Lik 4
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Satan tante Jezi
(Mat 4:1-11; Mak 1:12-13)
4 Sentespri a te ranpli Jezi, lè l te retounen soti nan rivyè Jouden an. Apre sa, Sentespri a te mennen l nan dezè a. 2 Pandan l te nan dezè a, Satan tante Jezi pandan karant jou (40). Kòm li pa t manje anyen ditou pandan tan sa a, lè peryòd tantasyon an te fin i, li te vin grangou anpil.
3 Satan di Jezi konsa: “Si ou se pitit Bondye toutbon vre, di wòch sa a pou l tounen pen.”
4 Jezi reponn li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Lavi lòm pa depann sèlman de pen.”(A)
5 Apre sa, san pèdi tan, Satan gentan pran Jezi l ap montre l tout wayòm yo sou latè. 6 Satan di Jezi konsa: “M ap ba ou tout otorite sou tout wayòm sa yo ak tout laglwa yo. Paske yo remèt mwen tout bagay sa yo. Mwen ka bay yo a nenpòt moun mwen vle. 7 Kidonk, si ou mete ajenou devan m ou adore m, m ap ba ou tout bagay sa yo.” 8 Lè sa a, Jezi reponn, li di li: “Men sa ki ekri nan Bib la: Ou va adore Senyè Bondye ou. Se li menm sèlman ou dwe sèvi.”(B)
9 Apre sa, Satan mennen Jezi nan Jerizalèm. Li mete l kanpe sou pwent tèt tanp lan epi li di Jezi: “Si w se pitit Bondye toutbon vre, lage kò w anba, 10 paske men sa ki ekri nan Bib la:
L ap bay zanj li yo
yo lòd pou yo veye sou ou.
11 Nan men yo, pye w
p ap frape nan wòch.”(C)
12 Lè sa a Jezi reponn li: “Men sa Bib la di: Ou pa dwe tante Senyè Bondye w.”(D)
13 Lè dyab la te fin tante Jezi nan tout sans, li pati kite li pou jouktan l ta jwenn yon lòt okazyon ankò.
Jezi kòmanse ministè li nan Galile
(Mat 4:12-17; Mak 1:14-15)
14 Jezi retounen nan Galile, anba pouvwa Sentespri a. Nan tout rejyon alantou Galile a, moun yo t ap pale sou li. 15 Li te kòmanse anseye nan tout sinagòg yo nan zòn nan, epi tout moun yo t ap fè lwanj pou li.
Jezi ale nan vil kote l te grandi
(Mat 13:53-58; Mak 6:1-6)
16 Apre sa, Jezi ale Nazarèt, nan ti vil kote li te grandi a. Jan l te gen abitid fè a, nan jou repo a, li antre nan yon sinagòg, epi li kanpe pou fè lekti a. 17 Yo te ba li liv pwofèt Ezayi a, epi li louvri li nan kote pawòl sa yo ekri a:
18 “Lespri Senyè a sou mwen.
Li chwazi m pou m anonse pòv yo bòn nouvèl la.
Li voye m vin di prizonye yo, yo libere,
pou m di avèg yo yo kapab wè ankò.
Pou m libere moun k ap sibi opresyon yo.
19 Epi pou m anonse lè a rive
pou Bondye montre konpasyon li.”(E)
20 Jezi fèmen liv la. Li remèt li bay sekretè a, epi li chita. Kòm tout je moun yo nan sinagòg la te fikse sou li, 21 Li kòmanse pale ak yo konsa: “Jodi a, pandan nou t ap tande m ap li pawòl sa yo ki soti nan Bib la, yo akonpli!”
22 Tout moun yo t ap pale byen de li. Yo te sezi tande bèl pawòl ki t ap soti nan bouch li yo. Epi yo t ap di: “Sa a se pa pitit gason Jozèf la?”
23 Epi li di yo: “M konnen nou pral di m pwovèb sa a: Doktè, geri tèt ou. Tout bagay nou te tande ou t ap fè nan Kapènawòm yo se pou fè yo tou isit la ki se lakay ou.” 24 Men li di yo: “An verite, m ap di nou sa, yon pwofèt pa janm jwenn bon akèy nan peyi li.
25 M ap di nou sa tou, te gen anpil vèv nan peyi Izrayèl nan tan pwofèt Eli. Men lè syèl la te fèmen pandan twa zan si mwa, epi te gen yon gwo grangou tonbe nan tout peyi a, 26 Bondye pa t voye Eli lakay youn nan yo. Okontrè, se lakay yon vèv nan Sarepta, nan zòn Sidon Bondye te voye li.
27 Nan tan pwofèt Elize tou, te gen anpil moun nan Izrayèl ki te gen maladi lalèp. Menm youn ladan yo pa t jwenn gerizon nan men li. Se sèl Naaman, moun peyi Siri a, ki te jwenn gerizon.”
28 Tout moun yo nan sinagòg la te vin ankòlè lè yo tande Jezi ap di pawòl sa yo. 29 Yo leve, yo pouse l mete deyò lavil la. Yo mennen li sou tèt mòn kote lavil la te bati a toutespre pou yo te ka lage l anba. 30 Jezi menm pase tou dwat nan mitan foul la, li chape poul li.
Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri
(Mak 1:21-28)
31 Li desann ale lavil Kapènawòm, yon vil nan rejyon Galile. Etan la, li te t ap anseye moun yo nan jou repo a. 32 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye, paske li t ap pale tankou moun ki gen otorite sou sa li t ap di yo.
33 Te gen yon nonm nan sinagòg la ki te gen yon move lespri sou li. Li tonbe kriye byen fò. 34 Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a. 35 Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” Movèzespri a sakaje misye a, epi li soti sou nonm nan, san li pa t fè l okenn mal.
36 Tout moun yo te etone. Yo te pran pale youn ak lòt, yo t ap di: Sa k ap pase kon sa a? Ak otorite ak puisans Jezi, pase move lespri yo lòd epi yo sòti. 37 Konsa, pawòl la te gaye nan tout vil ak vilaj yo nan rejyon an.
Jezi geri bèlmè Simon Pyè a
(Mat 8:14-15; Mak 1:29-31)
38 Jezi menm te leve kite sinagòg la, li ale lakay Simon.[a] Bèlmè Simon t ap soufri ak yon gwo lafyèv, epi yo te mande Jezi pou fè kichòy pou li. 39 Jezi te kanpe kote malad la, li pase lafyèv la lòd, epi lafyèv la tonbe. La pou la, madanm nan leve epi li resevwa yo.
Jezi geri yon bann lòt malad
(Mat 8:16-17; Mak 1:32-34)
40 Pandan solèy t ap kouche, yo mennen tout malad ki t ap soufri ak tout kalite maladi, bay Jezi. Li te poze men l sou yo, youn pa youn epi li te geri yo. 41 Te gen anpil denmon tou ki t ap soti sou anpil moun. Yo t ap kriye byen fò, yo t ap di: “Se pitit Bondye ou ye.” Men Jezi te reprimande yo. Li pa t ba yo pèmisyon pou yo pale, paske yo te konnen se Kris la li ye.
Jezi ale nan lòt vilaj yo
(Mak 1:35-39)
42 Nan demen, Jezi kite kote l te ye a, li ale nan yon kote ki dezole. Foul la menm t ap chache li. Lè yo te jwenn li, yo t ap chache kwense li pou yo te ka anpeche l ale kite yo. 43 Men, li di yo: “Fòk m al anonse (bòn nouvèl) wayòm Bondye a nan lòt vil yo tou, paske se pou sa menm Bondye te voye m.”
44 Se kon sa li te mache bay mesaj la nan sinagòg yo nan rejyon Jide a.
Footnotes
- 4:38 Simon Lòt non Simon an se te Pyè. Menm bagay nan 5:3, 4, 5, 10.
Luke 4
King James Version
4 And Jesus being full of the Holy Ghost returned from Jordan, and was led by the Spirit into the wilderness,
2 Being forty days tempted of the devil. And in those days he did eat nothing: and when they were ended, he afterward hungered.
3 And the devil said unto him, If thou be the Son of God, command this stone that it be made bread.
4 And Jesus answered him, saying, It is written, That man shall not live by bread alone, but by every word of God.
5 And the devil, taking him up into an high mountain, shewed unto him all the kingdoms of the world in a moment of time.
6 And the devil said unto him, All this power will I give thee, and the glory of them: for that is delivered unto me; and to whomsoever I will I give it.
7 If thou therefore wilt worship me, all shall be thine.
8 And Jesus answered and said unto him, Get thee behind me, Satan: for it is written, Thou shalt worship the Lord thy God, and him only shalt thou serve.
9 And he brought him to Jerusalem, and set him on a pinnacle of the temple, and said unto him, If thou be the Son of God, cast thyself down from hence:
10 For it is written, He shall give his angels charge over thee, to keep thee:
11 And in their hands they shall bear thee up, lest at any time thou dash thy foot against a stone.
12 And Jesus answering said unto him, It is said, Thou shalt not tempt the Lord thy God.
13 And when the devil had ended all the temptation, he departed from him for a season.
14 And Jesus returned in the power of the Spirit into Galilee: and there went out a fame of him through all the region round about.
15 And he taught in their synagogues, being glorified of all.
16 And he came to Nazareth, where he had been brought up: and, as his custom was, he went into the synagogue on the sabbath day, and stood up for to read.
17 And there was delivered unto him the book of the prophet Esaias. And when he had opened the book, he found the place where it was written,
18 The Spirit of the Lord is upon me, because he hath anointed me to preach the gospel to the poor; he hath sent me to heal the brokenhearted, to preach deliverance to the captives, and recovering of sight to the blind, to set at liberty them that are bruised,
19 To preach the acceptable year of the Lord.
20 And he closed the book, and he gave it again to the minister, and sat down. And the eyes of all them that were in the synagogue were fastened on him.
21 And he began to say unto them, This day is this scripture fulfilled in your ears.
22 And all bare him witness, and wondered at the gracious words which proceeded out of his mouth. And they said, Is not this Joseph's son?
23 And he said unto them, Ye will surely say unto me this proverb, Physician, heal thyself: whatsoever we have heard done in Capernaum, do also here in thy country.
24 And he said, Verily I say unto you, No prophet is accepted in his own country.
25 But I tell you of a truth, many widows were in Israel in the days of Elias, when the heaven was shut up three years and six months, when great famine was throughout all the land;
26 But unto none of them was Elias sent, save unto Sarepta, a city of Sidon, unto a woman that was a widow.
27 And many lepers were in Israel in the time of Eliseus the prophet; and none of them was cleansed, saving Naaman the Syrian.
28 And all they in the synagogue, when they heard these things, were filled with wrath,
29 And rose up, and thrust him out of the city, and led him unto the brow of the hill whereon their city was built, that they might cast him down headlong.
30 But he passing through the midst of them went his way,
31 And came down to Capernaum, a city of Galilee, and taught them on the sabbath days.
32 And they were astonished at his doctrine: for his word was with power.
33 And in the synagogue there was a man, which had a spirit of an unclean devil, and cried out with a loud voice,
34 Saying, Let us alone; what have we to do with thee, thou Jesus of Nazareth? art thou come to destroy us? I know thee who thou art; the Holy One of God.
35 And Jesus rebuked him, saying, Hold thy peace, and come out of him. And when the devil had thrown him in the midst, he came out of him, and hurt him not.
36 And they were all amazed, and spake among themselves, saying, What a word is this! for with authority and power he commandeth the unclean spirits, and they come out.
37 And the fame of him went out into every place of the country round about.
38 And he arose out of the synagogue, and entered into Simon's house. And Simon's wife's mother was taken with a great fever; and they besought him for her.
39 And he stood over her, and rebuked the fever; and it left her: and immediately she arose and ministered unto them.
40 Now when the sun was setting, all they that had any sick with divers diseases brought them unto him; and he laid his hands on every one of them, and healed them.
41 And devils also came out of many, crying out, and saying, Thou art Christ the Son of God. And he rebuking them suffered them not to speak: for they knew that he was Christ.
42 And when it was day, he departed and went into a desert place: and the people sought him, and came unto him, and stayed him, that he should not depart from them.
43 And he said unto them, I must preach the kingdom of God to other cities also: for therefore am I sent.
44 And he preached in the synagogues of Galilee.
Luke 4
New King James Version
Satan Tempts Jesus(A)
4 Then (B)Jesus, being filled with the Holy Spirit, returned from the Jordan and (C)was led by the Spirit [a]into the wilderness, 2 being [b]tempted for forty days by the devil. And (D)in those days He ate nothing, and afterward, when they had ended, He was hungry.
3 And the devil said to Him, “If You are (E)the Son of God, command this stone to become bread.”
4 But Jesus answered him, saying, “It is written, (F)‘Man shall not live by bread alone, [c]but by every word of God.’ ”
5 [d]Then the devil, taking Him up on a high mountain, showed Him all the kingdoms of the world in a moment of time. 6 And the devil said to Him, “All this authority I will give You, and their glory; for (G)this has been delivered to me, and I give it to whomever I wish. 7 Therefore, if You will worship before me, all will be Yours.”
8 And Jesus answered and said to him, [e]“Get behind Me, Satan! [f]For it is written, (H)‘You shall worship the Lord your God, and Him only you shall serve.’ ”
9 (I)Then he brought Him to Jerusalem, set Him on the pinnacle of the temple, and said to Him, “If You are the Son of God, throw Yourself down from here. 10 For it is written:
(J)‘He shall give His angels charge over you,
To keep you,’
11 and,
(K)‘In their hands they shall bear you up,
Lest you dash your foot against a stone.’ ”
12 And Jesus answered and said to him, “It has been said, (L)‘You shall not [g]tempt the Lord your God.’ ”
13 Now when the devil had ended every [h]temptation, he departed from Him (M)until an opportune time.
Jesus Begins His Galilean Ministry(N)
14 (O)Then Jesus returned (P)in the power of the Spirit to (Q)Galilee, and (R)news of Him went out through all the surrounding region. 15 And He (S)taught in their synagogues, (T)being glorified by all.
Jesus Rejected at Nazareth(U)
16 So He came to (V)Nazareth, where He had been brought up. And as His custom was, (W)He went into the synagogue on the Sabbath day, and stood up to read. 17 And He was handed the book of the prophet Isaiah. And when He had opened the book, He found the place where it was written:
18 “The(X) Spirit of the Lord is upon Me,
Because He has anointed Me
To preach the gospel to the poor;
He has sent Me [i]to heal the brokenhearted,
To proclaim liberty to the captives
And recovery of sight to the blind,
To (Y)set at liberty those who are [j]oppressed;
19 To proclaim the acceptable year of the Lord.”
20 Then He closed the book, and gave it back to the attendant and sat down. And the eyes of all who were in the synagogue were fixed on Him. 21 And He began to say to them, “Today this Scripture is (Z)fulfilled in your hearing.” 22 So all bore witness to Him, and (AA)marveled at the gracious words which proceeded out of His mouth. And they said, (AB)“Is this not Joseph’s son?”
23 He said to them, “You will surely say this proverb to Me, ‘Physician, heal yourself! Whatever we have heard done in (AC)Capernaum,[k] do also here in (AD)Your country.’ ” 24 Then He said, “Assuredly, I say to you, no (AE)prophet is accepted in his own country. 25 But I tell you truly, (AF)many widows were in Israel in the days of Elijah, when the heaven was shut up three years and six months, and there was a great famine throughout all the land; 26 but to none of them was Elijah sent except to [l]Zarephath, in the region of Sidon, to a woman who was a widow. 27 (AG)And many lepers were in Israel in the time of Elisha the prophet, and none of them was cleansed except Naaman the Syrian.”
28 So all those in the synagogue, when they heard these things, were (AH)filled with [m]wrath, 29 (AI)and rose up and thrust Him out of the city; and they led Him to the brow of the hill on which their city was built, that they might throw Him down over the cliff. 30 Then (AJ)passing through the midst of them, He went His way.
Jesus Casts Out an Unclean Spirit(AK)
31 Then (AL)He went down to Capernaum, a city of Galilee, and was teaching them on the Sabbaths. 32 And they were (AM)astonished at His teaching, (AN)for His word was with authority. 33 (AO)Now in the synagogue there was a man who had a spirit of an unclean demon. And he cried out with a loud voice, 34 saying, “Let us alone! What have we to do with You, Jesus of Nazareth? Did You come to destroy us? (AP)I know who You are—(AQ)the Holy One of God!”
35 But Jesus rebuked him, saying, [n]“Be quiet, and come out of him!” And when the demon had thrown him in their midst, it came out of him and did not hurt him. 36 Then they were all amazed and spoke among themselves, saying, “What a word this is! For with authority and power He commands the unclean spirits, and they come out.” 37 And the report about Him went out into every place in the surrounding region.
Peter’s Mother-in-Law Healed(AR)
38 (AS)Now He arose from the synagogue and entered Simon’s house. But Simon’s wife’s mother was [o]sick with a high fever, and they (AT)made request of Him concerning her. 39 So He stood over her and (AU)rebuked the fever, and it left her. And immediately she arose and served them.
Many Healed After Sabbath Sunset(AV)
40 (AW)When the sun was setting, all those who had any that were sick with various diseases brought them to Him; and He laid His hands on every one of them and healed them. 41 (AX)And demons also came out of many, crying out and saying, (AY)“You are [p]the Christ, the Son of God!”
And He, (AZ)rebuking them, did not allow them to [q]speak, for they knew that He was the Christ.
Jesus Preaches in Galilee(BA)
42 (BB)Now when it was day, He departed and went into a deserted place. And the crowd sought Him and came to Him, and tried to keep Him from leaving them; 43 but He said to them, “I must (BC)preach the kingdom of God to the other cities also, because for this purpose I have been sent.” 44 (BD)And He was preaching in the synagogues of [r]Galilee.
Footnotes
- Luke 4:1 NU in
- Luke 4:2 tested
- Luke 4:4 NU omits but by every word of God
- Luke 4:5 NU And taking Him up, he showed Him
- Luke 4:8 NU omits Get behind Me, Satan
- Luke 4:8 NU, M omit For
- Luke 4:12 test
- Luke 4:13 testing
- Luke 4:18 NU omits to heal the brokenhearted
- Luke 4:18 downtrodden
- Luke 4:23 NU Capharnaum, here and elsewhere
- Luke 4:26 Gr. Sarepta
- Luke 4:28 rage
- Luke 4:35 Lit. Be muzzled
- Luke 4:38 afflicted with
- Luke 4:41 NU omits the Christ
- Luke 4:41 Or say that they knew
- Luke 4:44 NU Judea
Copyright © 2017 by Bible League International
Scripture taken from the New King James Version®. Copyright © 1982 by Thomas Nelson. Used by permission. All rights reserved.
