Pèseptè kontribisyon an menm te rete dèyè, li pa t' menm gen kouraj leve je l' nan syèl; li t'ap bat lestonmak li, li t'ap di: Bondye, gen pitye pou mwen ki fè anpil peche.
Pèseptè kontribisyon an te kanpe apa tou a yon distans. Men, lè l ap lapriyè, li pa menm vle leve tèt li gade syèl la. Li t ap bat lestomak li, li t ap di: O Bondye, gen pitye pou mwen. Mwen fè anpil peche!