Mwen gade, mwen wè yon chwal koulè vèt. Moun ki te moute l' la te rele lanmò. Moun ki kanpe pou kote mò yo ye a t'ap mache dèyè li. Yo ba yo pouvwa sou yon ka (1/4) latè a, pou yo touye moun ak nepe, ak grangou, ak maladi, ak bèt nan bwa ki sou latè.
Lè sa a, m gade, m wè yon chwal koulè vèt pal. Kavalye a rele lanmò, epi plas pou resevwa mò yo t ap swiv li. Yo te bay kavalye a, ansanm ak plas pou resevwa mò yo, pouvwa sou yon ka nan latè, pou yo touye moun yo ak nepe, ak grangou, ak epidemi maladi epi ak tout kalite bèt sovaj.