Add parallel Print Page Options

12 Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo. 13 Konsa yo va soufri. Se konsa y ap jwenn sa yo merite pou sa yo te fè. Se yon plezi pou yo, lè yo komèt move zak deprave gwo lajounen. Lè y ap manje ansanm avè nou, yo pran plezi yo nan bay manti. Prezans yo bay moun kè plen, prezans yo fè moun wont.

14 Je yo ap gade toupatou kote yon fi ap soti. Yo toujou anvi komèt peche konsa. Yo atire moun ki fèb pou fè yo tonbe nan peche. Se yon bann moun ki gen lanbisyon pou lajan. Yo anba malediksyon.[a]

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:14 anba malediksyon Literalman, “pitit modi”, sa vle di Bondye gen pou pini yo.