Filip 1:27
Print
¶ Sèl bagay ki konsekan se pou nou viv yon jan ki konfòm ak bon nouvèl Kris la. Konsa, mwen ta mèt rive vin wè nou, mwen ta mèt pa kapab, se pou m' tande jan n'ap kenbe fèm, jan n'ap viv ansanm yonn ak lòt. Se pou m' tande jan n'ap mennen batay la ansanm pou defann konfyans bon nouvèl la fè nou gen nan Bondye.
Men, kèlkeswa sitiyasyon an, se pou n viv yon fason ki konfòm ak Levanjil Jezikri a. Konsa, kit mwen retounen wè nou, kit mwen pa vini, mwen ta renmen tande bon temwanyaj sou nou, epi m ap konnen n ap mennen yon konba ansanm pou lafwa nou jwenn nan Levanjil la.
Haitian Creole Version (HCV) by United Bible Societies; Nouvo Testaman: Vèsyon Kreyòl Fasil (VKF) Copyright © 2017 by Bible League International