Add parallel Print Page Options

13 Konsa yo va soufri. Se konsa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont.

14 Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon.[a]

15 Fo doktè yo kite bon chemen an, yo pèdi. Yo pran menm wout ak Balaam, pitit Bozò a. Li te renmen fè yo peye l pou l fè sa ki mal.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:14 anba malediksyon Literalman, “pitit modi”, sa vle di Bondye gen pou pini yo.