Add parallel Print Page Options

11 Menm Bondye ki di: “Pa fè adiltè”(A) a, se menm Bondye a ki di: “ou pa dwe touye moun.”(B) Lè sa a, si ou pa komèt adiltè, men ou touye yon moun, se devan tout Lalwa ou koupab.

12 Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète. 13 Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.

Read full chapter