Add parallel Print Page Options

Men sa m vle di: Lè eritye yo se timoun yo ye, yo menm jan ak yon esklav. Sa pa fè okenn diferans, menm lè, yon jou, se yo menm k ap mèt tout byen papa a. Pandan yo timoun nan, yo dwe soumèt yo ak moun k ap okipe yo a. Men lè yo rive nan laj papa a te deside a, yo vin lib. Se menm bagay pou nou tou. Yon lè nou te menm jan ak timoun, nou te esklav yon bann fòs k ap domine sou lavi moun. Men, lè lè a te rive, Bondye te voye Pitit li a, yon fanm te ba l nesans epi li te viv anba Lalwa. Bondye te fè sa kon sa pou l te kapab achte libète moun k ap viv anba Lalwa yo. Pwojè Bondye se pou l fè nou vin pitit li.

Poutèt kounye a nou se pitit Bondye, Bondye voye Lespri Pitit li nan kè nou. Lespri sa a rele Bondye, “Abba,[a] Papa.” Kounye a, nou pa esklav ankò jan n te ye anvan an. Nou se pitit Bondye, epi n ap jwenn tout sa Bondye te pwomèt pitit li yo.

Lamou Pòl genyen pou kwayan nan peyi Galasi yo

Nan tan pase, nou menm moun Galasi, nou pa t konn Bondye. Nou te esklav lòt dye yo, bagay ki pa t dye vrèman. Men kounye a, nou konnen vrè Bondye a. Ann di pito, se Bondye ki konnen nou. Alò, poukisa nou retounen al obeyi vye fòs san pouvwa san valè, bagay nou te swiv anvan yo? Èske nou vle retounen esklav bagay sa yo ankò? 10 Nou tonbe nan obsève jou, mwa, sezon avèk ane. 11 Sa chaje tèt mwen anpil. Mwen krenn pou travay mwen nan mitan nou pa tounen yon travay ki fèt pou granmesi.

12 Frè m ak sè m yo, silvouplè, poutèt mwen fè m sanble ak nou, fè n sanble ak mwen tou. Nou te si bon anvè mwen anvan. 13 Nou konnen, se paske m te malad ki fè m te pote Bòn Nouvèl la lakay nou premye fwa a. 14 Maladi m nan te yon fado pou nou. Men, nou pa t janm derespekte m[b] pou te fè m pati. Okontrè, nou te akeyi m kòmsi m te yon anj Bondye voye; nou te aksepte m kòmsi m te Jezikris menm! 15 Lè sa a, nou te si kontan. Sa k pase, kote lajwa sa a? Mwen kapab di san okenn dout: Nou t ap fè tout sa k posib pou n ede m. E si se te posib, nou t ap prèt pou rache pwòp je nou ban mwen. 16 Èske m vin tounen yon lènmi pou nou, paske m di nou verite a?

17 Gen moun[c] k ap fè anpil efò pou detounen nou, men sa pa bon pou nou. Se vle yo vle pran tèt nou pou detache nou de mwen epi pou n vin fanatik yo pito. 18 Li bon pou n fè anpil efò, men fòk se pou yon bon bagay. Epi se pa lè m la sèlman, men, menm lè m pa la tou. 19 Ti moun mwen yo, se soufri m ap soufri yon fwa ankò pou nou, menm jan ak yon manman k ap akouche. M ap toujou santi doulè sa a jouktan yon moun ta gade nou epi yo ta wè Jezikris. 20 Mwen ta renmen ansanm ak nou kounye a, pou m ta chache jwenn yon lòt fason pou m pale ak nou. Mwen pa konnen kijan m ta pale ak nou ankò.

Egzanp Aga ak Sara

21 Di m non, nou menm ki vle obsève Lalwa a, èske nou pa konnen sa Lalwa a di? 22 Bib la di Abraram te gen de pitit gason. Manman youn nan yo se te yon esklav epi manman lòt la te gen libète l. 23 Pitit gason Abraram te fè ak esklav la te fèt jan tout moun fèt. Men pitit li fè ak fanm ki te gen libète l la te fèt dapre pwomès Bondye te fè Abraram nan.

24 Istwa sa a kapab gen yon lòt sans pou nou. De fanm sa yo se de alyans ant Bondye ak pèp li a. Youn nan alyans yo, se Lalwa Bondye te bay sou mòn Sinayi a. Moun ki anba alyans sa a, yo nan esklavaj. Manman ki rele Aga a, se alyans sa a. 25 Konsa, Aga se menm jan ak mòn Sinayi. Alaverite, mòn Sinayi se yon mòn nan peyi Arabi. Men Aga reprezante vil Jerizalèm nan moman m ap ekri nou la a. Vil sa se yon esklav, epi tout moun ladan l se esklav Lalwa a. 26 Men, Jerizalèm ki soti nan syèl la, li menm jan ak fanm ki gen libète l la. Se li ki manman nou. 27 Bib la di konsa:

“Fè kè w kontan, madanm,
    ou menm ki pa ka fè pitit.
Se pou w kontan,
    ou menm ki pa janm fè pitit.
Leve vwa w ak lajwa!
    Ou pa janm konnen doulè akouchman.
Fanm san mari a[d] ap gen plis pitit
    pase madanm k ap viv ak mari l la.”(A)

28 Pou nou menm, frè m ak sè m yo, nou se pitit ki te fèt selon pwomès Bondye a, menm jan ak Izaak. 29 Men, lòt pitit Abraram nan, ki te fèt kon tout moun nan, li te pèsekite sa k te fèt pa pouvwa Sentespri a. Se menm bagay jodi a. 30 Men kisa Bib la di: “Mete fanm esklav la deyò ak tout pitit li a! Pitit fanm ki gen libète l la ap resevwa tout sa papa l genyen, men pitit esklav la p ap jwenn anyen.”(B) 31 Konsa, frè m ak sè m yo, nou pa pitit fanm esklav la. Nou se pitit fanm ki gen libète l la.

Footnotes

  1. 4:6 Abba Mo “Abba” se yon mo nan lang Arameyen ti moun Jwif konn sèvi pou yo rele papa yo.
  2. 4:14 nou pa … derespekte m Literalman, “nou pa t krache”. Nan kontèks sa yo, moun te konn krache lè yo wè maladi dwòl osinon lòt bagay kon sa pou kenbe malediksyon an lwen yo.
  3. 4:17 Gen moun Fo doktè ki t ap twouble kwayan yo nan peyi Galasi. Gade nan Gal 1:7.
  4. 4:27 Fanm san mari a Sa vle di mari kite l.

What I am saying is that as long as an heir is underage, he is no different from a slave, although he owns the whole estate. The heir is subject to guardians and trustees until the time set by his father. So also, when we were underage, we were in slavery(A) under the elemental spiritual forces[a] of the world.(B) But when the set time had fully come,(C) God sent his Son,(D) born of a woman,(E) born under the law,(F) to redeem(G) those under the law, that we might receive adoption(H) to sonship.[b](I) Because you are his sons, God sent the Spirit of his Son(J) into our hearts,(K) the Spirit who calls out, “Abba,[c] Father.”(L) So you are no longer a slave, but God’s child; and since you are his child, God has made you also an heir.(M)

Paul’s Concern for the Galatians

Formerly, when you did not know God,(N) you were slaves(O) to those who by nature are not gods.(P) But now that you know God—or rather are known by God(Q)—how is it that you are turning back to those weak and miserable forces[d]? Do you wish to be enslaved(R) by them all over again?(S) 10 You are observing special days and months and seasons and years!(T) 11 I fear for you, that somehow I have wasted my efforts on you.(U)

12 I plead with you, brothers and sisters,(V) become like me, for I became like you. You did me no wrong. 13 As you know, it was because of an illness(W) that I first preached the gospel to you, 14 and even though my illness was a trial to you, you did not treat me with contempt or scorn. Instead, you welcomed me as if I were an angel of God, as if I were Christ Jesus himself.(X) 15 Where, then, is your blessing of me now? I can testify that, if you could have done so, you would have torn out your eyes and given them to me. 16 Have I now become your enemy by telling you the truth?(Y)

17 Those people are zealous to win you over, but for no good. What they want is to alienate you from us, so that you may have zeal for them.(Z) 18 It is fine to be zealous, provided the purpose is good, and to be so always, not just when I am with you.(AA) 19 My dear children,(AB) for whom I am again in the pains of childbirth until Christ is formed in you,(AC) 20 how I wish I could be with you now and change my tone, because I am perplexed about you!

Hagar and Sarah

21 Tell me, you who want to be under the law,(AD) are you not aware of what the law says? 22 For it is written that Abraham had two sons, one by the slave woman(AE) and the other by the free woman.(AF) 23 His son by the slave woman was born according to the flesh,(AG) but his son by the free woman was born as the result of a divine promise.(AH)

24 These things are being taken figuratively: The women represent two covenants. One covenant is from Mount Sinai and bears children who are to be slaves: This is Hagar. 25 Now Hagar stands for Mount Sinai in Arabia and corresponds to the present city of Jerusalem, because she is in slavery with her children. 26 But the Jerusalem that is above(AI) is free, and she is our mother. 27 For it is written:

“Be glad, barren woman,
    you who never bore a child;
shout for joy and cry aloud,
    you who were never in labor;
because more are the children of the desolate woman
    than of her who has a husband.”[e](AJ)

28 Now you, brothers and sisters, like Isaac, are children of promise.(AK) 29 At that time the son born according to the flesh(AL) persecuted the son born by the power of the Spirit.(AM) It is the same now. 30 But what does Scripture say? “Get rid of the slave woman and her son, for the slave woman’s son will never share in the inheritance with the free woman’s son.”[f](AN) 31 Therefore, brothers and sisters, we are not children of the slave woman,(AO) but of the free woman.(AP)

Footnotes

  1. Galatians 4:3 Or under the basic principles
  2. Galatians 4:5 The Greek word for adoption to sonship is a legal term referring to the full legal standing of an adopted male heir in Roman culture.
  3. Galatians 4:6 Aramaic for Father
  4. Galatians 4:9 Or principles
  5. Galatians 4:27 Isaiah 54:1
  6. Galatians 4:30 Gen. 21:10