Yon lòt zanj vin kanpe toupre lotèl la, li te gen yon lansanswa an lò nan men li. Yo ba l' anpil lansan pou l' te ofri bay Bondye ansanm ak lapriyè pèp Bondye a, sou lotèl an lò ki te devan fòtèy la.
Te gen yon lòt anj ki te vini, li te kanpe bò lotèl la. Li te gen yon ansanswa nan men l. Yo te ba li yon pil lansan pou l fè ofrann pou akonpanye rekèt priyè moun ki apa pou Bondye yo. Anj lan depoze ofrann nan sou lotèl an ò a ki devan twòn nan.