Add parallel Print Page Options

Fo doktè yo

Nan tan pase, te gen fo pwofèt nan mitan pèp Bondye a. Se menm bagay la ki pral rive nou. Nou pral genyen kèk fo doktè nan gwoup nou yo. Yo pral ansenye bagay ki fo, yon bann bagay k ap mennen moun sou chemen destriksyon. Epi fò n entèlijan pou n rive wè sa y ap di a pa bon nan jan yo ansenye a. Yo menm ap rive pa swiv Senyè a ki te sove yo. Epi se konsa y ap detwi pwòp tèt yo. Anpil moun pral swiv yo nan fè sa k pa bon. Epi yo menm ak lòt moun pral pase chemen verite a nan betiz. Fo doktè sa yo, se lajan ase yo vle fè. Poutèt sa, y ap sèvi avè n epi rakonte nou yon bann istwa ki pa verite a. Pou moun sa yo, jijman yo pare lontan deja, kondanasyon yo p ap dòmi.

Paske, menm zanj nan syèl la ki te peche, Bondye pa t kite yo ale san l pa t pini yo, li voye yo nan lanfè etènèl. Li mete yo nan prizon fènwa pou tann jou jijman yo.

Bondye pa t epanye pèp mechan yo ki t ap viv nan tan lontan. Li voye yon gwo lavalas dlo pou detwi pèp ki te kont li yo. Men li te sove Noye ansanm ak sèt lòt moun. Noye se te yon moun ki t ap preche pou moun viv yon fason ki dwat.

Bondye te pini vil Sodòm ak Gomò yo tou. Li boule yo tout tounen sann. Li fè vil sa yo sèvi egzanp pou sa k gen pou rive pèp ki kont Bondye yo. Poutan Bondye sove Lo, nonm jis la, ki t ap gade ak tristès jan pèp yo t ap viv nan imoralite. Nonm lavi dwat sa a t ap viv nan mitan pèp mechan yo chak jou. Kè l te tris pou l wè epi tande bann move zak yo t ap komèt.

Konsa, nou wè, Bondye konnen kijan pou l prezève moun ki fè lwanj pou li yo. L ap sove yo anba latwoublay yo. Epi Bondye ap kenbe mechan yo pou l ka pini yo nan jou jijman an. 10 Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.[a]

11 Poutan, zanj yo ki gen plis puisans epi ki pi fò pase lèzòm, yo pa janm akize yo nan prezans Senyè a. 12 Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo. 13 Konsa yo va soufri. Se konsa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont.

14 Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon.[b]

15 Fo doktè yo kite bon chemen an, yo pèdi. Yo pran menm wout ak Balaam, pitit Bozò a. Li te renmen fè yo peye l pou l fè sa ki mal. 16 Men se te yon bourik ki te di l sa l t ap fè a pa bon. Yon bourik pa konn pale, se vre, men bourik sa a pale ak yon vwa moun epi li frennen pwofèt la nan zak foli li t apral komèt la.

17 Fo pwofèt sa yo, se tankou sous ki pa gen dlo. Yo tankou nyaj gwo van ap pouse. Gen yon plas ki rezève pou yo kote ki fènwa anpil la. 18 Y ap fè gwo diskou plen ak yon bann gwo mo ki pa menm gen sans. Se konsa y al jwenn moun ki te fenk fin vire do bay lavi peche yo t ap mennen epi yo fè yo retounen nan peche ankò. Pou yo rive fè sa, yo sèvi ak move bagay moun renmen fè nan feblès lachè yo, bagay ki fè moun wont. 19 Fo doktè sa yo ap pwomèt moun liberasyon, poutan yo menm, yon bann plezi peche domine yo epi fè yo vin esklav.

20 Moun ki konnen Jezikri, Senyè ak Sovè nou an, moun sa yo vire do bay move enfliyans lemonn. Men si yo retounen nan menm move bagay sa yo, yo ka tonbe anba kontwòl yo ankò. Lè sa a, sitiyasyon yo vin pi mal pase anvan. 21 Yo konnen bon chemen an, men yo vire do bay kòmandman Bondye yo te aprann yo. Nan ka sa a, li ta pi bon pou yo pa t janm konn chemen sa a. 22 Kounye a, sa k rive yo a montre sa pwovèb la di a se vre: “Chen an manje sa l fin vomi a ankò”[c] epi tou “kochon yo fenk fin benyen an tounen al woule nan m a labou ankò.”

Footnotes

  1. 2:10 kreyati ki gen anpil glwa Literalman, “glwa yo”. Sa ta sanble yon kalite kreyati tankou zanj yo.
  2. 2:14 anba malediksyon Literalman, “pitit modi”, sa vle di Bondye gen pou pini yo.
  3. 2:22 Sitasyon sa a soti nan Pwo 26:11.