Add parallel Print Page Options

Konsènan Abraram, men sa Bib la di: Abraram te mete konfyans li nan Bondye, poutèt sa, Bondye te aksepte li tankou yon moun ki mache dwat devan li.[a] Alò, nou bezwen konnen, moun ki mete konfyans yo nan Bondye, se yo menm ki vrè pitit Abraram. Depi lontan, Bib la te gentan di Bondye t apral deklare moun ki pa Juif yo dwat devan l poutèt lafwa yo. Se poutèt sa, Bondye te gentan anonse Abraram bòn nouvèl sa a. Li di l: “Tout nasyon ki sou latè ap jwenn benediksyon pa mwen ou menm.”[b] Konsa, moun ki gen lafwa, yo jwenn benediksyon nan men Bondye, ansanm ak Abraram ki te gen lafwa tou.

10 Men, tout moun ki patisipe nan fè sa lalwa mande, yo anba malediksyon. Paske Bib la di: “Malediksyon Bondye ap tonbe sou tout moun ki pa toujou pratike tout sa ki ekri nan liv lalwa a.”[c] 11 Bon! Nou tout konnen Bondye p ap deklare pèsonn dwat devan l paske moun nan obeyi lalwa. Men sa Bib la di: “Moun ki dwat devan Bondye, l ap viv dapre lafwa li.”[d]

12 Lavi ki baze sou lalwa a pa menm ditou ak sa k baze sou lafwa a. Bib la di pito: “Sèl fason yon moun ka gen lavi pa mwayen lalwa, se nan obeyi tout sa lalwa mande.”[e] 13 Lalwa deklare nou anba malediksyon poutèt nou pa toujou obeyi l. Men Kris retire malediksyon sa a. Li chanje plas ak nou epi li mete pwòp tèt pa l anba malediksyon sa a. Bib la di: “Nenpòt moun yo pann sou yon bwa,[f] moun sa a anba malediksyon”.[g] 14 Poutèt Kris libere nou, moun ki pa Juif yo ka patisipe nan benediksyon Bondye te pwomèt Abraram nan. Lè nou mete konfyans nou nan Jezikris, n ap resevwa Sentespri a, paske Bondye fidèl nan kenbe pwomès li.

Read full chapter

Footnotes

  1. 3:6 Sitasyon sa a soti nan Jen 15:6.
  2. 3:8 Sitasyon sa a soti nan Jen 12:3.
  3. 3:10 Sitasyon sa a soti nan Det 27:26.
  4. 3:11 Sitasyon sa a soti nan Aba 2:4.
  5. 3:12 Gade nan Lev 18:5.
  6. 3:13 pann sou yon bwa Det 21:22-23 di, lè yo touye yon moun poutèt li fè sa ki mal, yo te pann kò a sou yon bwa pou montre kijan se yon wont. Pòl vle di lakwa Jezi a se te menm bagay.
  7. 3:13 Sitasyon sa a soti nan Det 21:23.