Add parallel Print Page Options

10 Pinisyon sa a se pou moun ki toujou ap swiv move dezi feblès lèzòm nan lachè yo, pou moun ki rayi otorite Bondye. Yo fè sa yo vle, epi yo gen fyète pou pwòp tèt yo. Yo pa pè anyen, yo pa menm pè di move pawòl kont kreyati ki gen anpil glwa.[a]

11 Poutan, zanj yo ki gen plis puisans epi ki pi fò pase lèzòm, yo pa janm akize yo nan prezans Senyè a. 12 Men fo doktè sa yo, yo di move pawòl sou bagay yo pa konnen. Yo sanble ak zannimo ki pa gen bon konprann, ki pran nan pyèj yo pare pou touye yo. Y ap peri nan pye travay yo.

Read full chapter

Footnotes

  1. 2:10 kreyati ki gen anpil glwa Literalman, “glwa yo”. Sa ta sanble yon kalite kreyati tankou zanj yo.