Nasyon yo te move anpil, paske lè a rive, ou pral fè wè kòlè ou. Tout moun mouri yo pral pase anba jijman. Lè a rive, ou pral bay pwofèt yo, sèvitè ou yo, rekonpans yo, ansanm ak tout moun ki pou ou yo epi ki gen krentif pou ou, piti kou gran. Wi, lè a rive pou ou detwi moun k'ap detwi latè a!
Nasyon yo te an kòlè, men kounye a, kòlè pa w rive. Kounye a, jou jijman mò yo rive. Lè a rive pou rekonpanse sèvitè w yo, pwofèt yo, pou rekonpanse moun ki apa pou ou yo, ansanm ak sa yo ki gen krentif pou non ou yo, piti kou gran. Lè a rive pou ou detwi moun sa yo ki t ap detwi latè yo!”