèt la?” 57 Chèf prèt yo ansanm ak Farizyen yo te pase lòd si yon moun ta konnen kote Jezi ye pou yo fè yo konn sa, pou yo te kapab arete l.

Footnotes

  1. 11:9 limyè mond lan Se sèlman yon referans ak limyè solèy la, men gade nan Jan 8:12, kote Jezi di, “Mwen se limyè lemonn.” Gade tou nan 9:4, 5 ak 12:35.
  2. 11:18 twa kilomèt Literalman, “15 estad”.