Jak 1:27
Print
Men jan pou nou sèvi Bondye Papa a, si nou vle sèvi l' yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki bon tout bon devan li: SE pòte sekou bay timoun ki san papa. Se bay vèv yo lasistans lè yo nan lafliksyon. Se pa mele nan move bagay k'ap fèt sou latè pou nou pa pèdi kondisyon nou.
Adorasyon Bondye vle a, men li: Pran swen òfelen yo ak vèv yo ki nan bezwen epi kenbe tèt ou pou w pa tonbe anba enfliyans mond lan. Se bon jan adorasyon konsa Bondye aksepte.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International