Jan 11:45-53
Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil
Plan pou touye Jezi
(Mat 26:1-5; Mak 14:1-2; Lik 22:1-2)
45 Anpil nan Jwif sa yo, ki te vin wè Mari epi ki te wè sa Jezi te fè a, te kwè nan li. 46 Men gen kèk nan yo ki te al jwenn Farizyen yo epi ki rakonte yo sa Jezi te fè. 47 Chèf prèt yo ak Farizyen yo te reyini Gran Konsèy la, epi yo di: “Ki sa n ta fè? Paske nonm sa a fè yon bann mirak. 48 Si nou kite l kontinye konsa, tout moun ap kwè nan li, epi Women yo ap vin detwi ni tanp lan ni nasyon nou an.”
49 Youn nan yo, yo te rele Kayif, se te Chèf prèt nan lane sa a, li di: “Nou pa konprann anyen! 50 Nou pa wè nou gen plis avantaj pou yon sèl moun mouri pou pèp la, olye pou tout nasyon an peri.”
51 Se pa t poukont li li te di pawòl sa yo, men kòm li te Chèf prèt ane sa a, se yon pwofesi li te fè, kòmkwa Jezi te dwe mouri pou tout nasyon an. 52 Epi se pa t pou nasyon Jwif la sèlman, men pou l te kapab gwoupe tout pitit Bondye yo toupatou sou latè ansanm kòm yon sèl fanmi tou.
53 Depi jou sa a, yo te fè konplo pou touye Jezi.
Read full chapter
Jan 11:45-53
Haitian Creole Version
45 ¶ Nan jwif ki te vin kay Mari yo epi ki te wè sa Jezi te fè a, anpil te kwè nan li.
46 Men, gen ladan yo ki al jwenn farizyen yo. Yo rakonte yo sa Jezi te fè.
47 Farizyen yo menm ansanm ak chèf prèt yo reyini Gran Konsèy la. Yo mande: Kisa n'ap fè? Nonm sa a ap fè anpil mirak.
48 Si nou pa fè l' sispann, tout moun pral kwè nan li. Talè konsa, otorite women yo va antre nan koze a, y'a detwi ni tanp nou an ni peyi nou an.
49 Te gen yonn ladan yo ki te rele Kayif. Se li menm ki te granprèt pou lanne a. Li di yo: Gen lè nou pa konprann anyen!
50 Nou pa wè li pi bon pou nou si yon sèl moun mouri pou pèp la. Konsa tout peyi a va sove.
51 (Kayif pa te di sa konsa non. Men, li te granprèt pou lanne a, konsa li t'ap fè konnen davans ki jan Jezi te dwe mouri pou tout jwif ki nan peyi a.
52 Epi, pa sèlman pou jwif yo, men tou pou l' te sanble tout pitit Bondye ki gaye yo nan yon sèl kò.)
53 Se depi jou sa a otorite jwif yo pran desizyon pou yo touye Jezi.
Read full chapterCopyright © 2017 by Bible League International