Add parallel Print Page Options

Renmen tout moun

Frè m ak sè m yo, si nou kwè nan Jezikris, Senyè nou an, nou pa dwe aji avèk patipri nan mitan moun yo. An n sipoze yon moun ta rive nan reyinyon[a] nou yo. Moun sa a antre ak bèl bag an ò ansanm ak rad ki koute chè anpil. Menm lè sa a tou, yon pòv antre nan reyinyon an, li tou mal abiye. Ou akeyi avèk anpil respè moun ki pote bèl rad la, ou di l konsa: “Chita isit, nan plas donè sa a!” Epi ou di pòv la konsa: “Kanpe bò laba a!” Oubyen “Chita atè a, bò pye nou la a!” Lè w aji konsa, èske w pa fè patipri? Èske w pa fè yon jijman avèk yon kè mechan?

Koute m, frè m ak sè byenneme m yo! Èske Bondye pa chwazi moun pòv yo nan mond lan pou l fè yo rich nan lafwa epi pou yo resevwa wayòm li pwomèt moun ki renmen l yo? Men ou menm, ou meprize pòv yo! Poutan, ki moun k ap kraze w? Ki moun k ap trennen w devan tribinal yo? Se moun rich yo, pa vre? Èske se pa yo k ap ensilte bon non Senyè nou an?

Bib la di: “Renmen pwochen[b] w menm jan ou renmen pwòp tèt ou.”[c] Sa a, se lalwa k ap gouvène tout lòt lwa yo. Si ou fè sa, ou aji byen. Men, si ou aji ak patipri, ou peche. Lalwa Bondye a kondane w, paske w dezobeyi l.

10 Nenpòt moun ki fè tout sa Lalwa mande, si li pa obeyi a kòmandman pou nou renmen pwochen nou yo, li vin koupab devant tout lalwa. 11 Menm Bondye ki di: “Pa fè adiltè”[d] a, se menm Bondye a ki di: “ou pa dwe touye moun.”[e] Lè sa a, si ou pa komèt adiltè, men ou touye yon moun, se devan tout Lalwa ou koupab.

12 Konsa, se pou n pale epi viv menm jan ak moun ki konnen yo pral jije l devan lalwa ki ban nou libète. 13 Paske lè jou jijman an va rive, p ap gen pitye pou moun ki pa gen pitye pou lòt moun yo. Men moun ki jwenn mezerikòd Bondye, li pa pè jou jijman an.

Lafwa ak bòn zèv

14 Frè ak sè m yo, si yon moun di li gen lafwa men li pa fè zèv, lafwa sa a pa vo anyen. Yon kalite lafwa konsa pa kapab sove pèsòn. 15 Ann sipoze yon frè oubyen yon sè ki vin kote w pa gen rad pou l mete oubyen manje pou l manje. 16 Epi ou di l konsa, “Bondye avè w! Mwen swete ou jwenn rad pou ou mete ak anpil manje pou ou manje,” men ou pa ba li bagay sa yo li bezwen. Si ou pa ede l, pawòl ou yo pa vo anyen. 17 Se menm bagay ak lafwa. Si se sèlman lafwa epi pa gen anyen ankò, li pa fè anyen, se yon lafwa ki mouri.

18 Men gen moun k ap bay agiman yo, “Gen moun ki gen lafwa, epi lòt yo gen bòn zèv.” Repons mwen se ta pou m di yo, ou pa kapab montre m lafwa san ou pa fè anyen. Men mwen menm m ap montre w lafwa pa mwayen bòn zèv mwen fè. 19 Ou kwè gen yon sèl Bondye. Se byen, men menm demon yo kwè sa tou! Epi yo pran tranble ak laperèz.

20 Sanble ou pa byen nan tèt! Yon lafwa ki pa fè anyen pa vo anyen. Èske w vle m pwouve sa? 21 Papa nou Abraram te vin konsidere kòm moun dwat devan Bondye poutèt sa l te fè. Li te bay Bondye pitit li Izaak sou yo lotèl. 22 Konsa, ou wè lafwa Abraram ak sa l di travay ansanm. Lafwa li te bon nèt poutèt sa l te fè. 23 Sa montre vrèman sa Bib la di a, “Abraram te konfye l nan Bondye, epi poutèt li te kwè, Bondye te aksepte l pou moun ki fè sa ki dwat devan l.”[f] Yo te rele Abraram “Zanmi Bondye”.[g] 24 Konsa ou wè yon moun vin moun dwat devan Bondye poutèt sa li fè. Li pa vin yon moun dwat poutèt lafwa l sèlman.

25 Yon lòt egzanp se Raab. Se yon pwostitye l te ye, men li te vin tounen yon moun dwat devan Bondye poutèt yon bagay li te fè. Li te ede moun ki t ap espyone pou pèp Bondye a. Li te resevwa yo lakay li epi li te ede yo chape pa yon lòt chemen.[h]

26 Yon kò moun ki pa gen souf ladan, se yon mò. Se menm bagay la pou lafwa. Yon lafwa ki pa fè anyen se yon lafwa ki mouri!

Footnotes

  1. 2:2 reyinyon Literalman, “nan sinagòg nou yo”.
  2. 2:8 Renmen pwochen Oubyen “lòt moun yo”. Ansèyman Jezi bay nan Lik 10:25-37 fè nou konprann sa vle di nenpòt moun ki nan bezwen.
  3. 2:8 Sitasyon sa a soti nan Lev 19:18.
  4. 2:11 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:14; Det 5:18.
  5. 2:11 Sitasyon sa a soti nan Egz 20:13; Det 5:17.
  6. 2:23 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:6.
  7. 2:23 Sitasyon sa a soti nan 2 Kw 20:7; Eza 41:8.
  8. 2:25 Kw Raab sa a nou jwenn li nan Joz 2:1-21.