Add parallel Print Page Options

Jezi geri yon nonm ki te anba puisans move lespri

(Lik 4:31-37)

21 Jezi ak disip li yo te ale lavil Kapènawòm. Konsa, lè pwochen jou saba a te rive, Jezi te ale nan reyinyon nan sinagòg la, epi li kòmanse anseye moun ki te la yo.[a] 22 Pèp la pa t manke sezi pou tande kijan l t ap anseye. Jezi pa t anseye menm jan ak pwofesè lalwa yo, paske li te anseye avèk otorite. 23 Menm lè sa a, te gen yon nonm ki te gen yon move lespri sou li, nan sinagòg la. Li te pran krye byen fò: 24 “Jezi moun Nazarèt, Ey, kisa ki genyen ant nou menm avèk ou, Jezi, moun Nazarèt la? Èske ou vin pou detwi nou? Mwen konnen ki lès ou ye, moun ki apa pou Bondye a!”

25 Jezi pale byen rèd ak lespri a, li di l: “Fèmen bouch ou, retire kò w sou misye a!” 26 Movèzespri a sakaje misye a. Li pouse yon gwo kri epi li sòti sou misye a.

27 Tout moun te sezi wè sa ki te rive a, epi yo te komanse ap fè gwo diskisyon ant yo menm, youn t ap di lòt: “Sa k ap pase la a? Nonm sa a vini ak yon nouvo ansèyman ki mache avèk otorite. Li menm pase move lespri yo lòd epi yo oblije obeyi l.” 28 Sa ou tande a, nouvèl la gaye nèt nan tout rejyon Galile a.

Read full chapter

Footnotes

  1. 1:21 moun ki te la yo Se te yon gwoup moun ki te reyini la, swa pou prye, swa pou etidye Lèzekriti oubyen pou pale sou zafè kominote a. Se yon kote nan anpil vil, Jwif yo te konn reyini pou regle de bagay konsa.