Travay 13-14
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Banabas ak Sòl gen yon travay espesyal
13 Nan legliz Antyòch la, te gen kèk pwofèt ansanm ak moun ki t ap anseye fidèl yo. Moun sa yo se te Banabas, Simeyon (yo te rele l mesye ki nwa a), Liziyis, moun lavil Sirèn nan, Manayèn (ki te leve ansanm ak wa Ewòd[a]), ak Sòl. 2 Pandan mesye sa yo te reyini pou fè sèvis pou Senyè a, yo t ap fè jèn, Sentespri a di yo: “Mete Banabas ak Sòl apa pou mwen pou travay mwen rele yo pou yo fè a.”
3 Konsa, legliz la fè jèn epi yo priye. Apre sa, yo mete men sou tèt Banabas ak Sòl epi yo kite yo ale.
Banabas ak Sòl sou zile Chip
4 Sentespri a te voye Banabas ak Sòl. Yo pati ale nan vil Selesi. Pandan yo te Selesi, yo pran batiman pou y al nan zile Chip. 5 Lè Banabas ak Sòl rive nan vil Salamin, yo kòmanse preche Bòn Nouvèl Bondye a nan sinagòg Jwif yo. Yo te gen Jan Mak avèk yo pou ede yo.
6 Banabas ak Sòl te travèse tout zile a nèt jouk rive Pafòs. Rive yo rive Pafòs, yo rakontre yon majisyen yo te rele Bajezi. Bajezi sa a se te yon Jwif ki te vle fè tèt li pase pou yon pwofèt. 7 Li te yon pwòch Sèjiyis Polis ki te gouvènè zile a epi ki te yon nonm entèlijan tou. Sèjiyis te envite Banabas ak Sòl vin lakay li, paske li te anvi pou l tande Bòn Nouvèl Bondye a. 8 Men, majisyen an, Elimas (paske se non sa a li te genyen nan lang Grèk la), t ap kenbe tèt avèk yo. Li t ap chache detounen gouvènè a pou l pa t mete konfyans li nan Kris la. 9 Sòl limenm (yo te rele l Pòl tou) te fikse je l sou majisyen an, pandan l te anba pouvwa Sentespri a. 10 Pòl di: “Se pitit Satan w ye, kè w plen ak manti ak mechanste! Ou se lènmi tout sa ki bon. Jouk ki lè ou ap sispann fè verite Bondye a pase pou manti? 11 Kounye a, Bondye pral frape w. Ou ap avèg. Ou p ap wè limyè solèy la pandan kèk tan. Menm lè a, Elimas vin avèg. Tout bagay vin tou nwa devan je l. Li t ap vire kò l adwat agoch, ap chache yon moun ki pou kenbe men l, pou kondui l.”
12 Lè gouvènè zile a wè sa k te pase a, li vin kwè. Li te sezi anpil, lè l tande ansèyman mesye yo konsènan Senyè a.
Pòl ak Banabas ale nan Antyòch nan Pisidi
13 Pòl ak moun ki te avèk li yo pran batiman nan Pafòs pou ale nan vil Pèj, nan rejyon Panfili. Pandan yo nan Pèj, Jan Mak kite yo, li retounen Jerizalèm. 14 Lè yo kite Pèj, yo kontinye vwayaje pou ale Antyòch ki nan Pisidi. Nan jou repo a, yo antre nan Sinagòg la epi yo chita.
15 Apre yo fin li nan liv Lalwa Moyiz la ak nan liv pwofèt yo, lidè yo nan sinagòg la voye mande Pòl ak Banabas si yo ta gen yon bagay pou di pèp la pou ede l, yo ta mèt pran lapawòl.
16 Pòl leve kanpe, li fè yon jès ak men l pou atire atansyon moun yo epi li di: “Nou menm pèp Izrayèl ak nou menm ki pa jwif, men k ap sèvi Bondye tou, fè yon ti koute m tanpri. 17 Se Bondye pèp Izrayèl la ki te chwazi zansèt nou yo. Pandan yo t ap viv kòm etranje nan peyi Lejip, Bondye te fè yo vin anpil anpil. Apre sa, ak fòs ponyèt li, li fè yo soti kite peyi Lejip. 18 Bondye te pran pasyans avèk yo pandan karant (40) an nan dezè a. 19 Li detwi sèt nasyon nan tèritwa Kanaran an, epi l bay pèp li a tè yo kòm byen pa yo. 20 Tout bagay sa yo te rive pandan 450 ane konsa. Apre sa, Bondye ba yo plizyè jij pou dirije yo jouk rive nan tan pwofèt Samyèl.
21 Apre peryòd jij yo, pèp la vin mande pou yo gen yon wa, epi Bondye ba yo Sayil, pitit gason Kis la. Sayil te soti nan tribi Benjamen. Li te renye sou Izrayèl pandan karant (40) an. 22 Apre Bondye te fin rejte Sayil, li bay pèp la David kòm wa. Men sa Bondye limenm te di konsènan David: Mwen jwenn David, pitit gason Izayi a, yon nonm ki nan gou m. Li va fè tout sa mwen vle l fè.
23 Jan Bondye te pwomèt la, li voye Jezi, yon pitit pitit David, vin delivre pèp Izrayèl la. 24 Anvan menm Jezi te vini, Janbatis te pwoklame yon mesaj pou fè pèp la konnen sa pou yo fè. Li di tout pèp Iszrayèl la pou yo batize pou yo ka montre yo vle chanje lavi yo toutbon vre. 25 Lè Jan te prèske fini ak travay li te gen pou l akonpli a, li di pèp la: Ki moun nou panse m ye? Se pa mwen ki Mesi a,[b] sila a nou tout ap tann nan. Li menm, l ap vin apre m. Mwen pa menm kalifye pou m ta delase lasèt sandal li.
26 Frè m yo, nou menm pitit pitit Abraram, nou menm tou ki pa jwif, men ki gen krentif pou Bondye, Bondye voye fè nou konnen li vin delivre nou. 27 Jwif ki nan Jerizalèm yo ansanm ak tout lidè yo pa t reyalize se Jezi ki Sovè a. Malgre yo t ap li pawòl pwofèt yo te pwoklame yo chak jou saba, yo pa t konprann anyen ladan yo. Lè yo kondane Jezi, yo fè pawòl pwofèt tounen verite a. 28 Malgre yo pa t ka jwenn anyen ki pou ta fè Jezi merite lanmò, yo mande Pilat touye l kanmenm.
29 Jwif sa yo te fè tout move bagay Bib la te di ki t ap rive Jezi. Apre sa yo desann Jezi sou kwa a, epi yo mete l nan tonbo. 30 Men Bondye Papa a te resisite Jezi. 31 Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te soti Galile pou monte Jerizalèm avèk Jezi yo te wè li; Kounye a, se yo menm k ap temwanye rezireksyon l devan pèp la.
32 Nou menm, nou vin anonse nou Bòn Nouvèl konsènan pwomès Bondye te fè zansèt nou yo. 33 Nou menm, nou se pitit pitit yo, epi Bondye fè pwomès la reyalize pou nou lè li fè Jezi leve soti vivan lanmò a. Anplis, men sa ki ekri tou nan Sòm 2 nan Bib la:
Ou se pitit mwen.
Depi jodi a, se mwen menm ki papa w.(A)
34 Bondye te resisite Jezi pou l pa t janm pouri ankò. Se sa k fè Bondye te di:
M ap ba ou tout bon bagay
mwen te pwomèt David yo.(B)
35 Nan yon lòt pasaj, li ekri ankò:
Ou p ap kite moun ki apa pou ou a pouri anba tè.(C)
36 David li menm te fè volonte Bondye pandan tout lavi li. Apre sa, li mouri, yo antere l tankou tout zansèt li yo. Kò David pouri anba tè! 37 Men, sila a Bondye resisite a, li pa pouri anba tè. 38-39 Frè n yo, konprann byen sa n ap anonse nou an. Nou kapab jwenn padon pou peche nou yo nan Jezikris. Lalwa Moyiz la pa t ka delivre nou anba peche nou yo, men nou kapab jwenn padon pou peche nou epi ranje lavi nou avèk Bondye si sèlman nou kwè nan Jezi. 40 Kidonk, se pou n pran prekosyon pou bagay pwofèt yo te di a pa rive nou:
41 Gade non, nou menm ki gen dout nan kè nou,
nou gen pou n sezi, epi n ap mouri met sou li;
Paske pandan tan pa nou an la,
m pral fè yon bagay nou p ap kwè.
Nou pa t ap janm kwè l,
menmsi moun ta rakonte nou li!”(D)
42 Lè Pòl ak Banabas ap vire pou y ale, moun yo mande yo pou yo retounen nan pwochen jou repo a pou kontinye pale avèk yo sou tout bagay sa yo. 43 Apre reyinyon an nan Sinagòg la, anpil jwif ansanm ak moun lòt nasyon ki te vin konvèti nan relijyon Jwif yo te swiv Pòl ak Banabas. Pòl ak Banabas te sezi okazyon an pou ankouraje yo pou yo kontinye kenbe fèm nan gras Bondye a.
44 Nan pwochen repo a, prèske tout moun nan lavil la te rasanble pou yo tande pawòl Senyè a. 45 Lè Jwif yo wè tout moun sa yo te rasanble, yo vin gen anpil jalouzi nan kè yo. Yo tonbe ap demanti tout sa Pòl t ap di, epi yo tonbe joure. 46 Men, Pòl ak Banabas pa t kraponnen, yo di: “Nou te gen pou n pwoklame Bòn Nouvèl Bondye a bay nou menm jwif yo anvan, men nou refize tande l. Sa vle di nou pa konsidere tèt nou kòm moun ki bon ase pou n gen lavi etènèl la. Kidonk, kounye a nou pral kòmanse preche moun lòt nasyon yo. 47 Paske, men sa Senyè a menm te di nou:
Mwen mete w pou sèvi yon limyè pou lòt nasyon yo,
pou montre moun toupatou sou latè kijan pou yo sove.”(E)
48 Lè moun lòt nasyon yo tande Pòl di pawòl sa yo, sa te fè yo kontan anpil. Yo te tonbe fè lwanj pou Bòn Nouvèl Bondye a. Anpil nan yo te kwè, paske Bondye te gentan chwazi yo pou yo gen lavi etènèl la.
49 Konsa, mesaj Bòn Nouvèl Bondye a te preche nan tout peyi a. 50 Men, Jwif yo menm te monte tèt yon ekip gwo medam lavil la ki te konvèti nan relijyon yo a, ansanm ak lidè yo pou soulve yo kont Pòl ak Banabas. Yo tout te tonbe pèsekite Pòl ak Banabas epi yo chase yo mete deyò nan vil la. 51 Konsa, Pòl ak Banabas souke pousyè pye yo[c] sou moun yo, epi yo pati al nan vil Ikonyòm. 52 Disip nan vil Antyòch yo menm te gen anpil kè kontan epi Sentespri a te ranpli yo.
Pòl ak Banabas rive Ikonyòm
14 Pòl ak Banabas pati al nan Ikònyòm. Rive yo rive la, yo antre nan Sinagòg Jwif yo. Yo tèlman pale byen nan sinagòg yo, anpil Jwif ak anpil moun lòt nasyon te kwè nan mesaj yo t ap preche a. 2 Men, te gen nan Jwif yo ki pa t kwè. Yo monte tèt moun lòt nasyon yo pou fè yo fache epi pou yo ka leve kont kwayan yo.
3 Pòl ak Banabas rete Ikonyòm pandan yon bon bout tan ankò. Yo pwoklame mesaj konsènan favè Bondye a avèk anpil konviksyon. Senyè a bay Pòl ak Banabas pouvwa pou fè anpil bèl bagay ak anpil mirak pou l montre sa yo t ap anonse a se vre. 4 Sa te fè vil la te vin gen de kan ladan l. Yon gwoup te dakò mache nan lojik Jwif yo, lòt gwoup la menm te patizan apot yo.
5 Gen yon kolonn Jwif ki met ansanm ak lidè yo, avèk kèk moun lòt nasyon tou, pou yo ta fè yon jan ak Pòl ak Banabas, yo te vle touye yo ak kout wòch. 6 Lè Pòl ak Banabas aprann koze a, yo kite vil Ikonyòm. Yo lage kò yo nan vil Lis ak vil Dèb ki nan zòn Likawoni an ak kèk lòt kote nan anviwon an. 7 Yo pa t sispann anonse Bòn Nouvèl la tout kote sa yo nonplis.
Pòl ak Banabas nan List ak Dèb
8 Te gen yon nonm nan vil Lis ki te andikape. Li te fèt ak tou de pye l paralize. Li pa t janm konn mache nan vi l. 9 Nonm nan te chita ap tande Pòl k ap preche. Pòl fikse je l sou li, epi l wè nonm nan te kwè Bondye ta ka geri l. 10 Konsa, Pòl pale byen fò, li di nonm nan: Leve, kanpe dwat sou de pye w. Nonm nan fè sa l leve kanpe, epi l kòmanse mache nòmal.
11 Lè foul la wè sa Pòl te fè a, yo tonbe rele byen fò, nan pwòp lang yo pale nan Likawoni, yo di: “Mezanmi, men dye yo desann vin jwenn nou sou fòm moun.” 12 Moun yo tonbe rele Banabas Zeyis, epi yo rele Pòl Emès, paske se sitou Pòl ki te pale. 13 Tanp kote yo te konn adore Zeyis la te toupre lavil la. Konsa, prèt tanp lan vin nan baryè lavil la avèk kèk towo bèf ansanm ak flè pou yo menm ak foul la ofri sakrifis bay Pòl ak Banabas.
14 Men, lè apot yo, Banabas ak Pòl, vin konprann sa foul la t ap chache fè a, yo chire rad sou yo.[d] Yo kouri nan mitan foul la, yo leve vwa yo, yo di: 15 Mezanmi, sa n ap fè konsa? Se moun nou ye menm jan avèk nou. Nou sèlman vin isit la pou n anonse nou Bòn Nouvèl la. Nou vin di nou pou n vire do nou kite tout zidòl sa yo ki pa vo anyen. Tounen vin jwenn vrè Bondye vivan an pito, li menm ki kreye syèl la, tè a, lanmè a ak tout sa ki ladan yo.
16 Nan tan lontan, Bondye te kite tout nasyon yo viv jan lide yo te di yo. 17 Men Bondye te toujou la ap fè anpil bon bagay pou montre li reyèl. Li ban nou lapli ki sot nan syèl la ansanm ak bon rekòt selon sezon yo. Li ban manje an kantite epi li ranpli kè nou ak lajwa.
18 Pòl ak Banabas te toujou gen anpil difikilte pou anpeche foul la ofri sakrifis ba yo, malgre tout pawòl sa yo.
19 Apre sa, yon ekip Jwif vin rive soti Antyòch nan Pisidi ak Ikonyòm. Yo pran tèt pèp la pou fè yo leve kont Pòl. Konsa, moun yo kalonnen Pòl ak kout wòch epi yo trennen l mete deyò lavil la. Yo panse l te gentan mouri. 20 Men, lè kwayan yo vin rasanble toutotou l kote l te ye a, li leve kanpe epi l tounen antre nan vil la. Nan demen, li pati ansanm ak Banabas, y ale lavil Dèb.
Pòl ak Banabas retounen Antyòch nan Siri
21 Pòl ak Banabas preche Bòn Nouvèl la nan lavil Dèb tou, epi anpil moun te aksepte swiv Jezikris. Apre sa, yo retounen pase nan vil Lis, nan Ikonyòm ak nan vil Antyòch nan Pisidi. 22 Pòl ak Banabas fòtifye kwayan yo nan tout vil sa yo, yo ankouraje yo pou yo kontinye kenbe lafwa yo fèm nan Bondye. Yo di disip yo: “Nou gen pou n sibi anpil pèsekisyon pandan nou sou wout pou n antre nan Wayòm Bondye a.” 23 Pòl ak Banabas chwazi moun ki pou sèvi kòm lidè nan chak legliz yo. Apre yo fin pase yon tan ap fè jèn epi priye pou lidè sa yo, yo remèt yo nan men Senyè a yo te mete konfyans nan li a.
24 Lè yo fin i, Pòl ak Banabas travèse tout peyi Pisidi a epi yo rive Panfili. 25 Pandan yo te la, yo preche mesaj Bòn Nouvèl Bondye a nan vil Pèj epi yo desann Atali. 26 Se nan Atali yo pran batiman pou ale Antyòch nan Siri. Antyòch ki nan Siri a, se kote kwayan yo te remèt yo nan men Bondye pou yo tal fè menm travay yo sot fè a.
27 Lè yo rive Antyòch, Pòl ak Banabas rasanble tout legliz la. Yo rakonte legliz la tout sa Bondye te pèmèt yo fè. Yo di yo: “Bondye louvri yon pòt pou moun lòt nasyon yo kapab kwè tou.” 28 Apre sa, yo pase yon bon bout tan avèk disip yo nan vil Antyòch.
Footnotes
- 13:1 wa Ewòd Literalman, “Ewòd tetrak la”. Gade Ewòd nan Lis Mo yo.
- 13:25 Mesi a Literalman, “I” (sa a se, “li” oubyen “moun nan”), sa vle di moun Bondye chwazi epi li voye a. Konpare ak Jan 1:20. Gade Mesi nan Lis Mo yo.
- 13:51 souke pousyè pye yo Se yon avètisman ki endike yo sispann preche levanjil nan vil sa a.
- 14:14 chire rad sou yo Yon fason pou montre jan yo te fache kont sa k t ap fèt la.
Acts 13-14
New International Version
13 1 Now in the church at Antioch(A) there were prophets(B) and teachers:(C) Barnabas,(D) Simeon called Niger, Lucius of Cyrene,(E) Manaen (who had been brought up with Herod(F) the tetrarch) and Saul. 2 While they were worshiping the Lord and fasting, the Holy Spirit said,(G) “Set apart for me Barnabas and Saul for the work(H) to which I have called them.”(I) 3 So after they had fasted and prayed, they placed their hands on them(J) and sent them off.(K)
On Cyprus
4 The two of them, sent on their way by the Holy Spirit,(L) went down to Seleucia and sailed from there to Cyprus.(M) 5 When they arrived at Salamis, they proclaimed the word of God(N) in the Jewish synagogues.(O) John(P) was with them as their helper.
6 They traveled through the whole island until they came to Paphos. There they met a Jewish sorcerer(Q) and false prophet(R) named Bar-Jesus, 7 who was an attendant of the proconsul,(S) Sergius Paulus. The proconsul, an intelligent man, sent for Barnabas and Saul because he wanted to hear the word of God. 8 But Elymas the sorcerer(T) (for that is what his name means) opposed them and tried to turn the proconsul(U) from the faith.(V) 9 Then Saul, who was also called Paul, filled with the Holy Spirit,(W) looked straight at Elymas and said, 10 “You are a child of the devil(X) and an enemy of everything that is right! You are full of all kinds of deceit and trickery. Will you never stop perverting the right ways of the Lord?(Y) 11 Now the hand of the Lord is against you.(Z) You are going to be blind for a time, not even able to see the light of the sun.”(AA)
Immediately mist and darkness came over him, and he groped about, seeking someone to lead him by the hand. 12 When the proconsul(AB) saw what had happened, he believed, for he was amazed at the teaching about the Lord.
In Pisidian Antioch
13 From Paphos,(AC) Paul and his companions sailed to Perga in Pamphylia,(AD) where John(AE) left them to return to Jerusalem. 14 From Perga they went on to Pisidian Antioch.(AF) On the Sabbath(AG) they entered the synagogue(AH) and sat down. 15 After the reading from the Law(AI) and the Prophets, the leaders of the synagogue sent word to them, saying, “Brothers, if you have a word of exhortation for the people, please speak.”
16 Standing up, Paul motioned with his hand(AJ) and said: “Fellow Israelites and you Gentiles who worship God, listen to me! 17 The God of the people of Israel chose our ancestors; he made the people prosper during their stay in Egypt; with mighty power he led them out of that country;(AK) 18 for about forty years he endured their conduct[a](AL) in the wilderness;(AM) 19 and he overthrew seven nations in Canaan,(AN) giving their land to his people(AO) as their inheritance.(AP) 20 All this took about 450 years.
“After this, God gave them judges(AQ) until the time of Samuel the prophet.(AR) 21 Then the people asked for a king,(AS) and he gave them Saul(AT) son of Kish, of the tribe of Benjamin,(AU) who ruled forty years. 22 After removing Saul,(AV) he made David their king.(AW) God testified concerning him: ‘I have found David son of Jesse, a man after my own heart;(AX) he will do everything I want him to do.’(AY)
23 “From this man’s descendants(AZ) God has brought to Israel the Savior(BA) Jesus,(BB) as he promised.(BC) 24 Before the coming of Jesus, John preached repentance and baptism to all the people of Israel.(BD) 25 As John was completing his work,(BE) he said: ‘Who do you suppose I am? I am not the one you are looking for.(BF) But there is one coming after me whose sandals I am not worthy to untie.’(BG)
26 “Fellow children of Abraham(BH) and you God-fearing Gentiles, it is to us that this message of salvation(BI) has been sent. 27 The people of Jerusalem and their rulers did not recognize Jesus,(BJ) yet in condemning him they fulfilled the words of the prophets(BK) that are read every Sabbath. 28 Though they found no proper ground for a death sentence, they asked Pilate to have him executed.(BL) 29 When they had carried out all that was written about him,(BM) they took him down from the cross(BN) and laid him in a tomb.(BO) 30 But God raised him from the dead,(BP) 31 and for many days he was seen by those who had traveled with him from Galilee to Jerusalem.(BQ) They are now his witnesses(BR) to our people.
32 “We tell you the good news:(BS) What God promised our ancestors(BT) 33 he has fulfilled for us, their children, by raising up Jesus.(BU) As it is written in the second Psalm:
34 God raised him from the dead so that he will never be subject to decay. As God has said,
35 So it is also stated elsewhere:
36 “Now when David had served God’s purpose in his own generation, he fell asleep;(BY) he was buried with his ancestors(BZ) and his body decayed. 37 But the one whom God raised from the dead(CA) did not see decay.
38 “Therefore, my friends, I want you to know that through Jesus the forgiveness of sins is proclaimed to you.(CB) 39 Through him everyone who believes(CC) is set free from every sin, a justification you were not able to obtain under the law of Moses.(CD) 40 Take care that what the prophets have said does not happen to you:
41 “‘Look, you scoffers,
wonder and perish,
for I am going to do something in your days
that you would never believe,
even if someone told you.’[e]”(CE)
42 As Paul and Barnabas were leaving the synagogue,(CF) the people invited them to speak further about these things on the next Sabbath. 43 When the congregation was dismissed, many of the Jews and devout converts to Judaism followed Paul and Barnabas, who talked with them and urged them to continue in the grace of God.(CG)
44 On the next Sabbath almost the whole city gathered to hear the word of the Lord. 45 When the Jews saw the crowds, they were filled with jealousy. They began to contradict what Paul was saying(CH) and heaped abuse(CI) on him.
46 Then Paul and Barnabas answered them boldly: “We had to speak the word of God to you first.(CJ) Since you reject it and do not consider yourselves worthy of eternal life, we now turn to the Gentiles.(CK) 47 For this is what the Lord has commanded us:
“‘I have made you[f] a light for the Gentiles,(CL)
that you[g] may bring salvation to the ends of the earth.’[h]”(CM)
48 When the Gentiles heard this, they were glad and honored the word of the Lord;(CN) and all who were appointed for eternal life believed.
49 The word of the Lord(CO) spread through the whole region. 50 But the Jewish leaders incited the God-fearing women of high standing and the leading men of the city. They stirred up persecution against Paul and Barnabas, and expelled them from their region.(CP) 51 So they shook the dust off their feet(CQ) as a warning to them and went to Iconium.(CR) 52 And the disciples(CS) were filled with joy and with the Holy Spirit.(CT)
In Iconium
14 At Iconium(CU) Paul and Barnabas went as usual into the Jewish synagogue.(CV) There they spoke so effectively that a great number(CW) of Jews and Greeks believed. 2 But the Jews who refused to believe stirred up the other Gentiles and poisoned their minds against the brothers.(CX) 3 So Paul and Barnabas spent considerable time there, speaking boldly(CY) for the Lord, who confirmed the message of his grace by enabling them to perform signs and wonders.(CZ) 4 The people of the city were divided; some sided with the Jews, others with the apostles.(DA) 5 There was a plot afoot among both Gentiles and Jews,(DB) together with their leaders, to mistreat them and stone them.(DC) 6 But they found out about it and fled(DD) to the Lycaonian cities of Lystra and Derbe and to the surrounding country, 7 where they continued to preach(DE) the gospel.(DF)
In Lystra and Derbe
8 In Lystra there sat a man who was lame. He had been that way from birth(DG) and had never walked. 9 He listened to Paul as he was speaking. Paul looked directly at him, saw that he had faith to be healed(DH) 10 and called out, “Stand up on your feet!”(DI) At that, the man jumped up and began to walk.(DJ)
11 When the crowd saw what Paul had done, they shouted in the Lycaonian language, “The gods have come down to us in human form!”(DK) 12 Barnabas they called Zeus, and Paul they called Hermes because he was the chief speaker.(DL) 13 The priest of Zeus, whose temple was just outside the city, brought bulls and wreaths to the city gates because he and the crowd wanted to offer sacrifices to them.
14 But when the apostles Barnabas and Paul heard of this, they tore their clothes(DM) and rushed out into the crowd, shouting: 15 “Friends, why are you doing this? We too are only human,(DN) like you. We are bringing you good news,(DO) telling you to turn from these worthless things(DP) to the living God,(DQ) who made the heavens and the earth(DR) and the sea and everything in them.(DS) 16 In the past, he let(DT) all nations go their own way.(DU) 17 Yet he has not left himself without testimony:(DV) He has shown kindness by giving you rain from heaven and crops in their seasons;(DW) he provides you with plenty of food and fills your hearts with joy.”(DX) 18 Even with these words, they had difficulty keeping the crowd from sacrificing to them.
19 Then some Jews(DY) came from Antioch and Iconium(DZ) and won the crowd over. They stoned Paul(EA) and dragged him outside the city, thinking he was dead. 20 But after the disciples(EB) had gathered around him, he got up and went back into the city. The next day he and Barnabas left for Derbe.
The Return to Antioch in Syria
21 They preached the gospel(EC) in that city and won a large number(ED) of disciples. Then they returned to Lystra, Iconium(EE) and Antioch, 22 strengthening the disciples and encouraging them to remain true to the faith.(EF) “We must go through many hardships(EG) to enter the kingdom of God,” they said. 23 Paul and Barnabas appointed elders[i](EH) for them in each church and, with prayer and fasting,(EI) committed them to the Lord,(EJ) in whom they had put their trust. 24 After going through Pisidia, they came into Pamphylia,(EK) 25 and when they had preached the word in Perga, they went down to Attalia.
26 From Attalia they sailed back to Antioch,(EL) where they had been committed to the grace of God(EM) for the work they had now completed.(EN) 27 On arriving there, they gathered the church together and reported all that God had done through them(EO) and how he had opened a door(EP) of faith to the Gentiles. 28 And they stayed there a long time with the disciples.(EQ)
Footnotes
- Acts 13:18 Some manuscripts he cared for them
- Acts 13:33 Psalm 2:7
- Acts 13:34 Isaiah 55:3
- Acts 13:35 Psalm 16:10 (see Septuagint)
- Acts 13:41 Hab. 1:5
- Acts 13:47 The Greek is singular.
- Acts 13:47 The Greek is singular.
- Acts 13:47 Isaiah 49:6
- Acts 14:23 Or Barnabas ordained elders; or Barnabas had elders elected
Copyright © 2017 by Bible League International
Holy Bible, New International Version®, NIV® Copyright ©1973, 1978, 1984, 2011 by Biblica, Inc.® Used by permission. All rights reserved worldwide.
NIV Reverse Interlinear Bible: English to Hebrew and English to Greek. Copyright © 2019 by Zondervan.
