Ebre 8:8-12
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
8 Men Bondye te jwenn gen bagay ki pa t bon lakay pèp la. Bondye di:
“SENYÈ a deklare, jou yo pa lwen rive
pou mwen fè pèp Izrayèl la ak pèp Jida a yon nouvo pwomès.
9 Li p ap menm jan ak pwomès mwen te fè zansèt yo,
lè m te kondui yo pou fè yo soti nan peyi Lejip.
Poutèt yo pa t onore pwomès mwen te fè ak yo a,
mwen te vire do ba yo.
10 SENYÈ a ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè
pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo.
M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo,
m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo.
Se mwen menm k ap Bondye yo,
epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.
11 Okenn moun p ap bezwen anseye vwazen li
oswa yon manm fanmi l pou yo konnen Senyè a.
Paske tout moun nèt ap konnen mwen,
soti nan pi piti pou m rive nan pi gran.
12 M ap padone fot yo,
epi m ap bliye peche yo.”(A)
Copyright © 2017 by Bible League International