Menu
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
account
Finding your way around? See how the new Bible Gateway works. Take the tour.
Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo
Study resources + Scripture = deeper understanding.
  • Read
    • Reading Plans
    • Advanced Search
    • Available Versions
    • Audio Bibles
  • Study
    • Scripture Engagement
    • More Resources
  • News
  • Explore
    • Newsletters
    • Devotionals
    • Bible Gateway App
    • Bible Audio App
    • Take a Tour
  • Store
    • Bibles
    • Deals
    • More
  • Bible Gateway Plus
VKF
Version
Bible Books Bible Books
VKF
Version
Read
Study
News
Explore
Store
Bible Gateway Plus
Light Mode Dark Mode
Font Size
Log In show menu
Previous Next
Print PrintSettingsSettingsShare ShareParallelParallelExpandExpandCollapse

Ebre 8  Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil

Jezi se granprèt nou

8 Pwen ki pi enpòtan nan tout sa n ap di nou la, se paske se kalite granprèt sa a nou genyen. Li chita nan plas donè a, adwat[a] twòn laglwa Bondye ki nan syèl la. 2 L ap jwe wòl granprèt li nan Kote ki pi Sen[b] an, nan vrè Tabènak ki nan syèl la. Se Bondye menm ki fè sa, se pa lèzòm.

3 Tout granprèt etabli pou ofri don ak sakrifis bay Bondye. Konsa, fòk granprèt nou an gen yon bagay pou l ofri tou. 4 Si granprèt nou an te sou latè, li pa t ap ka prèt. Mwen di sa, paske gen prèt deja sou latè k ap ofri don egzakteman jan lalwa mande sa. 5 An reyalite, travay prèt sa yo ap fè, se tankou kopi ak lonbraj sa ki nan syèl la. Se sa k fè, men sa Bondye te di Moyiz lè li t ap bati Tabènak la: “Fè sèten ou fè tout bagay egzakteman selon modèl mwen te montre w sou mòn nan.”(A) 6 Jezi li menm gen yon travay ki pi enpòtan. Li rann yon nouvo akò posib ant Bondye ak pèp li a. Akò sa pi bon paske li chita sou anpil pwomès ki pi bon.

7 Si tout bagay te anfòm nèt ak premye akò a, dezyèm akò a pa t ap nesesè. 8 Men Bondye te jwenn gen bagay ki pa t bon lakay pèp la. Bondye di:

“SENYÈ a deklare, jou yo pa lwen rive
    pou mwen fè pèp Izrayèl la ak pèp Jida a yon nouvo pwomès.
9 Li p ap menm jan ak pwomès mwen te fè zansèt yo,
    lè m te kondui yo pou fè yo soti nan peyi Lejip.
Poutèt yo pa t onore pwomès mwen te fè ak yo a,
    mwen te vire do ba yo.
10 SENYÈ a ajoute: Men nouvo pwomès mwen pral fè
    pèp Izrayèl la, nan jou ki pa twò lwen yo.
M ap enskri prensip mwen yo nan lespri yo,
    m ap ekri lwa mwen yo sou kè yo.
Se mwen menm k ap Bondye yo,
    epi yo menm, yo va tounen yon pèp ki rele m chèmèt chèmètrès.
11 Okenn moun p ap bezwen anseye vwazen li
    oswa yon manm fanmi l pou yo konnen Senyè a.
Paske tout moun nèt ap konnen mwen,
    soti nan pi piti pou m rive nan pi gran.
12 M ap padone fot yo,
    epi m ap bliye peche yo.”(B)

13 Lè Bondye di l ap fè yon nouvo kontra, li fè premye a tounen yon ansyen kontra. Bagay ki ansyen moun p ap sèvi ankò pa lwen disparèt.

Footnotes

  1. 8:1 adwat Pozisyon onè ak otorite (pouvwa).
  2. 8:2 Kote ki pi Sen Literalman, “pi sen pase tout lòt yo”, se plas espesyal ki konsakre pou adorasyon ak jwisans prezans Bondye. Te gen pati espesyal nan Tabènak Ansyen Testaman an ki te reprezante kote ki pi sen an.

Cross references

  1. 8:5 : Egz 25:40.
  2. 8:8-12 : Jer 31:31-34.
Next
Ebre 7
Ebre 9
Next
dropdown
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF)

Copyright © 2017 by Bible League International

Bible Gateway Plus logo
Bible Gateway logo

Font Size

Font Size

Dark Mode

Light Mode Dark Mode

About

  • About
  • Learn About the Bible
  • Statement of Faith
  • Mobile App
  • Store
  • Blog
  • Newsroom
  • Support Us

Help

  • FAQs
  • Tutorials
  • Use Bible Gateway on Your Site
  • Advertise with us
  • Contact us
  • Privacy policy
  • California Privacy Rights
  • Do Not Sell My Personal Information
  • Site: Terms of use
  • Widget: Terms of use

Our Network

  • FaithGateway
  • StudyGateway
  • ChurchSource
  • HarperCollins Christian Publishing
  • Grupo Nelson
  • Editorial Vida
  • Thomas Nelson
  • WestBow Press
  • Zondervan
  • MasterLectures

Social

  • Facebook
  • Instagram
  • Pinterest
  • TikTok
  • X
  • YouTube

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway
Sign Up for Bible Gateway: News & Knowledge
Get weekly Bible news, info, reflections, and deals in your inbox.

By submitting your email address, you understand that you will receive email communications from Bible Gateway, operated by HarperCollins Christian Publishing, 501 Nelson Pl, Nashville, TN 37214 USA, including commercial communications and messages from partners of Bible Gateway. You may unsubscribe from Bible Gateway’s emails at any time. If you have any questions, please review our Privacy Policy or email us at privacy@biblegateway.com.

Preferences

  • Versión en español
  • Preferences
  • Classic Bible Gateway