Deteronòm 5
Haitian Creole Version
5 ¶ Moyiz fè tout pèp Izrayèl la sanble, epi li di yo: -Nou menm pèp Izrayèl, koute lòd ak kòmandman m'ap fè nou tande jòdi a. Aprann yo byen. Pa janm bliye yo pou nou ka toujou fè tou sa yo mande nou fè.
2 Seyè a, Bondye nou an, te siyen yon kontra ak nou sou Mòn Orèb la.
3 Se pa t' avèk zansèt nou yo sèlman Seyè a te pase kontra a, men avèk nou menm tou, nou tout k'ap viv isit la jòdi a.
4 Bondye te rete sou mòn lan, nan mitan dife a. Li te pale ak nou fas pou fas.
5 Lè sa a, mwen menm mwen te kanpe nan mitan, Seyè a yon bò, nou menm yon bò, pou m' te rapòte nou tout pawòl Seyè a te di, paske nou te pè dife a, nou pa t' vle moute sou mòn lan. Men sa Seyè a te di:
6 ¶ Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti kite peyi Lejip kote nou te esklav la.
7 Piga nou sèvi lòt bondye pase mwen menm sèlman.
8 Piga nou janm fè ankenn estati ni ankenn pòtre ki sanble bagay ki anwo nan syèl la osinon bagay ki sou latè ou ankò nan dlo anba tè a.
9 Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske, mwen menm Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
10 Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan moun renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
11 Piga nou janm nonmen non Seyè a, Bondye nou an, an jwèt osinon pou bay manti, paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen p'ap manke pini moun ki nonmen non m' pou gremesi.
12 Toujou chonje jou repo a pou nou mete l' apa pou Bondye, jan mwen menm Seyè a, Bondye nou an, te ban nou lòd fè l' la.
13 N'a travay sis jou. Lè sa a, n'a fè tou sa nou gen pou nou fè.
14 Men, setyèm jou a, se jou repo Seyè a, Bondye nou an. Jou sa a, nou p'ap fè ankenn travay, ni nou menm, ni pitit gason nou, ni pitit fi nou, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou, ni bèf nou, ni bourik nou, ni ankenn nan lòt bèt nou genyen, ni moun lòt nasyon ki rete lakay nou. Konsa, ni fanm ni gason k'ap travay lakay nou ka pran repo menm jan ak nou.
15 N'a toujou chonje se esklav nou te ye nan peyi Lejip la. E se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te vin delivre nou ak fòs ponyèt mwen, ak gwo kouraj mwen. Se poutèt sa, Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd pou nou pa bliye jou repo a.
16 Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
17 Piga nou janm touye moun.
18 Piga nou janm fè adiltè.
19 Piga nou janm pran sa ki pa pou nou.
20 Piga nou janm fè manti sou frè parèy nou nan tribinal.
21 Piga nou janm pote lanvi sou madanm frè parèy nou. Pa mete lide nou ni sou kay li, ni sou jaden li, ni sou gason osinon fanm k'ap travay lakay li, ni sou bèf li, ni sou bourik li, ni sou anyen ki pou frè parèy nou.
22 Men pawòl Seyè a te di nou lè nou tout nou te sanble sou mòn lan. Li te rete nan mitan dife a, anndan gwo nwaj nwa a, li pale byen fò ak nou. Li pa di anyen ankò apre sa. Li ekri kòmandman sa yo sou de wòch plat, epi li ban mwen yo.
23 ¶ Men, lè pèp la tande bri vwa ki t'ap soti nan nwaj nwa a, lè yo wè mòn lan ki t'ap pran dife, yo vin jwenn mwen ansanm ak tout chèf branch fanmi yo ak tout chèf fanmi yo.
24 Yo di m' konsa: -Koulye a, nou wè Seyè a, Bondye nou an. Nou wè jan li gen pouvwa, jan li merite yo fè lwanj li. Nou tande vwa l' ap pale nan mitan dife a. Jòdi a nou wè tout bon vre Bondye ka pale ak moun san yo pa mouri pou sa.
25 Bon. Koulye a, poukisa pou n' al riske tèt nou ankò avèk gwo dife sa a ki ka kankannen nou? Eske nou p'ap mouri si nou tande vwa Seyè a, Bondye nou an, ap pale yon lòt fwa ankò?
26 Eske gen moun sou latè ki ka rete vivan toujou lè yo fin tande Bondye tout bon an rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan sa te rive nou an?
27 Ou mèt pwoche ou menm, pou ou tande tou sa Seyè a, Bondye nou an, va di. Apre sa, w'a tounen vin di nou sa li te di ou. N'a koute ou, epi n'a fè tou sa l' di nou fè.
28 Seyè a te tande sa nou te di a, li di m' konsa: Mwen tande sa pèp la di la a. Yo gen rezon.
29 Mwen ta swete yo toujou gen bon santiman nan kè yo pou yo ka gen krentif pou mwen, pou yo kenbe lòd mwen yo, konsa yo ta viv ak kè kontan tout tan, ni yo menm ni pitit yo.
30 Ale di yo yo mèt tounen anba tant yo.
31 Men ou menm, ou va rete isit la avè m'. M'a ba ou tout kòmandman, tout lòd ak tout prensip pou ou moutre yo pou yo ka swiv yo nan peyi m'ap ba yo a.
32 Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.
33 N'a mache dwat nan chemen Bondye nou an, Seyè a, mete devan nou an. Se konsa n'a gen lavi, n'a gen kè kontan. N'a viv lontan nan peyi nou pral pran pou nou rete a.
Deutéronome 5
La Bible du Semeur
Les Dix Commandements
5 Moïse convoqua tout Israël et leur dit : Ecoute, Israël, les ordonnances et les lois que je vous communique aujourd’hui de vive voix ; apprenez-les, obéissez-y et appliquez-les. 2 L’Eternel notre Dieu a conclu une alliance avec nous au mont Horeb[a]. 3 Ce n’est pas seulement avec vos ancêtres que l’Eternel a conclu cette alliance, c’est avec nous tous qui sommes ici aujourd’hui, et en vie. 4 Sur la montagne, l’Eternel vous a parlé directement du milieu du feu. 5 Je me tenais alors entre l’Eternel et vous, pour vous transmettre sa parole, car vous aviez peur de ce feu et vous n’êtes pas montés sur la montagne. Voici ce qu’il a dit :
6 « Je suis l’Eternel, ton Dieu, qui t’ai fait sortir d’Egypte, du pays où tu étais esclave[b].
7 Tu n’auras pas d’autre dieu que moi.
8 Tu ne te feras pas d’idole ni de représentation quelconque de ce qui se trouve en haut dans le ciel, ici-bas sur la terre, ou dans les eaux plus bas que la terre. 9 Tu ne te prosterneras pas devant de telles idoles et tu ne leur rendras pas de culte, car moi, l’Eternel, ton Dieu, je suis un Dieu qui ne tolère aucun rival : je punis les fils pour la faute de leur père jusqu’à la troisième, voire la quatrième génération de ceux qui me haïssent. 10 Mais j’agis avec amour jusqu’à la millième génération envers ceux qui m’aiment et qui obéissent à mes commandements.
11 Tu n’utiliseras pas le nom de l’Eternel ton Dieu pour tromper, car l’Eternel ne laisse pas impuni celui qui utilise son nom pour tromper.
12 Observe le jour du sabbat et fais-en un jour consacré à l’Eternel, comme l’Eternel ton Dieu te l’a commandé. 13 Tu travailleras six jours pour faire tout ce que tu as à faire. 14 Mais le septième jour est le jour du repos consacré à l’Eternel ton Dieu ; tu ne feras aucun travail ce jour-là, ni toi, ni ton fils, ni ta fille, ni ton serviteur, ni ta servante, ni ton bœuf, ni ton âne, ni tout ton bétail, ni l’étranger qui réside chez toi, afin que ton serviteur et ta servante se reposent comme toi. 15 Tu te souviendras que tu as été esclave en Egypte et que l’Eternel ton Dieu t’a tiré de là en intervenant avec puissance ; c’est pourquoi l’Eternel ton Dieu t’a demandé d’observer le jour du sabbat.
16 Honore ton père et ta mère, comme l’Eternel ton Dieu te l’a ordonné, afin de jouir d’une longue vie et de vivre heureux dans le pays que l’Eternel ton Dieu te donne[c].
17 Tu ne commettras pas de meurtre[d].
18 Tu ne commettras pas d’adultère[e].
19 Tu ne commettras pas de vol.
20 Tu ne porteras pas de faux témoignage contre ton prochain.
21 Tu ne porteras pas tes désirs sur la femme de ton prochain. Tu ne convoiteras pas la maison de ton prochain, ni son champ, ni son serviteur, ni sa servante, ni son bœuf, ni son âne, ni rien de ce qui lui appartient[f]. »
22 Ces paroles-là, l’Eternel les a prononcées d’une voix forte, du milieu du feu, et de l’épaisse nuée, pour toute l’assemblée qui se tenait au pied de la montagne. Il n’y ajouta rien. Puis il les écrivit sur deux tables de pierre qu’il me remit[g].
La réponse du peuple
23 Or, quand vous avez entendu la voix qui sortait des ténèbres tandis que la montagne était tout en feu, vous vous êtes approchés de moi avec tous vos chefs de tribus et vos responsables, 24 et vous avez dit : « Certes, l’Eternel notre Dieu nous a fait voir sa gloire et sa grandeur et nous avons entendu sa voix du milieu du feu ; nous avons vu aujourd’hui qu’il est possible que Dieu parle aux hommes en les laissant en vie. 25 Mais maintenant, pourquoi nous exposerions-nous à la mort ? Ce terrible feu pourrait nous consumer ; et si nous continuons à entendre la voix de l’Eternel notre Dieu, nous risquons de mourir[h]. 26 Car est-il un seul homme au monde qui ait entendu comme nous la voix du Dieu vivant parlant du milieu du feu et qui soit resté en vie[i] ? 27 Va donc toi-même t’approcher ! Tu écouteras tout ce que dira l’Eternel notre Dieu, puis tu nous le répéteras. Nous l’écouterons et nous obéirons. »
28 L’Eternel entendit vos paroles pendant que vous me parliez, et il me dit : « J’ai entendu ce que t’a dit ce peuple et je l’approuve pleinement. 29 Si seulement ils pouvaient garder ces mêmes dispositions à me craindre et à suivre tous les jours tous mes commandements, afin qu’eux et leurs descendants soient heureux pour toujours. 30 Va leur dire : Retournez dans vos tentes ! 31 Quant à toi, reste ici avec moi, et je te communiquerai tous les commandements, les ordonnances et les lois que tu leur enseigneras, afin qu’ils y obéissent dans le pays que je leur donne en possession. »
32 Ayez donc soin de faire ce que l’Eternel votre Dieu vous a commandé, sans vous en détourner ni à droite ni à gauche. 33 Suivez exactement le chemin que l’Eternel votre Dieu vous a prescrit, et vous vivrez heureux et vous jouirez d’une longue vie dans le pays dont vous allez prendre possession.
Footnotes
- 5.2 Pour les v. 2-5, voir Ex 19.
- 5.6 Pour les v. 6-21, voir Ex 20.1-17.
- 5.16 Voir Mt 15.4 ; 19.19 ; Mc 7.10 ; Lc 18.20 ; Ep 6.2-3.
- 5.17 Voir Mt 5.21 ; Rm 13.9 ; Jc 2.11.
- 5.18 Voir Mt 5.27.
- 5.21 Voir Rm 7.7. Le Nouveau Testament cite souvent les v. 16-21.
- 5.22 Pour les v. 22-27, allusion en Hé 12.18-19.
- 5.25 Voir Ex 20.18-19.
- 5.26 Voir 4.33 ; Jg 13.22.
Deuteronomy 5
New International Version
The Ten Commandments(A)
5 Moses summoned all Israel and said:
Hear, Israel, the decrees and laws(B) I declare in your hearing today. Learn them and be sure to follow them. 2 The Lord our God made a covenant(C) with us at Horeb.(D) 3 It was not with our ancestors[a] that the Lord made this covenant, but with us,(E) with all of us who are alive here today.(F) 4 The Lord spoke(G) to you face to face(H) out of the fire(I) on the mountain. 5 (At that time I stood between(J) the Lord and you to declare to you the word of the Lord, because you were afraid(K) of the fire and did not go up the mountain.) And he said:
6 “I am the Lord your God, who brought you out of Egypt,(L) out of the land of slavery.(M)
7 “You shall have no other gods before[b] me.
8 “You shall not make for yourself an image in the form of anything in heaven above or on the earth beneath or in the waters below.(N) 9 You shall not bow down to them or worship them; for I, the Lord your God, am a jealous God, punishing the children for the sin of the parents(O) to the third and fourth generation of those who hate me,(P) 10 but showing love to a thousand(Q) generations of those who love me and keep my commandments.(R)
11 “You shall not misuse the name(S) of the Lord your God, for the Lord will not hold anyone guiltless who misuses his name.(T)
12 “Observe the Sabbath day by keeping it holy,(U) as the Lord your God has commanded you. 13 Six days you shall labor and do all your work, 14 but the seventh day(V) is a sabbath to the Lord your God. On it you shall not do any work, neither you, nor your son or daughter, nor your male or female servant,(W) nor your ox, your donkey or any of your animals, nor any foreigner residing in your towns, so that your male and female servants may rest, as you do.(X) 15 Remember that you were slaves(Y) in Egypt and that the Lord your God brought you out of there with a mighty hand(Z) and an outstretched arm.(AA) Therefore the Lord your God has commanded you to observe the Sabbath day.
16 “Honor your father(AB) and your mother,(AC) as the Lord your God has commanded you, so that you may live long(AD) and that it may go well with you in the land the Lord your God is giving you.
17 “You shall not murder.(AE)
18 “You shall not commit adultery.(AF)
19 “You shall not steal.(AG)
20 “You shall not give false testimony against your neighbor.(AH)
21 “You shall not covet your neighbor’s wife. You shall not set your desire on your neighbor’s house or land, his male or female servant, his ox or donkey, or anything that belongs to your neighbor.”(AI)
22 These are the commandments the Lord proclaimed in a loud voice to your whole assembly there on the mountain from out of the fire, the cloud and the deep darkness;(AJ) and he added nothing more. Then he wrote them on two stone tablets(AK) and gave them to me.
23 When you heard the voice out of the darkness, while the mountain was ablaze with fire, all the leaders of your tribes and your elders(AL) came to me. 24 And you said, “The Lord our God has shown us(AM) his glory and his majesty,(AN) and we have heard his voice from the fire. Today we have seen that a person can live even if God speaks with them.(AO) 25 But now, why should we die? This great fire will consume us, and we will die if we hear the voice of the Lord our God any longer.(AP) 26 For what mortal has ever heard the voice of the living God speaking out of fire, as we have, and survived?(AQ) 27 Go near and listen to all that the Lord our God says.(AR) Then tell us whatever the Lord our God tells you. We will listen and obey.”(AS)
28 The Lord heard you when you spoke to me, and the Lord said to me, “I have heard what this people said to you. Everything they said was good.(AT) 29 Oh, that their hearts would be inclined to fear me(AU) and keep all my commands(AV) always, so that it might go well with them and their children forever!(AW)
30 “Go, tell them to return to their tents. 31 But you stay here(AX) with me so that I may give you all the commands, decrees and laws you are to teach them to follow in the land I am giving them to possess.”
32 So be careful to do what the Lord your God has commanded you;(AY) do not turn aside to the right or to the left.(AZ) 33 Walk in obedience to all that the Lord your God has commanded you,(BA) so that you may live and prosper and prolong your days(BB) in the land that you will possess.
Footnotes
- Deuteronomy 5:3 Or not only with our parents
- Deuteronomy 5:7 Or besides
Deuteronomy 5
King James Version
5 And Moses called all Israel, and said unto them, Hear, O Israel, the statutes and judgments which I speak in your ears this day, that ye may learn them, and keep, and do them.
2 The Lord our God made a covenant with us in Horeb.
3 The Lord made not this covenant with our fathers, but with us, even us, who are all of us here alive this day.
4 The Lord talked with you face to face in the mount out of the midst of the fire,
5 (I stood between the Lord and you at that time, to shew you the word of the Lord: for ye were afraid by reason of the fire, and went not up into the mount;) saying,
6 I am the Lord thy God, which brought thee out of the land of Egypt, from the house of bondage.
7 Thou shalt have none other gods before me.
8 Thou shalt not make thee any graven image, or any likeness of any thing that is in heaven above, or that is in the earth beneath, or that is in the waters beneath the earth:
9 Thou shalt not bow down thyself unto them, nor serve them: for I the Lord thy God am a jealous God, visiting the iniquity of the fathers upon the children unto the third and fourth generation of them that hate me,
10 And shewing mercy unto thousands of them that love me and keep my commandments.
11 Thou shalt not take the name of the Lord thy God in vain: for the Lord will not hold him guiltless that taketh his name in vain.
12 Keep the sabbath day to sanctify it, as the Lord thy God hath commanded thee.
13 Six days thou shalt labour, and do all thy work:
14 But the seventh day is the sabbath of the Lord thy God: in it thou shalt not do any work, thou, nor thy son, nor thy daughter, nor thy manservant, nor thy maidservant, nor thine ox, nor thine ass, nor any of thy cattle, nor thy stranger that is within thy gates; that thy manservant and thy maidservant may rest as well as thou.
15 And remember that thou wast a servant in the land of Egypt, and that the Lord thy God brought thee out thence through a mighty hand and by a stretched out arm: therefore the Lord thy God commanded thee to keep the sabbath day.
16 Honour thy father and thy mother, as the Lord thy God hath commanded thee; that thy days may be prolonged, and that it may go well with thee, in the land which the Lord thy God giveth thee.
17 Thou shalt not kill.
18 Neither shalt thou commit adultery.
19 Neither shalt thou steal.
20 Neither shalt thou bear false witness against thy neighbour.
21 Neither shalt thou desire thy neighbour's wife, neither shalt thou covet thy neighbour's house, his field, or his manservant, or his maidservant, his ox, or his ass, or any thing that is thy neighbour's.
22 These words the Lord spake unto all your assembly in the mount out of the midst of the fire, of the cloud, and of the thick darkness, with a great voice: and he added no more. And he wrote them in two tables of stone, and delivered them unto me.
23 And it came to pass, when ye heard the voice out of the midst of the darkness, (for the mountain did burn with fire,) that ye came near unto me, even all the heads of your tribes, and your elders;
24 And ye said, Behold, the Lord our God hath shewed us his glory and his greatness, and we have heard his voice out of the midst of the fire: we have seen this day that God doth talk with man, and he liveth.
25 Now therefore why should we die? for this great fire will consume us: if we hear the voice of the Lord our God any more, then we shall die.
26 For who is there of all flesh, that hath heard the voice of the living God speaking out of the midst of the fire, as we have, and lived?
27 Go thou near, and hear all that the Lord our God shall say: and speak thou unto us all that the Lord our God shall speak unto thee; and we will hear it, and do it.
28 And the Lord heard the voice of your words, when ye spake unto me; and the Lord said unto me, I have heard the voice of the words of this people, which they have spoken unto thee: they have well said all that they have spoken.
29 O that there were such an heart in them, that they would fear me, and keep all my commandments always, that it might be well with them, and with their children for ever!
30 Go say to them, Get you into your tents again.
31 But as for thee, stand thou here by me, and I will speak unto thee all the commandments, and the statutes, and the judgments, which thou shalt teach them, that they may do them in the land which I give them to possess it.
32 Ye shall observe to do therefore as the Lord your God hath commanded you: ye shall not turn aside to the right hand or to the left.
33 Ye shall walk in all the ways which the Lord your God hath commanded you, that ye may live, and that it may be well with you, and that ye may prolong your days in the land which ye shall possess.
La Bible Du Semeur (The Bible of the Sower) Copyright © 1992, 1999 by Biblica, Inc.®
Used by permission. All rights reserved worldwide.
Holy Bible, New International Version®, NIV® Copyright ©1973, 1978, 1984, 2011 by Biblica, Inc.® Used by permission. All rights reserved worldwide.
NIV Reverse Interlinear Bible: English to Hebrew and English to Greek. Copyright © 2019 by Zondervan.
